< Resansman 26 >

1 Konsa, li te vin rive apre gwo epidemi an ke SENYÈ a te pale avèk Moïse e avèk Éléazar, fis Aaron an, prèt la. Li te di: 2 “Fè yon kontwòl sou tout kongregasyon a fis Israël la soti nan laj ventan oswa plis, pou lakay zansèt a papa yo, nenpòt moun ki kapab sòti pou fè lagè an Israël. 3 Se konsa ke Moïse avèk Éléazar te pale avèk yo nan plèn Moab la, akote Jourdain an, anfas Jéricho. Di yo: 4 Fè yon kontwòl a pèp la soti nan laj a ventan oswa plis, jan SENYÈ a te kòmande Moïse la.” 5 Ruben, premye ne an Israël la, fis a Ruben yo: a Hénoc, fanmi a Enokit yo; a Pallu, fanmi a Paliyit yo; 6 a Hetsron, fanmi a Estwonit yo; a Carmi, fanmi a Kamit yo. 7 Sila yo se fanmi a Ribenit yo: sila ki te konte nan yo a se te karann-twa-mil-sèt-san-trant. 8 Fis a Pallu yo: Éliab. 9 Fis a Éliab yo: Nemeul, Dathan ak Abiram. Sila yo se te Dathan avèk Abiram ki te rele pa kongregasyon an, ki te kont Moïse ak Aaron nan konpanyen Koré yo lè yo te kont SENYÈ a, 10 epi tè a te vin ouvri bouch li e te vale yo ansanm avèk Koré, lè konpanyen sa yo te vin mouri, lè dife a te devore de-san-senkant mesye. Konsa, yo te devni yon egzanp. 11 Sepandan, fis a Koré yo pa t mouri. 12 Fis a Siméon yo selon fanmi pa yo: a Nemeul, fanmi Nemilit yo, a Jamin, fanmi a Jaminit yo; a Jakin, fanmi a Jakinit yo; 13 a Zérach, fanmi a Zerakit yo; a Saül, fanmi a Saoulit yo. 14 Sila yo se fanmi a Simeyonit yo, venn-de-mil-de-san. 15 Fis a Gad selon fanmi pa yo: a Tsephon, fanmi a Sefonit yo; a Haggi, fanmi a Agit yo; a Schuni, fanmi a Chounit yo; 16 a Ozni, fanmi a Oznit yo; a Éri, fanmi a Erit yo; 17 a Arod, fanmi a Awodit yo; a Areéli, fanmi a Areyelit yo. 18 Sila yo se fanmi a fis a Gad yo selon sila ki te konte nan yo, te karant-mil-senk-san. 19 Fis a Juda yo te Er avèk Onan, men Er avèk Onan te mouri nan peyi Canaran. 20 Fis a Juda yo selon fanmi pa yo te: Schéla, fanmi a Chelanit yo; a Peret, fanmi a Peretit yo; a Zérach, fanmi a Zerakit yo. 21 Fis a Peret yo te: a Hetsron, fanmi a Etswonit yo; a Hamul, fanmi a Amilit yo. 22 Sila yo se fanmi a Juda selon sila ki te konte nan yo, se te swasann-sèz-mil-senk-san. 23 Fis a Issacar yo selon fanmi pa yo: a Thola, fanmi a Tolatit yo; a Puva, fanmi a Pivit yo; 24 a Jaschub, fanmi a Jachoubit yo; a Shimron, fanmi a Chimwonit yo. 25 Sila yo se fanmi a Issacar, selon sila ki te konte nan yo, se te swasann-kat-mil-twa-san. 26 Fis a Zabulon yo selon fanmi pa yo: a Séred, fanmi a Seredit yo; a Élon, fanmi a Elonit yo; a Jaheel, fanmi a Jayelit yo. 27 Sila yo se fanmi a Zabilonit yo selon sila yo ki te konte nan yo, se te swasant-mil-senk-san. 28 Fis a Joseph yo selon fanmi pa yo: Manassé ak Ephraïm. 29 Fis a Manassé yo: a Makir, fanmi a Makirit yo; epi Makir te devni papa a Galaad; a fanmi Galaadit yo; 30 Sila yo se fis a Galaad yo: a Jézer, fanmi a Jezerit yo; a Hélek, fanmi a Helekit yo, 31 epi a Asriel, fanmi a Asriyelit yo; epi Sichem, fanmi a Sichemit yo; 32 epi a Schemida, fanmi a Schemidayit yo; epi a Hépher, fanmi a Eferit yo. 33 Alò, Tselophchad, fis a Hépher a, pa t gen fis, men sèlman fi; epi non a fi a Tselophchad yo se te Machla, Noa, Hogla, Milca, ak Thirtsa. 