< Resansman 16 >

1 Alò, Koré, fis a Jitsehar, ansanm avèk Dathan ak Abiram, fis a Éliab avèk On, fis a Péleth, fis a Ruben yo, te pran desizyon. Yo te pran moun avèk yo,
Now Korah, the son of Izhar, the son of Kohath, the son of Levi, with Dathan and Abiram, the sons of Eliab, and On, the son of Peleth, sons of Reuben, took some men.
2 epi yo te vin souleve devan Moïse. Ansanm avèk kèk nan fis Israël yo, de-san-senkant nan chèf kongregasyon an, mesye ki te byen rekonèt, ki te chwazi pa asanble a,
They rose up before Moses, with some of the children of Israel, two hundred fifty princes of the congregation, called to the assembly, men of renown.
3 yo te reyini ansanm kont Moïse avèk Aaron. Yo te di yo: “Nou te ale ase lwen, paske tout kongregasyon an sen, yo tout, e SENYÈ a nan mitan yo! Konsa, poukisa nou egzalte tèt nou pi wo pase asanble SENYÈ a?”
They assembled themselves together against Moses and against Aaron, and said to them, “You take too much on yourself, since all the congregation are holy, everyone of them, and Yahweh is among them! Why do you lift yourselves up above Yahweh’s assembly?”
4 Lè Moïse te tande sa, li te tonbe sou figi li.
When Moses heard it, he fell on his face.
5 Li te pale avèk Koré ak tout konpanyen li yo. Li te di: “Demen maten, SENYÈ a va montre kilès ki apatyen ak Li e kilès ki sen, epi Li va fè moun sa a vin touprè Li. Menm sila ke Li chwazi a, Li va mennen li toupre Li menm.
He said to Korah and to all his company, “In the morning, Yahweh will show who are his, and who is holy, and will cause him to come near to him. Even him whom he shall choose, he will cause to come near to him.
6 Fè sa: Fè Koré ak tout konpanyen li pran asanswa a pou kont nou.
Do this: have Korah and all his company take censers,
7 Konsa, mete dife ladann, e poze lansan sou yo nan prezans a SENYÈ a, demen. Moun nan ke SENYÈ a chwazi a, va sila ki sen an. Nou gen tan ale ase lwen, fis a Levi yo!”
put fire in them, and put incense on them before Yahweh tomorrow. It shall be that the man whom Yahweh chooses, he shall be holy. You have gone too far, you sons of Levi!”
8 Moïse te di a Koré: “Tande koulye a fis a Levi yo!
Moses said to Korah, “Hear now, you sons of Levi!
9 Èske li pa sifi pou nou ke Bondye Israël la te separe nou soti nan tout rès kongregasyon Israël la, pou mennen nou touprè a Li menm? Pou fè sèvis tabènak SENYÈ a, e pou vin kanpe devan kongregasyon an pou sèvi yo?
Is it a small thing to you that the God of Israel has separated you from the congregation of Israel, to bring you near to himself, to do the service of Yahweh’s tabernacle, and to stand before the congregation to minister to them;
10 E ke li te mennen nou touprè, tout frè ou yo Koré, fis a Levi yo avèk ou? Epi èske w ap chache pozisyon prèt la tou?
and that he has brought you near, and all your brothers the sons of Levi with you? Do you seek the priesthood also?
11 Pou sa, ou menm avèk tout konpanyen ou yo vin rasanble ansanm kont SENYÈ a! Men pou Aaron, kilès li ye pou nou vin plenyen kont li?”
Therefore you and all your company have gathered together against Yahweh! What is Aaron that you complain against him?”
12 Konsa, Moïse te voye yon lòd bay Dathan avèk Abiram, fis a Éliab yo, men yo te di: “Nou p ap monte.”
Moses sent to call Dathan and Abiram, the sons of Eliab; and they said, “We won’t come up!
13 Èske sa pa ase ke ou te mennen nou sòti nan yon peyi ki koule avèk lèt ak siwo myèl pou fè nou vin mouri nan dezè a, men ou ta, osi, vin chèf sou nou?
Is it a small thing that you have brought us up out of a land flowing with milk and honey, to kill us in the wilderness, but you must also make yourself a prince over us?
14 Vrèman, ou pa t mennen nou nan yon peyi ki koule avèk lèt ak siwo myèl, ni ou pa t bannou yon eritaj tèren, avèk chan rezen. Èske ou ta pete zye a mesye sa yo? Nou p ap monte?
Moreover you haven’t brought us into a land flowing with milk and honey, nor given us inheritance of fields and vineyards. Will you put out the eyes of these men? We won’t come up.”
15 Alò Moïse te vin byen fache. Li te di a SENYÈ a: “Pa aksepte ofrann pa yo! Mwen pa t pran menm yon bourik nan men yo, ni mwen pa t fè mal a okenn nan yo.”
Moses was very angry, and said to Yahweh, “Don’t respect their offering. I have not taken one donkey from them, neither have I hurt one of them.”
