< Sòm 100 >

1 Yon Sòm Remèsiman an Rele fò a SENYÈ tout latè a! 2 Sèvi SENYÈ a avèk kè kontan! Vini devan Li avèk chan lajwa. 3 Konnen ke SENYÈ a, Li menm, se Bondye. Se Li menm ki te fè nou, e se pou Li nou ye. Nou se pèp Li e mouton patiraj Li. 4 Antre nan pòtay Li yo avèk remèsiman, e nan lakou Li yo avèk lwanj. Ba Li remèsiman! Beni non Li! 5 Paske Bondye bon. Lanmou dous li a dire jis pou tout tan, e fidelite Li a tout jenerasyon yo.

< Sòm 100 >