< Resansman 22 >

1 Fis a Israël yo te vwayaje pou te fè kan an nan plèn Moab yo, fin kite Jourdain an, anfas Jéricho.
And the children of Israel moved forward, and encamped in the plains of Moab on this side of Jordan by Jericho.
2 Alò Balak, fis Tsippor te wè tout sa ke Israël te fè a Amoreyen yo.
And Balak the son of Zippor saw all that Israel had done to the Amorites.
3 Konsa, Moab te nan gran perèz akoz pèp la, pwiske yo te anpil; Moab te sezi avèk gwo laperèz akoz fis Israël yo.
And Moab was greatly afraid of the people, because they were many: and Moab was distressed because of the children of Israel.
4 Moab te di a ansyen yo a Madian: “Alò, bann moun sa yo va devore tout sa ki antoure nou, jan yon bèf devore zèb nan chan.” Balak, fis a Tsippor a te wa Moab nan tan sa a.
And Moab said to the elders of Midian, Now shall this company lick up all that are around us, as the ox licketh up the grass of the field. And Balak the son of Zippor was king of the Moabites at that time.
5 Konsa, li te voye yon mesaje vè Balaam, fis a Beor a nan Pethor, ki toupre Rivyè a, nan peyi a fis pèp li a. Li te di: “Gade byen, yon pèp te sòti an Égypte. Gade byen, yo kouvri sifas peyi a, e y ap viv anfas mwen.
He sent messengers therefore to Balaam the son of Beor to Pethor, which is by the river of the land of the children of his people, to call him, saying, Behold, there hast a people come out from Egypt: behold, they cover the face of the earth, and they abide opposite to me:
6 Alò, pou sa, silvouplè, vin mete yon madichon sou pèp sa a pou mwen; paske, yo twò pwisan pou mwen. Petèt mwen kapab fin bat yo, e pouse yo ale deyò peyi a. Paske mwen konnen ke sila ke ou beni an, beni, e sila ke ou modi a, modi.”
Come now therefore, I pray thee, curse for me this people; for they are too mighty for me: perhaps I shall prevail, that we may smite them, and that I may drive them out of the land: for I know that he whom thou blessest is blessed, and he whom thou cursest is cursed.
7 Konsa, ansyen a Moab yo avèk ansyen a Madian yo te pati avèk frè pou peye divinasyon nan men yo. Yo te vin kote Balaam pou te repete pawòl a Balak yo pou li.
And the elders of Moab and the elders of Midian departed with the rewards of divination in their hand; and they came to Balaam, and spoke to him the words of Balak.
8 Li te di yo: “Pase nwit lan isit la, e mwen va pote yon pawòl bannou jan SENYÈ a kab petèt pale avè m.” Epi dirijan Moab yo te rete avèk Balaam.
And he said to them, Lodge here this night, and I will bring you word again, as the LORD shall speak to me: and the princes of Moab abode with Balaam.
9 Epi Bondye te vini a Balaam, e Li te di: “Ki moun sa yo ye ki avèk ou la a?”
And God came to Balaam, and said, What men are these with thee?
10 Balaam te di a Bondye: “Balak, fis a Tsippor a, wa Moab la te voye yon pawòl ban mwen.
And Balaam said to God, Balak the son of Zippor, king of Moab, hath sent to me, saying,
11 ‘Gade byen, gen yon pèp ki sòti an Égypte, yo kouvri sifas peyi a. Alò, vin modi yo pou mwen. Petèt mwen kapab goumen kont yo, e pouse yo deyò.’”
Behold, there hast a people come out of Egypt, which covereth the face of the earth: come now, curse them for me; perhaps I shall be able to overcome them, and drive them out.
12 Bondye te di a Balaam: “Pa ale avèk yo. Ou p ap modi pèp la, paske yo beni.”
And God said to Balaam, Thou shalt not go with them; thou shalt not curse the people: for they are blessed.
13 Konsa, Balaam te leve nan maten e li te di a chèf Balak yo: “Ale retounen nan peyi nou, paske SENYÈ a refize kite mwen ale avèk nou.”
And Balaam rose up in the morning, and said to the princes of Balak, Go back to your land: for the LORD refuseth to give me leave to go with you.
14 Chèf a Moab yo te leve. Yo te ale kote Balak e te di: “Balaam refize vini avèk nou.”
And the princes of Moab rose up, and they went to Balak, and said, Balaam refuseth to come with us.
