< Matye 18 >

1 Nan lè sa a, disip yo te vin jwenn Jésus pou mande L: “Kilès konsa ki pi gran nan wayòm syèl la?”
В той час приступиша ученицы ко Иисусу, глаголюще: кто убо болий есть в Царствии Небеснем?
2 Jésus te rele yon timoun vin kote Li, e te plase l nan mitan yo.
И призвав Иисус отроча, постави е посреде их
3 Li te di yo: “Anverite Mwen di nou, anmwenske nou konvèti pou vini tankou timoun yo, nou p ap antre nan wayòm syèl la.
и рече: аминь глаголю вам, аще не обратитеся и будете яко дети, не внидете в Царство Небесное:
4 Nenpòt moun ki vin enb tankou timoun sa a, se li menm ki pi gran nan wayòm syèl la.
иже убо смирится яко отроча сие, той есть болий во Царствии Небеснем:
5 “Epi nenpòt moun ki resevwa yon pitit tankou sa a nan non Mwen, li resevwa Mwen.
и иже аще приимет отроча таково во имя Мое, Мене приемлет:
6 Men nenpòt moun ki lakoz pou fè youn nan timoun sa yo ki kwè nan Mwen an vin chape tonbe, li ta mye pou li menm si yon gwo wòch moulen ta mare nan kou li, e li ta vin mouri nan fon lanmè.
а иже аще соблазнит единаго малых сих верующих в Мя, уне есть ему, да обесится жернов оселский на выи его, и потонет в пучине морстей.
7 “Malè a mond sa a akoz wòch chite li yo! Wòch chite sa yo pa kapab pa vini, men malè a moun sila a ki fè yo parèt.
Горе миру от соблазн: нужда бо есть приити соблазном: обаче горе человеку тому, имже соблазн приходит.
8 “Si men nou oubyen pye nou fè nou tonbe, koupe l e jete l lwen nou. Li pi bon pou antre nan lavi tankou yon kokobe oubyen bwate, pase ak toude men ak pye nou pou nou ta jete nan lanfè etènèl la. (aiōnios g166, questioned)
Аще ли рука твоя или нога твоя соблажняет тя, отсецы ю и верзи от себе: добрейше ти есть внити в живот хрому или бедну, неже две руце и две нозе имущу ввержену быти во огнь вечный: (aiōnios g166)
9 “Epi si zye nou fè nou tonbe, rache li jete li byen lwen nou. Li pi bon pou antre nan lavi avèk yon sèl grenn zye olye avèk toude pou nou ta jete nan lanfè dife a. (Geenna g1067)
и аще око твое соблажняет тя, изми е и верзи от себе: добрейше ти есть со единем оком в живот внити, неже две оце имущу ввержену быти в геенну огненную. (Geenna g1067)
10 “Veye pou nou pa meprize youn nan timoun sa yo, paske Mwen di nou ke zanj yo nan syèl la toujou wè figi a Papa M ki nan syèl la.
Блюдите, да не презрите единаго (от) малых сих: глаголю бо вам, яко Ангели их на небесех выну видят лице Отца Моего Небеснаго.
11 Paske Fis a Lòm nan te vini pou sove sila ki te pèdi a.
Прииде бо Сын Человеческий (взыскати и) спасти погибшаго.
12 “Kisa nou panse? Si yon moun gen san mouton e youn vin pèdi, èske li p ap kite katre-ven-diz-nèf yo sou mòn nan pou ale chèche sila ki pèdi a?
Что вам мнится? Аще будет некоему человеку сто овец, и заблудит едина от них: не оставит ли девятьдесят и девять в горах и шед ищет заблуждшия?
13 Epi si li twouve li, Mwen di nou, l ap rejwi plis sou sila a pase lòt katre-ven-diz-nèf ki pa t janm pèdi yo.
И аще будет обрести ю, аминь глаголю вам, яко радуется о ней паче, неже о девятидесятих и девяти не заблуждших.
14 “Konsa se pa volonte Papa nou nan syèl la pou youn nan Pitit sila yo ta pèdi.
Тако несть воля пред Отцем вашим Небесным, да погибнет един от малых сих.
15 “Si frè ou peche, rele l apa pou pale avèk li. Si li koute ou, ou gen tan rekonsilye ak frè ou a.
Аще же согрешит к тебе брат твой, иди и обличи его между тобою и тем единем: аще тебе послушает, приобрел еси брата твоего:
16 Men si li pa koute ou, ale kote l avèk youn oubyen de lòt dekwa ke ‘pa bouch a de oubyen twa temwen tout bagay ki fèt kapab konfime.’
аще ли тебе не послушает, поими с собою еще единаго или два, да при устех двою или триех свидетелей станет всяк глагол:
17 Epi si li refize koute yo, pale avèk legliz la, e si li refize koute menm legliz la, kite li devni a ou menm tankou yon payen oswa youn nan kolektè kontribisyon yo.
