< Sòm 113 >

1 Louwe SENYÈ a! Louwe, O sèvitè a SENYÈ yo, Louwe non SENYÈ a. 2 Beni se non SENYÈ a, soti nan tan sa a e jis pou tout tan. 3 Depi solèy leve jiskaske li kouche, non SENYÈ a dwe louwe. 4 SENYÈ a wo, anwo tout nasyon yo! Glwa Li pi wo syèl yo! 5 Se kilès ki tankou SENYÈ a, Bondye nou an, Ki sou twòn Li anwo a, 6 ki abese tèt Li pou gade tout bagay ki nan syèl yo ak sou latè yo? 7 Li fè malere a leve sòti nan pousyè a e leve endijan an sòti nan pil sann nan, 8 pou fè yo chita avèk prens yo. Menm avèk prens a pèp Li yo. 9 Li fè fanm steril la vin rete nan kay kon yon manman pitit ak kè kontan. Louwe SENYÈ a!

< Sòm 113 >