15 Alò, Balak te voye chèf yo ankò, plis an kantite e pi gran pase lòt yo.
And Balak sent yet again princes, more, and more honourable than they.
16 Yo te vini a Balaam e te di li: “Konsa pale Balak, fis a Tsippor a: ‘Pa kite anyen, mwen mande ou souple, anpeche ou vini kote mwen;
And they came to Balaam, and said to him, Thus saith Balak the son of Zippor, Let nothing, I pray thee, hinder thee from coming to me:
17 paske vrèman, mwen va onore ou anpil. Mwen va fè nenpòt sa ou mande mwen. Alò, souple, vin modi pèp sa a pou mwen.’”
For I will promote thee to very great honour, and I will do whatever thou sayest to me: come therefore, I pray thee, curse this people for me.
18 Balaam te reponn a sèvitè a Balak yo, “Malgre Balak ta ban mwen kay li plen avèk ajan ak lò, mwen pa ta kapab fè anyen, ni piti ni gran, ki kontrè kòmand SENYÈ a, Bondye mwen an.
And Balaam answered and said to the servants of Balak, If Balak would give me his house full of silver and gold, I could not go beyond the word of the LORD my God, to do less or more.
19 Alò, silvouplè, rete isit la aswè a pou m ka twouve ki lòt bagay SENYÈ a va pale mwen.”
Now therefore, I pray you, tarry ye also here this night, that I may know what the LORD will say to me more.
20 Bondye te vin kote Balaam nan aswè. Li te di li: “Si mesye sa yo ta vin rele ou, leve ale avèk yo; men se sèlman pawòl ke M pale avèk ou a ke ou va fè.”
And God came to Balaam at night, and said to him, If the men come to call thee, rise, and go with them; but yet the word which I shall say to thee, that shalt thou perform.
21 Konsa, Balaam te leve nan maten. Li te mete yon sèl sou bourik li pou te ale avèk chèf Moab yo.
And Balaam rose in the morning, and saddled his donkey, and went with the princes of Moab.
22 Men Bondye te fache akoz li t ap ale a. Konsa, zanj SENYÈ a te vin kanpe nan chemen an kòm yon advèsè kont li. Alò, li te monte sou bourik li, e de sèvitè li yo te avèk li.
And God’s anger was kindled because he went: and the angel of the LORD stood in the way for an adversary against him. Now he was riding upon his donkey, and his two servants were with him.
23 Lè bourik la te wè zanj SENYÈ a ki te kanpe nan chemen an avèk nepe li parèt nan men l, bourik la te kite chemen an pou te antre nan chan an. Men Balaam te frape bourik la pou fè l retounen nan chemen an.
And the donkey saw the angel of the LORD standing in the way, and his sword drawn in his hand: and the donkey turned aside out of the way, and went into the field: and Balaam smote the donkey, to turn her into the way.
24 Alò, zanj SENYÈ a te kanpe nan yon wout etwat nan chan rezen yo, avèk yon miray sou yon bò, e yon miray sou lòt bò a.
But the angel of the LORD stood in a path of the vineyards, a wall being on this side, and a wall on that side.
25 Lè bourik la te wè zanj SENYÈ a, li te peze kò l kont mi an, e li te peze pye Balaam kont lòt mi an. Konsa, Balaam te frape li ankò.
And when the donkey saw the angel of the LORD, she thrust herself against the wall, and crushed Balaam’s foot against the wall: and he smote her again.
26 Zanj SENYÈ a te ale pi lwen. Li te kanpe nan yon kote etwat kote pa t gen mwayen pou vire ni adwat, ni agoch.
And the angel of the LORD went further, and stood in a narrow place, where was no way to turn either to the right hand or to the left.
27 Lè bourik la te wè zanj SENYÈ a, li te kouche anba Balaam. Pou sa, Balaam te fache e li te frape bourik la avèk baton li.
And when the donkey saw the angel of the LORD, she fell down under Balaam: and Balaam’s anger was kindled, and he smote the donkey with a staff.
28 Konsa, SENYÈ a te ouvri bouch a femèl bourik la, e li te di a Balaam: “Kisa m te fè ou, pou ou bat mwen twa fwa sa yo?”
And the LORD opened the mouth of the donkey, and she said to Balaam, What have I done to thee, that thou hast smitten me these three times?
