< Sòm 116 >

1 Mwen renmen SENYÈ a, paske Li tande vwa m, avèk siplikasyon mwen yo.
I love Yahweh, because he listens to my voice, and my cries for mercy.
2 Akoz Li te panche zòrèy Li bò kote m, pou sa, mwen va rele non Li pandan tout tan ke m viv.
Because he has turned his ear to me, therefore I will call on him as long as I live.
3 Kòd lanmò yo te antoure m, e laperèz fòs lanmò te vini sou mwen. Mwen te jwenn twoub ak gwo tristès. (Sheol h7585)
The cords of death surrounded me, the pains of Sheol got a hold of me. I found trouble and sorrow. (Sheol h7585)
4 Alò, mwen te rele non SENYÈ a. O SENYÈ, mwen sipliye Ou, sove lavi mwen!
Then I called on Yahweh’s name: “Yahweh, I beg you, deliver my soul.”
5 Ranpli ak gras ak ladwati, se SENYÈ a. Wi, Bondye nou an plen ak mizerikòd.
Yahweh is gracious and righteous. Yes, our God is merciful.
6 SENYÈ a toujou pwoteje moun senp yo. Mwen te abese mwen nèt e Li te sove mwen.
Yahweh preserves the simple. I was brought low, and he saved me.
7 Reprann repo ou, O nanm mwen, paske Bondye te aji nan bonte Li avèk ou.
Return to your rest, my soul, for Yahweh has dealt bountifully with you.
8 Paske Ou te delivre nanm mwen devan lanmò, zye m pou m pa kriye, pye m pou m pa glise tonbe.
For you have delivered my soul from death, my eyes from tears, and my feet from falling.
9 Mwen va mache devan SENYÈ a nan peyi moun vivan an.
I will walk before Yahweh in the land of the living.
10 Mwen te kwè, pou sa mwen te di: “Mwen te vrèman aflije.”
I believed, therefore I said, “I was greatly afflicted.”
11 Mwen te di nan mitan gwo twoub mwen yo: “Tout moun se mantè”.
I said in my haste, “All people are liars.”
12 Kisa mwen kapab bay a SENYÈ a Pou tout bonte Li anvè mwen?
What will I give to Yahweh for all his benefits toward me?
13 Mwen va leve wo koup sali a, e rele non SENYÈ a.
I will take the cup of salvation, and call on Yahweh’s name.
14 Mwen va peye tout ve mwen yo anvè SENYÈ a. Wi, nan prezans tout pèp Li a!
I will pay my vows to Yahweh, yes, in the presence of all his people.
15 Byen chè nan zye SENYÈ a, se lanmò a fidèl Li yo.
Precious in Yahweh’s sight is the death of his saints.
16 O SENYÈ, anverite, mwen se sèvitè Ou. Mwen se sèvitè Ou, fis a sèvant Ou an. Ou fin lache kòd mwen yo.
Yahweh, truly I am your servant. I am your servant, the son of your servant girl. You have freed me from my chains.
17 A Ou menm, mwen va ofri yon sakrifis remèsiman, e va rele sou non SENYÈ a.
I will offer to you the sacrifice of thanksgiving, and will call on Yahweh’s name.
18 Mwen va peye ve mwen yo a SENYÈ a. Wi, kite l fèt nan prezans a tout pèp Li a!
I will pay my vows to Yahweh, yes, in the presence of all his people,
19 Nan lakou lakay SENYÈ a, nan mitan nou menm, O Jérusalem, Louwe SENYÈ a!
in the courts of Yahweh’s house, in the middle of you, Jerusalem. Praise Yah!

< Sòm 116 >