< Lik 3 >

1 Alò nan kenzyèm ane pouvwa a Tibère César a, pandan Ponce Pilate te Gouvènè Juda, Hérode te tetrak (wa a zòn sila a), frè l Philippe te tetrak pou Liturée avèk Trachonite, e Lysanias te tetrark nan Abilène,
La quinzième année de l'empire de Tibère César, Ponce Pilate étant gouverneur de la Judée, Hérode, tétrarque de la Galilée, Philippe son frère, tétrarque de l'Iturée et de la province de la Trachonite, et Lysanias; tétrarque d'Abylène,
2 nan tan a Anne ak Caïphe kon wo prèt, pawòl Bondye a te vini a Jean, fis Zacharie a, pandan l te nan dezè a.
Sous la souveraine sacrificature d'Anne et de Caïphe, la parole de Dieu fut adressée à Jean, fils de Zacharie, dans le désert.
3 Konsa, li te vini nan tout distri ki te antoure Jourdain yo, e li t ap preche yon batèm repantans pou padon peche yo.
Et il vint dans tout le pays des environs du Jourdain, prêchant le baptême de repentance, pour la rémission des péchés;
4 Jan sa ekri nan liv pawòl a Ésaïe yo, pwofèt la: “Lavwa a yon moun k ap kriye nan dezè a, ‘Prepare chemen SENYÈ a, Fè wout Li yo dwat,
Selon qu'il est écrit au livre des paroles du prophète Ésaïe: Voix de celui qui crie dans le désert: Préparez le chemin du Seigneur, aplanissez ses sentiers.
5 Chak vale va ranpli, E tout gwo mòn ak ti kolin va vin bese. Kwochi yo a va vin drese, E move wout yo va vin swa.
Toute vallée sera comblée, et toute montagne et toute colline sera abaissée, les chemins tortueux seront redressés, et les chemins raboteux seront aplanis;
6 Tout chè va wè delivrans Bondye a.’”
Et toute chair verra le salut de Dieu.
7 Konsa, li te kòmanse pale avèk foul la ki te sòti avè l pou batèm nan: “Nou menm, nich vipè! Kilès ki te avèti nou sove kite kòlè k ap vini an?
Il disait donc au peuple qui venait pour être baptisé par lui: Race de vipères, qui vous a appris à fuir la colère à venir?
8 Pou sa, pote fwi ki an akò avèk repantans yo, e pa kòmanse di a nou menm: ‘Nou gen Abraham pou papa nou’, paske mwen di nou ke menm nan wòch sa yo, Bondye kapab fè leve pitit a Abraham yo.
Produisez donc des fruits convenables à la repentance; et ne vous mettez point à dire en vous-mêmes: Nous avons Abraham pour père; car je vous dis que Dieu peut faire naître de ces pierres des enfants à Abraham.
9 Anverite, rach la deja poze sou rasin a bwa yo. Konsa, chak bwa ki pa donnen bon fwi va koupe e jete nan dife.”
Or, la cognée est déjà mise à la racine des arbres. Tout arbre donc qui ne produit pas de bon fruit va être coupé et jeté au feu.
10 Foul la ki t ap kesyone li, t ap di: “Alò, kisa pou nou ta fè?”
Alors le peuple lui demanda: Que ferons-nous donc?
11 Li te reponn yo, e te di: “Ke moun ki gen de tinik lan pataje avèk sila ki pa genyen an, e ke sila ki gen manje a fè menm jan an.”
Il leur répondit: Que celui qui a deux habits en donne à celui qui n'en a point; et que celui qui a de la nourriture en fasse de même.
12 Anplis, ajan kolektè kontribisyon yo te vini pou batize. Yo t ap mande l: “Mèt, kisa nou dwe fè?”
Il vint aussi des péagers pour être baptisés;
13 Li te di yo: “Pa kolekte plis ke yo mande nou pran.”
Et ils lui dirent: Maître, que ferons-nous? Et il leur dit: N'exigez rien au-delà de ce qui vous a été ordonné.
14 Konsa, kèk sòlda t ap mande li: “Epi kisa pou nou menm fè”? Li te di yo: “Pa pran lajan sou okenn moun pa lafòs, ni fè fo akizasyon kont pèsòn. Rete satisfè avèk salè nou.”
Les gens de guerre lui demandèrent aussi: Et nous, que ferons-nous? Il leur dit: N'usez point de violence ni de tromperie envers personne, mais contentez vous de votre paye.
15 Alò, pandan pèp la t ap antisipe, e t ap reflechi nan kè yo sou Jean, pou konprann si se Kris la ke li te ye,
Et comme le peuple était dans l'attente, et que tous se demandaient en leurs cœurs si Jean ne serait point le Christ,
16 Jean te reponn. Li te di yo tout: “Kanta mwen menm, mwen ap batize nou avèk dlo. Men gen Youn k ap vini ki pi pwisan pase m; menm lasèt sandal Li, mwen pa dign pou demare. Li va batize nou avèk Lespri Sen an, e avèk dife.