29 Alò, Balaam te di a bourik la: “Akoz ou te pase m nan rizib! Si m te gen yon nepe nan men m, Mwen ta gen tan touye ou deja.”
And Balaam said to the donkey, Because thou hast mocked me: I would there were a sword in my hand, for now would I kill thee.
30 Bourik la te di Balaam: “Èske mwen pa bourik ou, sou sila ou te monte pandan tout vi ou jis rive Jodi a? Èske Mwen janm te konn abitye fè ou sa?” Epi li te reponn: “Non”.
And the donkey said to Balaam, Am not I thy donkey, upon which thou hast rid ever since I was thine to this day? was I ever accustomed to do so to thee? And he said, Nay.
31 Alò, SENYÈ a te ouvri zye a Balaam. Konsa, li te wè zanj a SENYÈ a ki te kanpe nan chemen an avèk nepe a rale nan men li. Balaam te bese jiska tè.
Then the LORD opened the eyes of Balaam, and he saw the angel of the LORD standing in the way, and his sword drawn in his hand: and he bowed down his head, and fell flat on his face.
32 Zanj SENYÈ a te di li: “Poukisa ou te frape bourik ou a twa fwa sa yo? Gade byen, Mwen te parèt kòm yon advèsè, akoz direksyon pa w la te kont Mwen.
And the angel of the LORD said to him, Why hast thou smitten thy donkey these three times? behold, I went out to withstand thee, because thy way is perverse before me:
33 Men bourik la te wè M, e li te vire akote pou evite Mwen twa fwa sa yo. Si li pa t vire akote Mwen, Mwen ta, vrèman, gen tan touye ou nan moman sa a, e kite li menm viv.”
And the donkey saw me, and turned from me these three times: unless she had turned from me, surely now also I had slain thee, and saved her alive.
34 Balaam te di a zanj SENYÈ a: “Mwen te peche, paske mwen pa t konnen ke ou te kanpe nan chemen an kont mwen. Alò, koulye a, si sa pa fè ou plezi, mwen va vire retounen.”
And Balaam said to the angel of the LORD, I have sinned; for I knew not that thou stoodest in the way against me: now therefore, if it displease thee, I will return again.
35 Men zanj SENYÈ a te di a Balaam: “Ale avèk mesye sa yo, men ou va pale, sèlman, pawòl ke Mwen di ou yo.” Konsa Balaam te ale avèk chèf Balak yo.
And the angel of the LORD said to Balaam, Go with the men: but only the word that I shall speak to thee, that thou shalt speak. So Balaam went with the princes of Balak.
36 Lè Balak te tande ke Balaam t ap vini, li te sòti pou rankontre li nan vil Moab la, ki nan fwontyè Arnon an, nan dènye pwent lizyè a.
And when Balak heard that Balaam had come, he went out to meet him to a city of Moab, which is in the border of Arnon, which is in the utmost border.
37 Epi Balak te di a Balaam: “Èske mwen pa t voye kote ou an ijans? Poukisa ou pa t vin kote mwen? Èske, vrèman, mwen pa kapab onore ou?”
And Balak said to Balaam, Did I not earnestly send to thee to call thee? why camest thou not to me? am I not able indeed to promote thee to honour?
38 Konsa, Balaam te di a Balak: “Gade byen, Mwen gen tan vini koulye a! Èske mwen kapab pale yon bagay menm? Pawòl ke Bondye mete nan bouch mwen an, se sa ke mwen va pale.”
And Balaam said to Balak, Lo, I have come to thee: have I now any power at all to say any thing? the word that God putteth in my mouth, that shall I speak.
39 Epi Balaam te sòti avèk Balak e yo te vini Kirjath-Hutsoth,
And Balaam went with Balak, and they came to Kirjathhuzoth.
40 Balak te fè sakrifis bèf avèk mouton, e li te voye kèk bay Balaam avèk chèf ki te avèk li yo.
And Balak offered oxen and sheep, and sent to Balaam, and to the princes that were with him.
41 Epi li te rive nan maten ke Balak te pran Balaam pou te mennen li monte nan wo plas a Baal yo. E li te wè depi la, yon pati nan pèp Israël yo.
And it came to pass on the next morning, that Balak took Balaam, and brought him up to the high places of Baal, that from there he might see the utmost part of the people.

< Resansman 22 >