< Lik 21 >

1 Alò, Li leve zye li e te wè moun rich yo ki t ap mete ofrann nan bwat kès nan tanp lan.
He looked up and saw the rich people who were putting their gifts into the treasury.
2 Konsa, Li te wè yon sèten vèv pòv ki t ap mete de ti pyès monnen an kwiv.
He saw a certain poor widow casting in two small brass coins.
3 Li te di: “Anverite Mwen di nou, ke fanm pòv sila a te mete plis pase yo tout;
He said, “Truly I tell you, this poor widow put in more than all of them,
4 paske yo te mete ofrann selon abondans yo; men li menm, nan povrete li, li te mete tout sa li te gen pou l viv.”
for all these put in gifts for God from their abundance, but she, out of her poverty, put in all that she had to live on.”
5 Alò, pandan kèk moun t ap pale de tanp lan, kijan li te byen dekore avèk bèl bijou, ak kado konsakre yo, Li te di:
As some were talking about the temple and how it was decorated with beautiful stones and gifts, he said,
6 Pou bagay sa yo ke nou ap gade la a, jou a va vini lè p ap rete yon sèl wòch sou lòt ki p ap chire dekonble.
“As for these things which you see, the days will come in which there will not be left here one stone on another that will not be thrown down.”
7 Yo te mande L: “Mèt, kilè bagay sa yo ap rive? Epi ki sign k ap demontre ke yo prèt pou rive?”
They asked him, “Rabbi, so when will these things be? What is the sign that these things are about to happen?”
8 Li te di: “Veye byen pou nou pa twonpe; paske anpil moun ap vini nan non Mwen, e yo va di: ‘Mwen se Li menm’, e, ‘Lè a toupre’. Pa kouri dèyè yo.
He said, “Watch out that you don’t get led astray, for many will come in my name, saying, ‘I am he,’ and, ‘The time is at hand.’ Therefore don’t follow them.
9 Lè nou tande afè lagè, avèk boulvèsman, pa enkyete; paske fòk bagay sa yo rive avan, men lafen an poko ap rive.”
When you hear of wars and disturbances, don’t be terrified, for these things must happen first, but the end won’t come immediately.”
10 Ankò, Li te di yo: “Nasyon va leve kont nasyon, e wayòm kont wayòm.
Then he said to them, “Nation will rise against nation, and kingdom against kingdom.
11 Va gen gran tranbleman detè, e nan plizyè andwa, epidemi avèk gwo grangou. Va gen gwo laperèz avèk gwo sign ki sòti nan syèl la.
There will be great earthquakes, famines, and plagues in various places. There will be terrors and great signs from heaven.
12 Men avan tout bagay sa yo, yo va mete men sou nou, yo va pèsekite nou, e yo va livre nou nan sinagòg avèk prizon yo. Yo va mennen nou devan wa ak gouvènè yo pou koz a non Mwen.
But before all these things, they will lay their hands on you and will persecute you, delivering you up to synagogues and prisons, bringing you before kings and governors for my name’s sake.
13 Sa va ouvri yon chemen pou temwayaj nou.
It will turn out as a testimony for you.
14 Pou sa, pran desizyon avan lè pou pa prepare defans nou.
Settle it therefore in your hearts not to meditate beforehand how to answer,
15 Paske Mwen va bannou pawòl avèk sajès pou okenn nan advèsè nou yo pa kapab reziste ni demanti.
for I will give you a mouth and wisdom which all your adversaries will not be able to withstand or to contradict.
16 Men Nou va trayi menm pa paran nou, frè, manm fanmi nou avèk zanmi nou. Yo va mete kèk nan nou a lanmò.
You will be handed over even by parents, brothers, relatives, and friends. They will cause some of you to be put to death.
17 Nou va rayi pa tout moun akoz non Mwen.
You will be hated by all men for my name’s sake.
18 Men pa menm yon cheve nan tèt nou p ap peri.
And not a hair of your head will perish.
19 Pa pèseverans nou, nou va reyisi genyen lavi nou.
“By your endurance you will win your lives.
20 Men lè nou wè Jérusalem antoure pa lame, nan moman sa a, rekonèt ke dezolasyon li toupre.
“But when you see Jerusalem surrounded by armies, then know that its desolation is at hand.
