< Matye 21 >

1 Lè yo te pwoche Jérusalem pou rive kote Bethphagé nan Mòn Oliv la, Jésus te voye de nan disip li yo,
A gdy się przybliżyli do Jerozolimy i przyszli do Betfage na Górę Oliwną, wtedy Jezus posłał dwóch uczniów;
2 epi te di yo: “Ale nan vilaj anfas nou an, epi nou va twouve yon bourik ki mare la avèk pitit li. Demare yo, e mennen yo ban Mwen.
Mówiąc im: Idźcie do wsi, która jest przed wami, a zaraz znajdziecie uwiązaną oślicę i oślątko z nią. Odwiążcie [je] i przyprowadźcie do mnie.
3 Epi si yon moun di nou yon bagay, nou va di li konsa: ‘Senyè a gen bezwen yo’, epi lapoula, l ap voye yo.”
A gdyby wam ktoś coś mówił, powiedzcie: Pan ich potrzebuje, a zaraz je puści.
4 Tout sa te fèt pou sa ki te pale pa pwofèt la ta kapab akonpli, lè li te di:
To wszystko się stało, aby się wypełniło, co zostało powiedziane przez proroka:
5 “Pale a fi Sion an, Men gade, Wa ou ap vin kote ou, dou, e monte sou yon bourik, yon jenn bourik, Pitit a yon bèt ki pote chaj”.
Powiedzcie córce Syjonu: Oto twój król przychodzi do ciebie cichy, siedzący na ośle, na oślątku, źrebięciu oślicy.
6 Epi disip yo te ale fè tout sa Li te mande yo.
Poszli więc uczniowie i uczynili tak, jak im nakazał Jezus.
7 Konsa yo te mennen bourik la avèk Pitit li a e te mete vètman yo, epi konsa, sou vètman yo Li te chita.
Przyprowadzili oślicę i oślątko, położyli na nie swoje szaty i posadzili go na nich.
8 Pifò nan foul la te plase vètman yo louvri sou wout la, e kèk lòt t ap koupe branch nan bwa yo pou plase sou wout la.
A wielki tłum słał swoje szaty na drodze, inni zaś obcinali gałązki z drzew i kładli na drodze.
9 Foul la ki te ale devan Li, ni sa ki te swiv Li t ap rele: “Ozana (Glwa a Bondye) a Fis a David la! Beni se Sila ki vini nan non Senyè a! Ozana nan pi wo a!”
A tłumy, które szły przed nim i za nim, wołały: Hosanna Synowi Dawida! Błogosławiony, który przychodzi w imieniu Pana! Hosanna na wysokościach!
10 Lè Li te antre Jérusalem, tout vil la te byen boulvèse e t ap di: “Ki moun sa ye?”
Kiedy wjechał do Jerozolimy, poruszyło się całe miasto i pytano: Któż to jest?
11 Epi foul la t ap di: “Sa se pwofèt Jésus ki sòti Nazareth nan Galilée a”.
A tłumy odpowiadały: To jest Jezus, prorok z Nazaretu w Galilei.
12 Jésus te antre nan tanp lan e te chase mete tout moun deyò ki t ap achte e vann nan tanp lan. Li te chavire tab a moun ki t ap chanje lajan yo, avèk chèz a moun ki t ap vann toutrèl yo.
Wtedy Jezus wszedł do świątyni Boga i wypędził wszystkich sprzedających i kupujących w świątyni; poprzewracał stoły wymieniających pieniądze i stołki sprzedających gołębie.
13 Li te di yo: “Li ekri: ‘Lakay Mwen an va rele yon kay pou lapriyè,’ men nou menm, nou fè li yon twou kachèt pou vòlè!”
I powiedział im: Jest napisane: Mój dom będzie nazwany domem modlitwy, a wy zrobiliście z niego jaskinię zbójców.
14 Avèg yo avèk bwate yo te vin kote L nan tanp lan, e Li te geri yo.
Wtedy ślepi i chromi podeszli do niego w świątyni, a on ich uzdrowił.
15 Men lè chèf prèt yo avèk skrib yo te wè tout mèvèy ke Li te fè yo, epi timoun nan tanp yo ki t ap kriye: “Ozana a Fis a David la!”, yo te ankòlè anpil.
A gdy naczelni kapłani i uczeni w Piśmie zobaczyli cuda, które czynił, i dzieci wołające w świątyni: Hosanna Synowi Dawida, rozgniewali się.
16 Epi yo te di Li: “Ou pa tande kisa timoun sa yo ap di?” Jésus te reponn yo: “Wi, nou pa janm konn li ‘Nan bouch a timoun avèk ti bebe k ap tete yo, nou prepare lwanj pou Ou menm’”?
I zapytali go: Słyszysz, co one mówią? A Jezus im odpowiedział: Tak. Czy nigdy nie czytaliście: Przez usta niemowląt i ssących przygotowałeś [sobie] chwałę?
