< Sòm 11 >

1 Pou direktè koral la; yon sòm David Se nan SENYÈ a ke m kache. Kijan ou kapab di a nanm mwen: “Sove ale kon yon zwazo nan mòn ou; 2 Paske, gade byen, mechan yo koube banza, Yo fè flèch yo parèt sou kòd la, pou tire nan fènwa sou (sila) ak kè ki dwat yo. 3 Si fondasyon yo vin detwi, se kisa moun dwat yo kab fè?” 4 SENYÈ a nan sen tanp Li an. SENYÈ a sou twon Li nan syèl la. Zye Li veye. Pòpyè zye Li sonde fis a lòm yo. 5 SENYÈ a sonde (sila) ki jis yo avèk (sila) ki mechan yo; men (sila) ki renmen vyolans, Li rayi nan kè L. 6 Sou mechan yo, Li va voye chabon cho tankou lapli; dife avèk souf avèk chabon brile va mele nan bwason yo. 7 Paske Bondye dwat. Li renmen ladwati. (Sila) ki kanpe dwat yo va wè figi Li.

< Sòm 11 >