< Lik 6 >

1 Alò, li vin rive ke nan yon dezyèm Saba apre premye a, Li t ap pase nan yon chan ble. Konsa, disip Li yo t ap ranmase e manje tèt ble yo, lè yo fin fwote yo nan men yo. 2 Men kèk nan Farizyen yo te di: “Poukisa nou fè sa ki pa pèmi nan Saba a?” 3 Jésus te reponn yo e te di: “Èske nou pa janm lisa ke David te fè lè li te grangou; li menm avèk sila ki te avèk li yo? 4 Kijan li te antre nan kay Bondye a, li te pran manjepen konsakre a, ki pa t pèmi pou pèsonn manje sof ke prèt yo sèl, e li te bay a sila ki te avè l yo?” 5 Li te di yo: “Fis a Lòm nan se Senyè a Saba a.” 6 Nan yon lòt Saba, Li te antre nan sinagòg la. Li t ap enstwi. Te gen yon mesye la avèk yon men dwat ki te sèch. 7 Konsa, skrib yo avèk Farizyen yo t ap veye L byen pre, pou wè si Li ta geri nan Saba a, pou yo ta kapab twouve yon rezon pou akize L. 8 Men Li te konnen panse yo. Li te di a mesye avèk men sèch la: “Leve vin devan.” Konsa, li te leve vin devan. 9 Jésus te di yo: “Mwen mande nou, èske se pèmi nan Saba a, pou fè byen, oubyen pou fè mal? Pou sove yon vi, oubyen pou detwi li?” 10 Lè Lfin gade yo tout, Li te di li: “Lonje men ou!” Konsa, li te fè l. Epi men l te restore. 11 Men yo menm te anraje. Yo te diskite ansanm sou sa yo ta kapab fè a Jésus. 12 Se te nan lè sa yo ke Li te kon ale nan mòn nan pou priye. Li te pase tout nwit lan nan lapriyè ak Bondye. 13 Lè li te fè jou, Li te rele disip Li yo kote Li. Konsa, Li te chwazi douz pami yo ke Li te osi nome kòm apòt: 14 Simon, ke Li te osi rele Pierre, André, frè li, Jacques, Jean, Philippe, Barthélemy; 15 Matthieu, Thomas; Jacques, fis de Alphée; Simon ki te rele Zelòt la; 16 Jude, fis a Jacques; ak Judas Iscariot, ki te devni yon moun trèt. 17 Jésus te desann avèk yo, e Li te kanpe nan yon kote pla. Te gen yon gwo foul disip Li yo, ak yon gwo foul moun ki te sòti nan tout Juda avèk Jérusalem, avèk zòn kot Tyr avèk Sidon. 18 Yo te vin pou tande Li, e pou geri de maladi yo; epi sila ki te twouble avèk lespri enpi yo t ap geri. 19 Tout foul la t ap eseye touche Li, paske pouvwa t ap sòti sou Li, e t ap geri yo tout. 20 Li te leve zye L, vè disip Li yo, e te kòmanse di: “Beni se nou menm ki malere, paske wayòm Bondye a se pou nou. 21 “Beni se nou menm ki grangou koulye a, paske nou va satisfè. Beni se nou menm ki kriye koulye a, paske nou va ri. 22 “Beni se nou menm lè lèzòm rayi nou, izole nou, ensilte nou, e bafwe non nou kon mechan pou koz Fis a Lòm nan. 23 “Fè kè kontan nan jou sa a, e sote ponpe avèk jwa, paske, gade byen, rekonpans nou gran nan syèl la. Paske semenm jan an, zansèt pa yo te konn maltrete pwofèt yo. 24 “Men malè a nou menm ki rich, paske nou ap resevwa tout konfò nou. 25 “Malè a sila ki byen manje koulye a yo, paske nou va grangou. “Malè a nou menm ki ri koulye a, paske n ap kriye anpil. 