< Lik 20 >

1 Nan youn nan jou ke Li t ap enstwi pèp la nan tanp lan, e preche bòn nouvèl la, chèf prèt yo avèk skrib yo avèk ansyen yo te vin parèt devan Li.
或 日イエス宮にて民を教へ、福音を宣べゐ給ふとき、祭司長・學者らは、長老どもと共に近づき來り、
2 Yo te mande Li: “Fè nou konnen pa ki otorite Ou fè bagay sa yo, oswa se kilès ki te bay Ou otorite sa a?”
イエスに語りて言ふ『なにの權威をもて此 等の事をなすか、此の權威を授けし者は誰か、我らに告げよ』
3 Jésus te reponn yo: “Mwen ap poze nou yon kesyon, epi fè M konnen:
答へて言ひ給ふ『われも一言なんぢらに問はん、答へよ。
4 Èske batèm a Jean an te sòti nan syèl la, oswa nan lòm?”
ヨハネのバプテスマは天よりか、人よりか』
5 Yo te rezone pami yo, e te di: “Si nou di ‘Nan syèl la’, l ap di: “Ebyen, poukisa nou pa t kwè li?
彼ら互に論じて言ふ『もし「天より」と言はば「なに故かれを信ぜざりし」と言はん。
6 Men si nou di: ‘Nan lòm’, tout pèp la va lapide nou avèk wòch jiskaske nou mouri, paske yo konvenk ke Jean te yon pwofèt.”
もし「人より」と言はんか、民みなヨハネを預言者と信ずるによりて、我らを石にて撃たん』
7 Konsa, yo te reponn ke yo pa t konnen kote sa sòti.
遂に何處よりか知らぬ由を答ふ。
8 Jésus te reponn yo: “Ni Mwen p ap di nou pa ki otorite ke M fè bagay sa yo.”
イエス言ひたまふ『われも何の權威をもて此 等の事をなすか、汝らに告げじ』
9 Li te kòmanse di pèp la parabòl sila a: Yon mesye te plante yon chan rezen. Li te lwe li a kiltivatè yo, e li te ale nan yon vwayaj ki te dire anpil.
かくて次の譬を民に語りいで給ふ『ある人、葡萄園を造りて農夫どもに貸し、遠く旅立して久しくなりぬ。
10 Nan tan rekòlt la, li te voye yon esklav kote kiltivatè yo pou yo ta kapab bay li kèk nan rekòlt chan an. Men ouvriye ki okipe lyàn rezen yo te bat li, e te voye li ale men vid.
時 至りて、葡萄園の所得を納めしめんとて、一人の僕を農夫の許に遣ししに、農夫ども之を打ちたたき、空手にて歸らしめたり。
11 Alò, li te eseye voye yon lòt esklav. Yo te bat li tou, e te maltrete l jiskaske se te yon eskandal. Konsa, yo te voye li ale men vid.
又ほかの僕を遣ししに、之をも打ちたたき、辱しめ、空手にて歸らしめたり。
12 Konsa, li te eseye voye yon twazyèm. