< Sòm 109 >

1 Pou direktè koral la; Yon Sòm David O Bondye lwanj mwen an, pa rete an silans!
למנצח לדוד מזמור אלהי תהלתי אל תחרש׃
2 Paske yo te ouvri bouch desepsyon ak mechanste a kont mwen. Yo te pale kont mwen avèk yon lang k ap manti.
כי פי רשע ופי מרמה עלי פתחו דברו אתי לשון שקר׃
3 Anplis, yo te antoure mwen avèk pawòl ki plen rayisman E yo te goumen kont mwen san koz.
ודברי שנאה סבבוני וילחמוני חנם׃
4 An echanj pou lanmou m, yo te aji kon akizatè mwen; men mwen toujou ap priye.
תחת אהבתי ישטנוני ואני תפלה׃
5 Konsa, yo te rekonpanse mwen mal pou byen ak rayisman pou lanmou m.
וישימו עלי רעה תחת טובה ושנאה תחת אהבתי׃
6 Plase yon nonm mechan sou li e kite yon akizatè kanpe sou men dwat Li.
הפקד עליו רשע ושטן יעמד על ימינו׃
7 Lè l fin jije, kite li sòti koupab e kite lapriyè li devni peche.
בהשפטו יצא רשע ותפלתו תהיה לחטאה׃
8 Kite jou li yo vin mwens. Kite yon lòt moun pran pozisyon li.
יהיו ימיו מעטים פקדתו יקח אחר׃
9 Kite pitit li yo rete san papa, e kite madanm li vin vèv.
יהיו בניו יתומים ואשתו אלמנה׃
10 Kite pitit li yo mache egare, e mande nan lari. Kite yo chache yo nan kay kraze a kote yo rete.
ונוע ינועו בניו ושאלו ודרשו מחרבותיהם׃
11 Kite moun li dwe, sezi tout sa li posede e etranje yo piyaje tout sa li pwodwi.
ינקש נושה לכל אשר לו ויבזו זרים יגיעו׃
12 Kite l rive ke nanpwen moun ki pou ofri li lanmou dous, Ni okenn moun ki pou fè gras a òfelen li yo.
אל יהי לו משך חסד ואל יהי חונן ליתומיו׃
13 Kite desandan li yo koupe retire nèt. Nan jenerasyon ki swiv yo, kite non yo efase nèt.
יהי אחריתו להכרית בדור אחר ימח שמם׃
14 Kite inikite a papa zansèt li yo vin sonje devan SENYÈ a, E pa kite peche a manman l yo vin efase.
יזכר עון אבתיו אל יהוה וחטאת אמו אל תמח׃
15 Kite yo devan SENYÈ a tout tan pou L koupe retire memwa yo sou latè,
יהיו נגד יהוה תמיד ויכרת מארץ זכרם׃
16 akoz li pa t sonje montre lanmou dous, men te pèsekite e te aflije malere a, ak (sila) ki dekouraje nan kè l la, pou l mete yo a lanmò.
יען אשר לא זכר עשות חסד וירדף איש עני ואביון ונכאה לבב למותת׃
17 Anplis, li te renmen bay madichon. Konsa, madichon an te retounen sou li. Li pa t renmen beni. Konsa, sa te rete lwen l.
ויאהב קללה ותבואהו ולא חפץ בברכה ותרחק ממנו׃
18 Men li te abiye li menm ak madichon tankou vètman, e sa te fonse nan kò l tankou dlo, tankou lwil, sa rive nan zo li.
וילבש קללה כמדו ותבא כמים בקרבו וכשמן בעצמותיו׃
19 Kite sa rive li tankou yon vètman k ap sèvi pou kouvri kò l, paske sentiwon sa a ap toujou mare l.
תהי לו כבגד יעטה ולמזח תמיד יחגרה׃
20 Kite SENYÈ a bay sa kon rekonpans akizatè mwen yo, ak (sila) ki pale mal kont nanm mwen yo.
זאת פעלת שטני מאת יהוה והדברים רע על נפשי׃
21 Men Ou menm, O Bondye, SENYÈ a, aji dousman avè m pou koz a non Ou. Akoz lanmou dous Ou a bon, delivre m,
ואתה יהוה אדני עשה אתי למען שמך כי טוב חסדך הצילני׃
22 paske mwen aflije e malere. Kè m blese anndan m.
כי עני ואביון אנכי ולבי חלל בקרבי׃
23 Mwen ap pase tankou yon lonbraj ki vin long. Mwen souke retire tankou krikèt volan.
כצל כנטותו נהלכתי ננערתי כארבה׃
24 Jenou m vin fèb nan fè jèn e chè m vin mèg, san grès.
ברכי כשלו מצום ובשרי כחש משמן׃
25 Mwen menm, anplis, te vin yon repwòch a yo menm. Lè yo wè m, yo souke tèt yo.
ואני הייתי חרפה להם יראוני יניעון ראשם׃
26 Fè m sekou, O SENYÈ, Bondye mwen an. Sove mwen selon lanmou dous Ou a.
עזרני יהוה אלהי הושיעני כחסדך׃
27 Konsa, ya konnen ke sa te fèt pa men Ou, ke se Ou menm, SENYÈ a, ki te fè l.
וידעו כי ידך זאת אתה יהוה עשיתה׃
28 Kite yo menm bay madichon sou mwen, men pou Ou menm, bay benediksyon. Lè yo leve, yo va wont, men sèvitè Ou a va fè kè kontan.
יקללו המה ואתה תברך קמו ויבשו ועבדך ישמח׃
29 Kite akizatè mwen yo vin abiye ak dezonè. Kite yo kouvri yo menm ak pwòp wont yo tankou se avèk yon manto.
ילבשו שוטני כלמה ויעטו כמעיל בשתם׃
30 Avèk bouch mwen, mwen va bay anpil remèsiman a SENYÈ a. Nan mitan gwo foul la, mwen va louwe Li.
אודה יהוה מאד בפי ובתוך רבים אהללנו׃
31 Paske Li kanpe kote men dwat malere a pou sove li de men a (sila) ki jije nanm li yo.
כי יעמד לימין אביון להושיע משפטי נפשו׃

< Sòm 109 >