34 Sila yo se fanmi a Manassé yo; epi sila ki te konte nan yo, se te senkann-de-mil-sèt-san. 35 Sila yo se fis a Ephraïm yo selon fanmi pa yo: a Schutélach, fanmi a Chutelachit yo; a Béker, fanmi a Bekerit yo; a Thachan, fanmi a Tachanit yo. 36 Sila yo se fis a Schutélach yo: a Éran fanmi a Eranit yo. 37 Sila yo se fanmi a fis a Ephraïm yo selon sila ki konte nan yo, se te trann-de-mil-senk-san. Sila yo se fis a Joseph yo selon fanmi pa yo. 38 Fis a Benjamin yo selon fanmi pa yo: a Béla, fanmi a Belit yo; a Aschbel, fanmi a Achbelit yo; a Achiram, fanmi a Achiramit yo; 39 a Schupham, fanmi a Choufamit yo; a Hupham, fanmi a Oufamit yo. 40 Fis a Béla yo se te: Ard ak Naaman: nan Ard, fanmi a Adit yo; nan Naaman, fanmi a Naamanit yo. 41 Sila yo se fis a Benjamin selon fanmi pa yo; epi sila ki te konte nan yo, se te karann-senk-mil-sis-san. 42 Sila yo se fis a Dan yo selon fanmi pa yo: a Schucham, fanmi a Chouchamit yo. Sila yo se fanmi a Dan selon fanmi pa yo. 43 Tout fanmi a Chouchamit yo selon sila ki te konte nan yo, se te swasann-kat-mil-kat-san. 44 Fis a Aser yo, selon fanmi pa yo: a Jimna, fanmi a Jimnit yo; a Jischvi, fanmi a Jischvit yo; a Beria, fanmi a Berit yo. 45 A fis a Beria yo: Héber, fanmi a Eberit yo; a Malkiel, fanmi a Malkyelit yo. 46 Fi a Aser a te rele Sérach. 47 Sila yo se fanmi a fis Aser yo selon sila ki te konte nan yo, se te senkant-twa-mil-kat-san. 48 Fis a Nephtali yo, selon fanmi pa yo: a Jahtséel, fanmi a Jatseyelit yo; a Guni, fanmi a Gounit yo; 49 A Jetser, fanmi a Jetsrit yo; a Schillem, fanmi a Chilemit yo. 50 Sila yo se fanmi a Nephtali yo selon fanmi pa yo, epi sila ki te konte avèk yo, se te karann-senk-mil-kat-san. 51 Sila yo se sa yo ki te konte nan fis Israël yo, sis-san-en-mil-sèt-san-trant. 52 Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: 53 Pami sila yo, peyi a va divize kòm yon eritaj selon fòs kantite pèp la. 54 Nan sila ki pi gran yo, ou va ogmante eritaj pa yo, e nan pi piti yo, ou va diminye eritaj yo. Chak va bay eritaj yo selon sila ki te konte nan yo. 55 Men peyi a va divize pa tiraj osò. Yo va resevwa eritaj yo selon fòs kantite ki te konte pami yo. 56 Selon tiraj osò a, eritaj pa yo a va divize antre sila ki pi gran ak sila ki pi piti yo. 57 Sila yo se sa yo ki te konte pami Levit yo selon fanmi pa yo: a Guerschon, vin desann fanmi a Gèchonit yo; a Kehath, fanmi a Keyatit yo; a Merari, fanmi a Merarit yo. 58 Sila yo se fanmi a Levi yo: fanmi a Libnit yo, fanmi a Ebwonit yo, fanmi a Machlit yo, fanmi a Mouchit yo, fanmi a Korit yo. Kehath te devni papa a Amram. 59 Non a madanm Amram nan se te Jokébed, fi pou Levi a, ki te ne a Levi an Égypte; epi li te fè pou Amram: Aaron avèk Moïse avèk sè yo, Marie. 60 Pou Aaron te ne Nadab avèk Abihu, Éléazar ak Ithamar. 61 Men Nadab avèk Abihu te mouri lè yo te ofri dife etranje devan SENYÈ a. 62 Sila ki te konte nan yo te venn-twa-mil, tout gason soti nan yon mwa oswa plis, paske yo pa t konte pami fis a Israël yo akoz pa t gen eritaj ki te bay a yo menm pami fis Israël yo. 63 Sila yo se sa ki te konte pa Moïse avèk Éléazar, prèt la, ki te konte fis a Israël yo, nan plèn a Moab bò kote Jourdain an, nan Jéricho. 64 Men pami sila yo, pa t gen yon mesye nan sa yo ki te konte pa Moïse avèk Aaron, prèt la, ki te konte fis a Israël yo nan dezè a Sinaï a. 65 Paske, SENYÈ a te di a yo menm: “Yo va, anverite, mouri nan dezè a.” Epi pa menm youn nan yo te rete, sof ke Caleb, fis a Jephaunné a avèk Josué, fis a Nun nan.

< Resansman 26 >