Jean prit la parole et dit à tous: Pour moi, je vous baptise d'eau; mais il en vient un plus puissant que moi; et je ne suis pas digne de délier la courroie de ses souliers; c'est lui qui vous baptisera du Saint-Esprit et de feu.
17 Laye vannen an deja nan men L, pou netwaye glasi a nèt, e ranmase tout ble antre nan depo Li; men l ap brile pay yo avèk dife ki pa kapab etenn.”
Il a son van dans ses mains, il nettoiera parfaitement son aire, et il amassera le froment dans son grenier; mais il brûlera entièrement la paille, au feu qui ne s'éteint point.
18 Konsa, avèk anpil lòt egzòtasyon tou, Li te preche bòn nouvèl la bay pèp la.
Il adressait encore plusieurs autres exhortations au peuple, en lui annonçant l'Évangile.
19 Men lè l te bay Hérode, tetrak la tò akoz Hérodias, madanm a frè l la, e akoz tout mechanste ke Hérode te fè yo,
Mais Hérode le tétrarque ayant été repris par Jean, au sujet d'Hérodias, femme de Philippe son frère, et de toutes les méchantes actions qu'il avait faites,
20 Hérode te ogmante peche l sou sa yo. Li te vin mete Jean nan prizon.
Ajouta encore à toutes les autres celle de faire mettre Jean en prison.
21 Konsa, li te vin rive ke lè tout pèp la t ap batize, Jésus te batize tou. Epi pandan Li t ap priye, syèl la te vin ouvri,
Or, comme tout le peuple se faisait baptiser, Jésus fut aussi baptisé; et pendant qu'il priait, le ciel s'ouvrit,
22 e Lespri Sen an te desann sou Li nan fòm tankou yon toutrèl. E yon vwa te sòti nan syèl la: “Ou menm se Fis byeneme Mwen an; nan Ou menm, Mwen byen kontan.”
Et le Saint-Esprit descendit sur lui sous une forme corporelle, comme une colombe; et il vint une voix du ciel, qui dit: Tu es mon Fils bien-aimé, en qui j'ai pris plaisir.
23 Lè L te kòmanse ministè Li, Jésus Li menm te nan laj, anviwon trant ane, e selon kwayans moun yo, fis a Joseph, fis a Héli,
Et Jésus était âgé d'environ trente ans quand il commença, et il était, comme on le croyait, fils de Joseph, d'Héli,
24 fis a Matthat, fis a Lévi, fis a Melchi, fis a Jannaï, fis a Joseph,
De Matthat, de Lévi, de Melchi, de Janna, de Joseph,
25 fis a Mattathias, fis a Amos, fis a Nahum, fis a Esli, fis a Naggaï,
De Matthathie, d'Amos, de Nahum, d'Héli, de Naggé,
26 fis a Maath, fis a Mattathias, fis a Sémeï, fis a Joseph, fis a Joda,
De Maath, de Matthathie, de Semeï, de Joseph, de Juda,
27 fis a Joanan, fis a Rhésa, fis a Zorobabel, fis a Salathiel, fis a Néri,
De Johanna, de Rhésa, de Zorobabel, de Salathiel, de Néri,
28 fis a Melchi, fis a Addi, fis a Kosam, fis a Elmadam, fis a Er,
De Melchi, d'Addi, de Cosam, d'Elmodam, de Her,
29 fis a Jésus, fis a Éliézer, fis a Jorim, fis a Matthat, fis a Lévi
De José, d'Éliézer, de Jorim, de Matthat, de Lévi,
30 fis a Siméon, fis a Juda, fis a Joseph, fis a Jonam, fis a Éliakim,
De Siméon, de Juda, de Joseph, de Jonan, d'Éliakim,
31 fis a Méléa, fis a Menna, fis a Mattatha, fis a Nathan, fis a David,
De Méléa, de Maïnan, de Matthatha, de Nathan, de David,
32 fis a Isaï, fis a Jobed, fis a Booz, fis a Salmon, fis a Naason,
De Jessé, d'Obed, de Booz, de Salomon, de Naasson,
33 fis a Aminadab, fis a Admin, fis a Arni, fis a Esrom, fis a Pharès, fis a Juda
D'Aminadab, d'Aram, d'Esrom, de Pharez, de Juda,
34 fis a Jacob, fis a Isaac fis a Abraham, fis a Thara, fis a Nachor,
De Jacob, d'Isaac, d'Abraham, de Tharé, de Nachor,
35 fis a Seruch, fis a Ragau, fis a Phalek, fis a Éber, fis a Sala,
De Sarug, de Ragaü, de Phaleg, de Héber, de Sala,
36 fis a Kaínam, fis a Arphaxad, fis a Sem, fis a Noé, fis a Lamech,
De Caïnan, d'Arphaxad, de Sem, de Noé, de Lamech,
37 fis a Mathusala, fis a Énoch, fis a Jared, fis a Maléléel, fis a Kaïnan,
De Mathusala, d'Hénoch, de Jared, de Malaléel, de Caïnan,
38 fis a Énos, fis a Seth, fis a Adam, fis a Bondye.
D'Énos, de Seth, d'Adam, fils de Dieu.

< Lik 3 >