21 Answit nan lè sa a, sila ki nan Juda yo va oblije sove pou ale nan mòn yo, sila ki nan mitan vil yo va oblije sòti, e sila ki andeyò yo p ap pou antre nan vil la.
Then let those who are in Judea flee to the mountains. Let those who are in the middle of her depart. Let those who are in the country not enter therein.
22 Paske jou sa yo se jou vanjans yo, pou tout bagay ki ekri yo kapab vin akonpli.
For these are days of vengeance, that all things which are written may be fulfilled.
23 Malè a sila yo k ap pote pitit, ak sila yo ki nouris nan jou sa yo, paske va gen gwo twoub sou tè a, e kòlè sou pèp sila a.
Woe to those who are pregnant and to those who nurse infants in those days! For there will be great distress in the land and wrath to this people.
24 Yo va tonbe pa lam nepe, e yo va mennen kòm kaptif pou antre nan tout nasyon yo. Jérusalem va foule anba pye pa payen yo jiskaske tan payen yo fin acheve.
They will fall by the edge of the sword, and will be led captive into all the nations. Jerusalem will be trampled down by the Gentiles until the times of the Gentiles are fulfilled.
25 Konsa, va gen sign nan solèy la, lalin ak zetwal yo, e sou latè, sezisman pami nasyon yo, ak gwo malantandi akoz laraj lanmè a ak lanm lanmè yo.
“There will be signs in the sun, moon, and stars; and on the earth anxiety of nations, in perplexity for the roaring of the sea and the waves;
26 Moun va pèdi kapasite akoz laperèz, avèk twòp refleksyon sou sa k ap rive nan mond lan. Paske pouvwa nan syèl yo ap vin ebranle.
men fainting for fear and for expectation of the things which are coming on the world, for the powers of the heavens will be shaken.
27 Answit yo va wè Fis a Lòm nan k ap vini nan yon nyaj avèk pouvwa, ak gran glwa.
Then they will see the Son of Man coming in a cloud with power and great glory.
28 Men lè bagay sa yo kòmanse fèt, ranje kò nou, e leve tèt nou, paske delivrans nou ap toupre.
But when these things begin to happen, look up and lift up your heads, because your redemption is near.”
29 Answit Li te di yo yon parabòl: Veye byen pye figye frans lan, avèk tout pyebwa yo.
He told them a parable. “See the fig tree and all the trees.
30 Depi yo pouse fèy, nou va wè sa, e nou vakonnen pou kont nou ke gran sezon chalè a toupre kounye a.
When they are already budding, you see it and know by your own selves that the summer is already near.
31 Menm jan an, nou menm tou, lè nou wè bagay sa yo ap fèt, rekonèt ke wayòm Bondye a toupre.
Even so you also, when you see these things happening, know that God’s Kingdom is near.
32 Anverite Mwen di nou, ke jenerasyon sila a p ap pase avan tout bagay sa yo rive.
Most certainly I tell you, this generation will not pass away until all things are accomplished.
33 Syèl la avèk tè a va pase, men pawòl Mwen yo p ap pase.
Heaven and earth will pass away, but my words will by no means pass away.
34 Veye nou, swa kè nou va vin lou nan banbòch ak bwason avèk enkyetid lavi yo, paske jou sa a va vini sou nou sibitman.
“So be careful, or your hearts will be loaded down with carousing, drunkenness, and cares of this life, and that day will come on you suddenly.
35 Paske li va vini kon yon piyej sou tout sila yo ki rete sou fas tout tè a.
For it will come like a snare on all those who dwell on the surface of all the earth.
36 Men rete vijilan tout tan avèk lapriyè pou nou kapab gen fòs pou chape de tout bagay sila yo ki prèt pou rive, e pou kanpe devan Fis a Lòm nan.”
Therefore be watchful all the time, praying that you may be counted worthy to escape all these things that will happen, and to stand before the Son of Man.”
37 Alò pandan jounen an, Li t ap enstwi nan tanp lan; men nan aswè, Li te konn ale deyò pou pase nwit lan sou mòn ki rele Olivye a.
Every day Yeshua was teaching in the temple, and every night he would go out and spend the night on the mountain that is called Olivet.
38 Epi tout pèp la te toujou leve granmmaten pou vin kote Li nan tanp lan pou koute Li.
All the people came early in the morning to him in the temple to hear him.

< Lik 21 >