17 Li te kite yo, e sòti pou ale nan vil Béthanie pou pase nwit lan.
A opuściwszy ich, wyszedł z miasta do Betanii i tam przenocował.
18 Alò nan maten, Li te retounen nan vil la. Li te vin grangou.
A wracając rano do miasta, poczuł głód.
19 Li te wè yon sèl pye fig frans akote wout la. Men lè L vin kote l, Li pa twouve anyen sof ke fèy yo. Konsa Li pale li: “Ou p ap janm gen fwi ki sòti sou ou ankò!” Epi lapoula, pye fig frans lan te vin fennen nèt. (aiōn g165)
I widząc przy drodze drzewo figowe, podszedł do niego, ale nie znalazł na nim nic oprócz samych liści. I powiedział do niego: Niech się już nigdy nie rodzi z ciebie owoc. I drzewo figowe natychmiast uschło. (aiōn g165)
20 Lè yo wè sa, disip yo te etone. Yo te di: “Kijan fig frans sa a fè vin fennen nan yon moman konsa?”
A gdy uczniowie to zobaczyli, dziwili się, mówiąc: Jak szybko uschło to drzewo figowe!
21 Jésus te reponn e te di yo: “Anverite Mwen di nou: Si nou gen lafwa e nou pa doute, non sèlman n ap fè sa ki te fèt a fig frans lan, men menm si nou di a mòn sa a: ‘Leve ale jete ou nan lanmè’, sa va fèt.
Wtedy Jezus im odpowiedział: Zaprawdę powiadam wam: Jeśli będziecie mieć wiarę i nie zwątpicie, nie tylko to, [co się stało] z drzewem figowym, uczynicie, ale jeśli i tej górze powiecie: Podnieś się i rzuć się do morza, stanie się [tak].
22 Epi tout sa nou mande nan lapriyè e kwè, nou va resevwa li.”
I wszystko, o cokolwiek poprosicie w modlitwie, wierząc, otrzymacie.
23 Lè Li te fin antre nan tanp lan, chèf prèt yo avèk lansyen pami pèp la te vin kote L pandan Li t ap enstwi pou mande L: “Pa ki otorite Ou fè bagay sa yo? Se kilès ki te bay ou otorite sila a?”
A gdy przyszedł do świątyni i nauczał, podeszli do niego naczelni kapłani i starsi ludu, pytając: Jakim prawem to czynisz? I kto dał ci tę władzę?
24 Jésus te reponn yo: “M ap mande nou yon bagay tou, e si nou reponn Mwen, M ap fè nou konnen pa ki otorite Mwen fè bagay sila yo.
A Jezus im odpowiedział: I ja was spytam o pewną rzecz. Jeśli mi odpowiecie, i ja wam powiem, jakim prawem to czynię.
25 Batèm a Jean an, kibò li sòti? Èske sous li se syèl la, oubyen lòm?” Konsa, yo te kòmanse rezone pami yo menm. Yo te di: “Si nou di ‘syèl la’, L ap di nou ‘ebyen poukisa nou pa t kwè l?’
Skąd pochodził chrzest Jana? Z nieba czy od ludzi? A oni zastanawiali się między sobą i mówili: Jeśli powiemy, że z nieba, zapyta nas: Czemu więc mu nie uwierzyliście?
26 Men si nou di ‘lòm’, nou pè foul la, paske yo tout kwè ke Jean te yon pwofèt.”
Jeśli zaś powiemy, że od ludzi – boimy się tłumu, bo wszyscy uważają Jana za proroka.
27 Yo te reponn Jésus. Yo te di: “Nou pa konnen”. Li te reponn yo: “Ni Mwen menm p ap di nou pa ki otorite Mwen fè bagay sa yo.”
Odpowiedzieli więc Jezusowi: Nie wiemy. On również im odpowiedział: I ja wam nie powiem, jakim prawem to czynię.
28 “Men kisa nou panse? Yon nonm te gen de fis. Li te vini a premye a, e te di l: ‘Fis mwen, ale travay pou mwen jodi a nan chan rezen an.’”
Jak wam się wydaje? [Pewien] człowiek miał dwóch synów. Podszedł do pierwszego i powiedział: Synu, idź, pracuj dziś w mojej winnicy.
29 “Li te reponn: ‘M p ap prale’. Men, apre li te regrèt sa, e li te ale.
Ale on odpowiedział: Nie chcę. Lecz potem odczuł żal i poszedł.
30 “Nonm nan te rive kote dezyèm nan, e te di menm bagay la. Men li menm te reponn, e te di: Avozòd! Men li pa t ale.
Podszedł do drugiego i powiedział to samo. On zaś odpowiedział: [Idę], panie. Ale nie poszedł.
31 Kilès nan de fis sa yo ki te fè volonte a papa l?” Yo te reponn: “Premye a”. Jésus te di yo: “Anverite, Mwen di nou ke kolektè kontribisyon yo avèk fanm movèz vi yo va antre nan wayòm syèl la avan nou menm.