16 Moïse te di a Koré: “Ou menm avèk tout konpanyen ou yo, parèt devan SENYÈ a demen; ni ou menm, yo menm ansanm avèk Aaron.
Moses said to Korah, “You and all your company go before Yahweh, you, and they, and Aaron, tomorrow.
17 Chak nan nou pran veso dife li, mete lansan sou li, e chak nan nou pote veso lansan an devan SENYÈ a, de-san-senkant veso dife; osi ou menm avèk Aaron va chak pote veso dife pa li a.”
Each man take his censer and put incense on it, and each man bring before Yahweh his censer, two hundred fifty censers; you also, and Aaron, each with his censer.”
18 Konsa, yo chak te pran pwòp veso dife a e te mete dife ladann. Yo te mete lansan sou li, epi yo te kanpe nan pòtay tant asanble a, avèk Moïse ak Aaron.
They each took his censer, and put fire in it, and laid incense on it, and stood at the door of the Tent of Meeting with Moses and Aaron.
19 Konsa, Koré te rasanble tout kongregasyon anfas yo a nan pòtay a tant asanble a. Epi glwa a SENYÈ a te vin parèt a tout kongregasyon an.
Korah assembled all the congregation opposite them to the door of the Tent of Meeting. Yahweh’s glory appeared to all the congregation.
20 SENYÈ a te pale avèk Moïse ak Aaron, e te di:
Yahweh spoke to Moses and to Aaron, saying,
21 “Separe nou nan mitan kongregasyon sila a, pou Mwen kapab manje yo koulye a.”
“Separate yourselves from among this congregation, that I may consume them in a moment!”
22 Men yo te tonbe sou figi yo e te di: “O Bondye, Bondye a lespri de tout chè a, èske Ou va an kòlè avèk tout kongregasyon an lè yon sèl moun fè peche?”
They fell on their faces, and said, “God, the God of the spirits of all flesh, shall one man sin, and will you be angry with all the congregation?”
23 SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di:
Yahweh spoke to Moses, saying,
24 “Pale avèk kongregasyon an e di: ‘Sòti nan andwa tant Koré yo, Dathan avèk Abiram!’”
“Speak to the congregation, saying, ‘Get away from around the tent of Korah, Dathan, and Abiram!’”
25 Alò, Moïse te leve ale vè Dathan ak Abiram, avèk ansyen a Israël ki t ap swiv li yo.
Moses rose up and went to Dathan and Abiram; and the elders of Israel followed him.
26 Li te pale avèk kongregasyon an. Li te di: “Kite tant a moun mechan sa yo, e pa touche anyen ki pou yo, sinon, nou va vin pote ale ak tout peche yo.”
He spoke to the congregation, saying, “Depart, please, from the tents of these wicked men, and touch nothing of theirs, lest you be consumed in all their sins!”
27 Konsa, yo te soti nan tant a Koré yo, Dathan ak Abiram de tout kote. Dathan ak Abiram te vin kanpe nan pòtay tant pa yo a, ansanm avèk madanm yo, e fis yo, ansanm ak timoun yo.
So they went away from the tent of Korah, Dathan, and Abiram, on every side. Dathan and Abiram came out, and stood at the door of their tents with their wives, their sons, and their little ones.
28 Moïse te di: “Selon sa, nou va konnen ke SENYÈ a te voye mwen pou fè tout zèv sa yo; paske sa se pa nan tèt mwen y ap soti.
Moses said, “Hereby you shall know that Yahweh has sent me to do all these works; for they are not from my own mind.
29 Si mesye sila yo mouri yon mò natirèl, oswa si yo soufri desten a tout moun nòmal, alò SENYÈ a pa t voye mwen.
If these men die the common death of all men, or if they experience what all men experience, then Yahweh hasn’t sent me.
30 Men si SENYÈ a fè vin parèt yon bagay tounèf, tè a vin ouvri bouch li pou vale yo nèt avèk tout sa ki pou yo, e yo desann tou vivan kote mò yo ye a, alò, konsa, nou va konprann ke mesye sila yo te meprize SENYÈ a.” (Sheol h7585)
But if Yahweh makes a new thing, and the ground opens its mouth, and swallows them up with all that belong to them, and they go down alive into Sheol, then you shall understand that these men have despised Yahweh.” (Sheol h7585)
31 Pandan li te fin pale tout pawòl sa yo, tè ki te anba yo a te fann e li te ouvri.
As he finished speaking all these words, the ground that was under them split apart.
32 Konsa, latè te louvri bouch li e te vale yo nèt avèk moun lakay yo, ak tout mesye ki te apatyen a Koré avèk tout byen yo.
The earth opened its mouth and swallowed them up with their households, all of Korah’s men, and all their goods.