26 “Malè a nou menm lè tout moun pale byen de nou, paske menm jan an, zansèt yo te konn aji avèkfo pwofèt yo. 27 “Men Mwen di nou menm k ap tande: renmen lènmi nou yo, e fè byen a sila ki rayi nou yo. 28 Beni sila ki bannou madichon yo. “Priye pou sila ki maltrete nou yo. 29 “Nenpòt moun ki frape nou sou yon bò figi, ofri li lòt la tou; epi sila ki pran manto nou, pa refize li chemiz lan tou. 30 “Bay a tout sila ki mande nou yo, e sila ki pran sa ki pou nou, pa mande l remèt li. 31 “Menm jan ke nou vle mounaji avèk nou, fè l menm jan an nan menm fason an. 32 “Si nou renmen sila ki renmen nou yo, ki merit sa pote pou nou? Paske menm pechè yo renmen sila ki renmen yo. 33 Si nou fè byen a sila ki fè byen a nou yo, ki merit sa pote pou nou? Paske pechè yo fè menm bagay la. 34 Si nou prete a sila ke nou sipoze kapab repeye nou, ki merit sa pote pou nou? Menm pechè yo prete a pechè yo pou yo kapab resevwa anretou. 35 “Men renmen lènmi nou yo, fè byen, e prete, san sipoze ke yo va remèt; epi rekonpans nou va gran, e nou va vinfis a Trè Wo a; paske Li menm, Li plen charite pou lèzòm engra e malveyan. 36 “Fè mizerikòd menm jan ke Papa nou fè mizerikòd. 37 “Pa jije e nou p ap jije; pa kondane, e nou p ap kondane; padone, e nou va padone. 38 “Bay, e li va remèt a nou; bon mezi, byen peze, souke ansanm, menm debòde, yo va vide sou nou. Paske avèk mezi ou mezire a, li va mezire bay ou anretou.” 39 Epi Li te anplis pale yon parabòl a yo menm: “Èskeyon nonm avèg kapab mennen yon nonm avèg? Èske tou de p ap tonbe nan twou? 40 “Yon disip pa pi wo ke mèt li; men Nenpòt moun, lè li fin enstwi, ap tankou mèt li. 41 “Poukisa n ap gade pousyè ki nan zye a frè nou an, men pa okipe bout bwa ki nan zye pa nou an? 42 Oubyen kijan nou kapab di a frè nou an: ‘Frè m, kite m retire pousyè sa a ki nan zye ou a, lè nou menm pa wè bout bwa ki nan zye pa nou an? Nou ipokrit, premyèman retire bout bwa nan zye nou an, e nou va wè klè pou retire pousyè ki nan zye frè nou an. 43 “Paske nanpwen bon ab ki pote move fwi; e lòt kote, yon move ab ki pwodwi bon fwi. 44 Paske chak ab rekonèt pa pwòp fwi li. Konsa, lèzòm pa ranmase fig frans nan bwa zepin, ni yo p ap rekòlte fwi rezen nan yon touf pikan. 45 “Yon bon nonm, nan trezò a kè li, pote sa ki bon; epi moun mechan an nan trezò mechan an va fè parèt sa ki mechan; paske bouch li pale sa ki ranpli kè li. 46 “Poukisa nou rele M ‘Senyè, Senyè’, e pa fè sa ke M di? 47 Chak moun ki vin kote Mwen, e ki tande pawòl Mwen yo pou aji sou yo, Mwen va montre nou ak kisa li sanble: 48 Li tankou yon nonm k ap bati yon kay, ki te fouye fon, e ki mete yon fondasyon sou wòch la; epi lè inondasyon rive, tòran dlo a pete sou kay la, men li pa t kapab souke l, akoz ke li te byen bati. 49 “Men sila ki tande e ki pa aji, se tankou yon nonm ki bati kay li sou tè a san okenn fondasyon; epi tòran dlo a pete kont li. Lapoula li vin tonbe, e destriksyon a kay sa a vin gran.”

< Lik 6 >