Który z tych dwóch wypełnił wolę ojca? Odpowiedzieli mu: Ten pierwszy. Jezus im powiedział: Zaprawdę powiadam wam, że celnicy i nierządnice wchodzą przed wami do królestwa Bożego.
32 Paske Jean te vini a nou menm nan chemen ladwati, men nou pa t kwè li; men kolektè kontribisyon yo avèk fanm movèz vi yo te kwè li. Men nou menm ki te wè sa, nou pa t menm repanti lè l fin fèt pou nou ta kwè li.
Przyszedł bowiem do was Jan drogą sprawiedliwości, a nie uwierzyliście mu, ale celnicy i nierządnice mu uwierzyli. A wy, chociaż [to] widzieliście, nie odczuliście żalu, aby mu uwierzyć.
33 “Koute yon lòt parabòl. Te gen yon mèt tè ki te plante yon chan rezen. Li te antoure li avèk yon miray. Li te fouye yon rezèvwa pou kraze rezen yo, e te bati yon tou ki wo. Li te antann demwatye ak kiltivatè yo, e te ale fè yon vwayaj.
Posłuchajcie innej przypowieści: Był pewien gospodarz, który założył winnicę. Ogrodził ją płotem, wykopał w niej prasę, zbudował wieżę i wydzierżawił ją rolnikom, i wyjechał.
34 “Lè lè rekòlt la te rive, li te voye esklav li yo jwenn kiltivatè yo pou resevwa pwodwi pa li a.
A gdy nadszedł czas [zbiorów], posłał swoje sługi do rolników, aby odebrali plony tej [winnicy].
35 Konsa, kiltivatè yo te pran esklav li yo, te bat youn, te touye yon lòt, e yo te kalonnen twazyèm lan avèk kout wòch.
Lecz rolnicy schwytali jego sługi, jednego pobili, innego zabili, a jeszcze innego ukamienowali.
36 “Ankò lite voye yon lòt ekip esklav pi gran pase premye yo, e yo fè yo menm bagay la.
Wtedy posłał inne sługi, więcej niż za pierwszym razem, ale postąpili z nimi tak samo.
37 “Men anfen, li te voye fis li a. Li te di: ‘Y ap respekte fis mwen an.’
W końcu posłał do nich swego syna, mówiąc: Uszanują mego syna.
38 Men lè kiltivatè yo te wè fis la, yo te di pami yo, ‘Sa se eritye a. Vini, annou touye li epi sezi eritaj li a.’
Lecz rolnicy, gdy zobaczyli syna, mówili między sobą: To jest dziedzic. Chodźmy, zabijmy go, a posiądziemy jego dziedzictwo.
39 Konsa, yo te pran li, voye li deyò chan an e yo te touye li.”
I schwytali go, wyrzucili z winnicy i zabili.
40 “Akoz sa, lè mèt teren an vini, kisa l ap fè avèk kiltivatè sa yo?”
Gdy więc przyjdzie pan winnicy, co zrobi z tymi rolnikami?
41 Yo te di Li: “L ap mennen malveyan sa yo a yon move fen, epi li va lwe chan sa a bay lòt kiltivatè k ap peye li sa yo dwe yo nan pwòp lè yo.”
Odpowiedzieli mu: Złych srogo wytraci, a winnicę wydzierżawi innym rolnikom, którzy będą mu oddawać plony we właściwym czasie.
42 Jésus te di yo: “Èske nou pa janm li nan Ekriti Sen yo, ‘Wòch ke sila ki t ap bati yo te rejte a, te devni wòch ang prensipal la. Sa te sòti nan Senyè a, e se te yon mèvèy nan zye nou.’?”
Powiedział im Jezus: Czy nigdy nie czytaliście w Pismach: Kamień, który odrzucili budujący, stał się kamieniem węgielnym; Pan to sprawił i jest to cudowne w naszych oczach?
43 “Akoz sa Mwen di nou: Wayòm syèl la ap vin pran nan men nou pou plase bay yon nasyon k ap pwodwi fwi li.
Dlatego mówię wam: Królestwo Boże zostanie wam zabrane, a dane narodowi, który wyda jego owoce.
44 Epi sila ki tonbe sou wòch sila ap kraze an mòso, men sou sila ke li tonbe a, l ap gaye li tankou poud.”
A kto upadnie na ten kamień, rozbije się, na kogo zaś [on] upadnie, zmiażdży go.
45 Lè chèf prèt ak Farizyen yo te tande parabòl Li yo, yo te konprann ke Li t ap pale de yo menm.
Kiedy naczelni kapłani i faryzeusze usłyszeli jego przypowieści, domyślili się, że o nich mówił.
46 Lè yo te chèche mwayen sezi Li, yo te krent foul la paske yo te konsidere Li kon yon pwofèt.
I chcieli go schwytać, ale bali się tłumów, ponieważ uważały go za proroka.

< Matye 21 >