аще же не послушает их, повеждь церкви: аще же и церковь преслушает, буди тебе якоже язычник и мытарь.
18 “Anverite Mwen di nou: “Nenpòt sa nou mare sou latè, l ap mare nan syèl la; e nenpòt sa nou lage sou latè, l ap lage nan syèl la.
Аминь (бо) глаголю вам: елика аще свяжете на земли, будут связана на небеси: и елика аще разрешите на земли, будут разрешена на небесех.
19 “Ankò Mwen di nou ke si de nan nou dakò sou latè sou nenpòt bagay ke yo mande, li va fèt pou yo pa Papa M ki nan syèl la.
Паки аминь глаголю вам, яко аще два от вас совещаета на земли о всяцей вещи, еяже аще просита, будет има от Отца Моего, Иже на небесех:
20 Paske kote de oubyen twa reyini ansanm nan non Mwen, Mwen la nan mitan yo.”
идеже бо еста два или трие собрани во имя Мое, ту есмь посреде их.
21 Apre sa, Pierre te vin kote L e te mande L: “Senyè, konbyen fwa frè m kapab peche kont mwen pou m toujou padone l? Jis sèt fwa?”
Тогда приступль к Нему Петр рече: Господи, колькраты аще согрешит в мя брат мой, и отпущу ли ему до седмь крат?
22 Jésus te reponn li: “Mwen p ap di ou sèt fwa, men jiska swasann-dis fwa sèt.
Глагола ему Иисус: не глаголю тебе: до седмь крат, но до седмьдесят крат седмерицею.
23 “Pou rezon sa a, wayòm syèl la kapab konpare avèk yon sèten wa ki te vle regle kont lajan yo avèk esklav li yo.
Сего ради уподобися Царствие Небесное человеку царю, иже восхоте стязатися о словеси с рабы своими.
24 Lè li kòmanse regle yo, yo mennen bay li yon nonm ki te dwe li di-mil talan (yon fòtin imans.)
Наченшу же ему стязатися, приведоша ему единаго должника тмою талант:
25 Men akoz ke li pa t gen mwayen pou peye, mèt li te kòmande ke yo ta vann mesyè a, ni madanm li ak Pitit li yo ak tout sa li te posede, pou ranbousman an ta kapab fèt.
не имущу же ему воздати, повеле и господь его продати, и жену его, и чада, и вся, елика имеяше, и отдати.
26 “Konsa, esklav la vin tonbe atè pwostène devan li, e te di: ‘Gen pasyans avè m e m ap peye ou tout.’
Пад убо раб той, кланяшеся ему, глаголя: господи, потерпи на мне, и вся ти воздам.
27 Konsa, mèt esklav sila a te santi konpasyon pou li, te lage li e te padone dèt la.
Милосердовав же господь раба того, прости его и долг отпусти ему.
28 “Men esklav la te ale twouve yon lòt esklav parèy li, ki te dwe l san denye (yon ti kòb). Li te sezi li, e te kòmanse trangle l e te di: ‘Peye sa ou dwe a’.
Изшед же раб той, обрете единаго (от) клеврет своих, иже бе должен ему стом пенязь: и емь его давляше, глаголя: отдаждь ми, имже (ми) еси должен.
29 “Esklav parèy li a te tonbe pwostène e te sipliye l: ‘Pran pasyans avè m, e m ap peye ou.’
Пад убо клеврет его на нозе его, моляше его, глаголя: потерпи на мне, и вся воздам ти.
30 Men li pa t vle fè sa. Li te voye jete l nan prizon jis lè li ta kapab repeye tout sa li te dwe a.
Он же не хотяше, но вед всади его в темницу, дондеже воздаст должное.
31 “Lè lòt esklav yo te wè sa ki te rive a, yo te byen twouble. Yo te vin bay yon rapò a mèt pa yo a sou tout sa ki te rive yo.
Видевше же клеврети его бывшая, сжалиша си зело и пришедше сказаша господину своему вся бывшая.
32 “Konsa, mèt li a te voye yon manda pou fè l vini. Li te di l: Ala esklav mechan ou ye! Mwen te padone ou tout dèt sa a, paske ou te sipliye m.
Тогда призвав его господин его, глагола ему: рабе лукавый, весь долг он отпустих тебе, понеже умолил мя еси:
33 Konsa, èske ou pa t dwe gen konpasyon pou esklav parèy ou a menm jan ke mwen te gen konpasyon pou ou a?
не подобаше ли и тебе помиловати клеврета твоего, якоже и аз тя помиловах?
34 Epi mèt li a, byen fache, te livre bay moun nan pou l tòtire jis lè li ta repeye tout sa li te dwe l la.
И прогневався господь его, предаде его мучителем, дондеже воздаст весь долг свой.
35 “Konsa Papa M nan syèl la va fè a nou menm osi si nou pa padone frè nou yo jis nan kè nou.”
Тако и Отец Мой Небесный сотворит вам, аще не отпустите кийждо брату своему от сердец ваших прегрешения их.

< Matye 18 >