< Pwovèb 12 >

1 Nenpòt moun ki renmen disiplin, renmen konesans, men sila ki rayi korije a, se bèt. 2 Yon bon moun va jwenn favè SENYÈ a; men Bondye va kondane sila ki fè manèv mechanste a. 3 Yon nonm p ap etabli ak mal la; men rasin moun dwat la p ap sòti menm. 4 Yon bon madanm se kouwòn a mari li; men sila ki fè l wont lan se tankou pouriti nan zo li. 5 Panse a moun dwat yo jis; men konsèy a mechan yo se desepsyon. 6 Pawòl a mechan yo kouche tann pyèj pou vèse san; men bouch moun dwat yo va delivre yo. 7 Mechan yo va boulvèse e vin disparèt; men kay a moun dwat yo va kanpe. 8 Yon nonm ap twouve glwa selon entèlijans li; men sila ak panse pèvès la va meprize. 9 Meyè se sila ki enkoni a, men gen sèvitè, pase sila ki onore pwòp tèt li e manke pen an. 10 Yon nonm ladwati gen respè pou lavi a bèt li; men konpasyon a mechan an se mechanste. 11 Sila ki raboure tè li a va gen anpil pen; men sila ki swiv bagay san valè yo manke bon konprann. 12 Moun mechan an vle pran piyaj a mechan yo; men rasin ladwati yo va donnen fwi li. 13 Yon moun mechan pyeje pa transgresyon lèv li; men moun dwat la va evite pwoblèm. 14 Yon nonm va satisfè avèk sa ki bon kon fwi a pawòl li, e zèv lamen a yon nonm va retounen kote li. 15 Chemen a yon moun fou bon nan zye li; men yon nonm saj koute konsèy. 16 Lè yon moun fou vekse, ou konnen sa vit; men sila ki saj la evite wont. 17 Sila ki pale verite a pale sa ki dwat; men yon fo temwen twonpe. 18 Genyen yon moun ki pale san pridans tankou sila k ap goumen ak nepe yo; men lang a saj la pote gerizon. 19 Lèv verite yo va etabli pou tout tan; men lang ki bay manti a rete pou yon moman. 20 Desepsyon se nan kè a sila k ap fè manèv mechanste yo; men konseye lapè yo gen jwa. 21 Nanpwen mal ki rive moun dwat yo; men mechan yo plen ak twoub. 22 Lèv ki manti a abominab a SENYÈ a; men sila ki aji nan fidelite, se plezi Li. 23 Yon moun pridan kache sa li konnen; men kè moun san konprann pale jis nan foli. 24 Men a dilijan yo va kòmande; men parese a va fè kòve. 25 Gwo pwoblèm nan kè a yon moun peze li desann; men yon bon pawòl fè l leve. 26 Moun ladwati a se yon gid a vwazen li; men chemen a mechan fè yo egare. 27 Yon nonm parese pa menm boukannen bèt lachas li, men pi presye nan sa yon nonm posede se dilijans. 28 Nan chemen ladwati se lavi; e nan wout li nanpwen lanmò.

< Pwovèb 12 >