33 Konsa, yo menm avèk tout sa ki te pou yo, te desann vivan nan sejou mò yo. Tè a te vin fèmen sou yo, e yo te peri nan mitan asanble a. (Sheol h7585)
So they, and all that belonged to them went down alive into Sheol. The earth closed on them, and they perished from among the assembly. (Sheol h7585)
34 Tout Israël ki te antoure yo te sove ale pandan yo t ap rele, paske yo te di: “Tè a kapab vin vale nou nèt!”
All Israel that were around them fled at their cry; for they said, “Lest the earth swallow us up!”
35 Dife te sòti nan SENYÈ a pou brile de san senkant mesye ki te ofri lansan yo.
Fire came out from Yahweh, and devoured the two hundred fifty men who offered the incense.
36 SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di:
Yahweh spoke to Moses, saying,
37 “Di a Éléazar, fis a Aaron an, prèt la, ke li va ranmase veso lansan yo nan mitan dife a, paske yo sen. Epi nou va gaye sann dife k ap brile lwen kan an, paske yo sen.
“Speak to Eleazar the son of Aaron the priest, that he take up the censers out of the burning, and scatter the fire away from the camp; for they are holy,
38 Epi menm selon veso lansan a mesye sa yo ki te peche e te peye ak lavi yo, kite yo fin bat yo byen plat pou sèvi yo pou kouvri lotèl la, pwiske yo te prezante yo devan SENYÈ a. Yo sen. Konsa, yo va sèvi kòm yon sign a fis Israël yo.”
even the censers of those who sinned against their own lives. Let them be beaten into plates for a covering of the altar, for they offered them before Yahweh. Therefore they are holy. They shall be a sign to the children of Israel.”
39 Éléazar, prèt la, te pran veso lansan ki te fèt an bwonz ke mesye ki te brile yo te ofri, epi yo te bat yo pou fè yo plat pou kouvri lotèl la,
Eleazar the priest took the bronze censers which those who were burned had offered; and they beat them out for a covering of the altar,
40 kòm yon sonj komemoratif a fis Israël yo pou pèsòn ki pa nan ras Aaron pa ta dwe pwoche pou brile lansan devan SENYÈ a; jis pou li pa devni tankou Koré ak konpanyen li yo—jis jan ke SENYÈ a te pale a li pa Moïse la.
to be a memorial to the children of Israel, to the end that no stranger who isn’t of the offspring of Aaron, would come near to burn incense before Yahweh, that he not be as Korah and as his company; as Yahweh spoke to him by Moses.
41 Men nan pwochen jou a, tout kongregasyon fis Israël yo te bougonnen kont Moïse avèk Aaron. Yo te di: “Se nou ki touye pèp SENYÈ a.”
But on the next day all the congregation of the children of Israel complained against Moses and against Aaron, saying, “You have killed Yahweh’s people!”
42 Lè kongregasyon an te reyini ansanm kont Moïse avèk Aaron, yo te gade vè tant asanble a, e vwala, nwaj la te kouvri li e glwa SENYÈ a te parèt.
When the congregation was assembled against Moses and against Aaron, they looked toward the Tent of Meeting. Behold, the cloud covered it, and Yahweh’s glory appeared.
43 Alò, Moïse avèk Aaron te vini devan tant asanble a.
Moses and Aaron came to the front of the Tent of Meeting.
44 Konsa, SENYÈ a te pale a Moïse. Li te di:
Yahweh spoke to Moses, saying,
45 “Mete ou lwen kongregasyon sila a, pou Mwen kapab detwi yo kounye a menm.” Yo te tonbe sou figi yo.
“Get away from among this congregation, that I may consume them in a moment!” They fell on their faces.
46 Moïse te di a Aaron: “Pran veso lansan an, mete dife lotèl la ladann. Mete lansan an sou li e pote li vit bay kongregasyon an pou fè ekspiyasyon pou yo. Paske lakòlè gen tan sòti nan SENYÈ a. Gwo epidemi an kòmanse!”
Moses said to Aaron, “Take your censer, put fire from the altar in it, lay incense on it, carry it quickly to the congregation, and make atonement for them; for wrath has gone out from Yahweh! The plague has begun.”
47 Alò Aaron te pran li jan Moïse te pale a. Li te kouri nan mitan asanble a, paske, gade byen, gwo epidemi an te kòmanse pami pèp la. Konsa li te mete lansan an pou fè ekspiyasyon pou pèp la.
Aaron did as Moses said, and ran into the middle of the assembly. The plague had already begun among the people. He put on the incense, and made atonement for the people.
48 Li te kanpe antre mò yo ak moun vivan, e gwo epidemi an te rete.
He stood between the dead and the living; and the plague was stayed.
49 Men sila ki te mouri nan gwo epidemi yo te katòz-mil-sèt-san, anplis sila ki te mouri akoz Koré yo.
Now those who died by the plague were fourteen thousand seven hundred, in addition to those who died about the matter of Korah.
50 Alò, Aaron te retounen vè Moïse nan pòtay tant asanble a, paske gwo epidemi an te vin rete.
Aaron returned to Moses to the door of the Tent of Meeting, and the plague was stopped.

< Resansman 16 >