< Sòm 111 >

1 Louwe SENYÈ a! Mwen va bay lwanj a SENYÈ a ak tout kè m, Ansanm ak moun ladwati yo ak nan asanble a. 2 Gran se zèv a SENYÈ yo! Yo etidye pa tout moun ki pran plezi nan yo. 3 Ranpli ak bèlte avèk majeste se zèv Li yo. Ladwati Li dire jis pou tout tan. 4 Li te fè mèvèy Li yo pou nou sonje nèt. SENYÈ a ranpli ak gras avèk mizerikòd. 5 Li te bay manje a (sila) ki gen lakrent Li yo. Li va sonje akò Li a jis pou tout tan. 6 Li te fè pèp Li wè pouvwa a a zèv Li yo, lè L te bay yo nasyon yo kòn eritaj. 7 Zèv men Li yo se verite avèk jistis. Tout prensip Li yo vrè. 8 Yo va andire jis pou tout tan. Yo fèt nan verite avèk ladwati. 9 Li te voye delivrans a pèp Li a. Li te òdone akò Li a jis pou tout tan. Sen e mèvèye, se non Li. 10 Lakrent SENYÈ a se kòmansman sajès. Tout (sila) ki fè kòmandman Li yo gen bon konprann. Lwanj Li dire jis pou tout tan!

< Sòm 111 >