< Pwovèb 10 >

1 Pwovèb a Salomon yo. Yon fis ki saj fè papa li kontan, men yon fis ki plen ak foli se yon gwo doulè pou manman l. 2 Richès ranmase pa mechanste pa reyisi, men ladwati delivre soti nan lanmò. 3 SENYÈ a p ap kite moun ladwati yo grangou, men l ap rejte lanvi mechan an. 4 Malere se sila ki travay ak men lach; men lamen moun dilijan an, anrichi. 5 Sila ki fè rekòlt nan gran sezon an a, se yon fis ki aji ak sajès; men sila ki dòmi nan lè rekòlt la, fè gwo wont. 6 Benediksyon se sou tèt a moun dwat la; men bouch mechan an kache vyolans. 7 Memwa a moun dwat la beni; men non mechan an vin pouri. 8 Saj nan kè yo va resevwa lòd chèf la; men yon moun fou ki pale anpil ap pèdi. 9 Sila ki mache ak entegrite a, mache an sekirite; men sila ki fè wout kwochi a va vin dekouvri. 10 Sila ki bat zye a, koze pwoblèm, e moun fou a ki pale anpil, fè dega. 11 Bouch a moun dwat se yon fontèn dlo lavi, men bouch a mechan an kache vyolans. 12 Rayisman pwovoke konfli; men lanmou kouvri tout fot. 13 Sou lèv a moun ki konn disène, nou twouve sajès; men gen baton pou do a sila ki manke konprann nan. 14 Moun saj yo ranmase konesans; men ak bouch moun fou a, destriksyon an toupre. 15 Byen a moun rich se yon sitadèl pou li. Sa ki detwi malere a se mizè. 16 Salè a moun dwat se lavi; revni a mechan an se pinisyon. 17 Sila ki swiv enstriksyon an, sou wout lavi; men sila ki pa tande repwòch la vin egare nèt. 18 Sila ki kache rayisman an gen lèv k ap bay manti; e sila ki gaye difamasyon an se yon moun fou. 19 Lè gen anpil pawòl, transgresyon pa kab evite; men sila ki frennen lèv li gen sajès. 20 Lang a moun dwat yo se tankou ajan pi chwazi a; men kè a mechan an vo piti. 21 Lèv a moun dwat yo fè anpil moun manje; men moun fou yo mouri akoz mank bon konprann. 22 Benediksyon SENYÈ a fè moun rich; konsa li pa mele ak chagren. 23 Fè mal se tankou fè spò pou moun san konprann nan; e se konsa sajès la ye pou moun entèlijan an. 24 Sa ke mechan an pè a, ap rive sou li; men sa ke moun dwat la vle, va vin reyisi. 25 Lè toubiyon an fin pase, mechan an vin disparèt; men moun dwat la gen yon fondasyon etènèl. 26 Tankou vinèg anba dan ak lafimen nan zye; se konsa parese a ye pou sila ki voye li yo. 27 Lakrent SENYÈ a pwolonje lavi; men lane mechan yo va kout. 28 Lespwa a moun dwat la se kè kontan; men entansyon mechan an va peri. 29 Chemen Bondye a se yon sitadèl pou moun dwat yo; men destriksyon nèt pou tout ouvriye inikite yo. 30 Moun ladwati a p ap janm souke; men mechan yo p ap demere nan peyi a. 31 Bouch a moun dwat la koule ak sajès; men lang pèvès la vin koupe. 32 Lèv a moun dwat yo fè parèt sa ki bon; men bouch a mechan an, sa ki pèvèti.

< Pwovèb 10 >