< Resansman 34 >

1 Alò, SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: 2 Kòmande fis Israël yo e di yo: “Lè nou antre nan peyi Canaran an, sa se peyi ki va vin tonbe pou nou kòm eritaj la; peyi a Canaran an menm, selon lizyè pa li. 3 “Pati sid la va rive soti nan dezè Tsin nan akote Edom. Lizyè sid la va kouri soti nan pwent Lamè Sale a pou ale vè lès. 4 Epi lizyè nou an va vire soti nan sid pou monte vè Akrabbim, e kontinye rive nan Tsin, epi dènye pwent li an va nan sid Kadès-Barnéa. Konsa, li va rive nan Hatsar-Addar pou kontinye rive nan Atsmon. 5 Lizyè a va vire soti nan Atsmon nan ti flèv Égypte la, pou fini nan lanmè. 6 “‘Epi selon fwontyè lwès la, nou va genyen Gran Lamè a, sa vle di kot li. Sa va fwontyè lwès la. 7 “‘Epi sa va fwontyè nò nou: nou va trase lizyè a soti nan Gran Lamè a pou rive nan Mòn Hor. 8 Nou va trase yon lizyè soti nan Mòn Hor pou rive nan Lebo-hamath, e fwontyè a va vin fini nan Tsedad. 9 Konsa, fwontyè a va kontinye nan Ziphron, e dènye pwent li an va nan Hatsar-Énan. Sa va fwontyè nò nou. 10 “‘Pou fwontyè lès la, nou va osi trase yon lizyè soti nan Hatsar-Énan pou rive nan Schepham. 11 Konsa, fwontyè a va desann soti nan Schepham nan Ribla nan kote lès a Aïn nan. Epi lizyè a va desann rive nan pant sou kote lès a Lamè Kinnéreth la. 12 Konsa, fwontyè a va desann rive nan Jourdain an, e li va fini nan Lamè Sale a. Sa va peyi pa nou an selon lizyè yo ki antoure li a.’” 13 Konsa, Moïse te kòmande fis Israël yo. Li te di: “Sa se peyi ke nou gen pou separe selon tiraj osò pami nou menm kòm posesyon, ke SENYÈ a te kòmande pou bay a nèf tribi edmi yo. 14 Paske, tribi a fis Ruben yo te deja resevwa pa yo selon lakay zansèt pa yo, tribi a fis a Gad yo selon lakay zansèt pa yo, e mwatye tribi a Manassé a te resevwa posesyon pa l. 15 De tribi edmi sa yo te resevwa posesyon pa yo lòtbò Jourdain an, anfas Jéricho, vè lès, vè solèy leve a.” 16 Alò, SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di: 17 “Sila yo se non a mesye ki va divize peyi a bannou kòm eritaj nou yo: Éléazar, prèt la, avèk Josué, fis a Nun nan. 18 Nou va pran yon chèf nan chak tribi pou divize peyi a kòm eritaj nou. 19 “Sila yo se non a mesye sa yo: nan tribi Juda a, Caleb, fis a Jephaunné a. 20 “Nan tribi fis a Siméon yo, Samuel fis a Ammihud la. 21 “Nan tribi Benjamin an, Élidad fis a Kislon an. 22 Nan tribi fis a Dan yo, yon chèf, Buki, fis a Jogli a. 23 “Nan tribi fis Joseph yo: nan tribi a fis a Manassé yo, chèf Hanniel, fis a Éphod la. 24 “Nan tribi a fis a Éphraïm nan, yon chèf, Kemuel, fis a Schiphtan an. 25 “Nan tribi a fis a Zabulon yo, yon chèf, Élitsaphan, fis a Parnac la. 26 “Nan tribi a fis a Issacar yo, yon chèf, Paltiel, fis a Azzan an. 27 “Nan tribi a fis a Aser yo; yon chèf, Ahihud, fis a Schelomi a. 28 “Nan tribi a fis a Nephtali yo, yon chèf, Pedahel, fis a Ammihud la.” 29 Sa yo se sila ke SENYÈ a te kòmande pou divize eritaj a fis Israël yo nan peyi Canaran an.

< Resansman 34 >