< Sòm 10 >

1 Poukisa Ou kanpe tèlman lwen, O Senyè? Poukisa Ou kache Ou menm nan tan twoub yo? 2 Nan ògèy pa yo, mechan yo kouri cho dèyè aflije yo. Kite yo kenbe nan menm pèlen ke yo te fè a. 3 Paske mechan a ap vin ògeye sou dezi kè li a; li beni moun voras la, e eksprime madichon pou l rejte SENYÈ a. 4 Mechan an nan wotè rega li, refize chache Bondye, Tout panse li se ke: “Nanpwen Bondye.” 5 Chemen pa li yo reyisi tout tan; Jijman Ou yo tèlman wo, li pa wè yo. Selon lènmi li yo, li giyonnen yo. 6 Li di a pwòp tèt li: “Mwen p ap ebranle menm; Pandan tout jenerasyon yo, mwen p ap gen pwoblèm ditou.” 7 Bouch li plen ak malediksyon, avèk twonpe moun avèk oprime moun. Anba lang li, se twonpe moun avèk mechanste. 8 Li chita nan anbiskad pou veye vil yo; nan anbiskad yo, li touye inosan yo. Zye li yo veye san bat (sila) ki pa gen espwa yo. 9 Li kache yon kote an kachèt tankou lyon nan nan kav li. Li kache pou kenbe aflije yo; li kenbe aflije yo lè l rale mennen yo rive nan pèlen an. 10 Li akwoupi, li pare kò l; konsa malere a vin tonbe pa grif pwisan li yo. 11 Li pale a tèt li: “Bondye bliye. Li kache figi Li; Li p ap janm wè sa.” 12 Leve O SENYÈ! O Bondye, leve men Ou wo! Pa bliye aflije yo! 13 Poukisa mechan an te meprize Bondye? Li te di nan tèt li: “Ou p ap egzije m sa”. 14 Ou te wè sa, paske Ou te wè kont mechanste ak agase moun pou pran sa an men. Malere a ap depann de Ou menm; Se Ou ki konn ede òfelen an. 15 Kase bra a mechan yo avèk malfektè a! Dekouvri mechanste li yo jiskaske Ou pa twouve l ankò. 16 SENYÈ a se Wa a pou tout tan! Nasyon yo va peri disparèt de peyi Li a. 17 O SENYÈ, Ou te tande dezi a enb yo; Ou va ranfòse kè yo, Ou va enkline zòrèy Ou, 18 pou bay jistis a òfelen an avèk oprime a, pou lòm ki mache sou tè a, pa koze laperèz ankò.

< Sòm 10 >