< Pwovèb 13 >

1 Yon fis ki saj aksepte disiplin a papa l, men yon mokè pa koute repwòch. 2 Fwi pawòl la ki soti nan bouch moun se rejwisans de sa ki bon; men volonte moun infidèl se vyolans. 3 Sila ki kontwole bouch li, konsève lavi li; sila ki ouvri lèv li byen laj va detwi nèt. 4 Nanm a parese a anvi, e li pa jwenn; men nanm a moun dilijan an vin gra. 5 Yon nonm dwat rayi sa ki fo; men zak mechan yo degoutan e fè gwo wont. 6 Ladwati se yon pwotèj pou sila ki san fot la; men mechanste fè pechè a vin souye nèt. 7 Genyen moun ki pretann yo rich, men yo pa gen anyen; yon lòt pretann li malere men li gen gwo richès. 8 Ranson pou lavi a yon nonm rich se richès li; men malere a pa tande menas. 9 Limyè a moun dwat la se rejwisans; men lanp a mechan an va etenn. 10 Ògèy pa pote anyen sof ke konfli; men sajès rete ak sila ki resevwa konsèy yo. 11 Richès ki sòti nan manti koule ale; men sila ki rasanble ak men li, fè l grandi. 12 Lespwa jennen fè kè a malad; men dezi acheve a se yon pyebwa lavi. 13 Sila ki meprize lenstriksyon va peye fwe a; men sila ki respekte lòd yo va resevwa rekonpans li. 14 Lenstriksyon a saj yo se yon fontèn dlo lavi pou detounen pèlen lanmò a. 15 Bon konprann pwodwi favè; men chemen moun ki pa fidèl la di. 16 Tout moun ki pridan aji ak konesans; men yon moun san konprann parèt ak foli li. 17 Yon mesaje mechan tonbe nan advèsite; men sila ki pote pawòl ak bòn fwa a, pote gerizon 18 Mizè ak wont se pou sila ki manke disiplin nan; men sila ki konsidere repwòch la va onore. 19 Yon dezi ki realize se dous a nanm nan, men moun bèt pa vle kite mechanste. 20 Sila ki mache ak moun saj va vin saj; men bon zanmi a moun ensanse a va soufri. 21 Se malè ki kouri dèyè pechè yo; men moun dwat yo va pwospere. 22 Yon bon moun va lese eritaj pou pitit pitit li; men richès a pechè yo konsève pou moun dwat yo. 23 Gen anpil manje nan tè malere a; men li fin bale nèt akoz enjistis. 24 Sila ki ralanti baton li, rayi fis li; men sila ki renmen l va ba li disiplin ak dilijans. 25 Moun dwat la gen kont pou satisfè dezi li; men vant mechan an toujou gen bezwen.

< Pwovèb 13 >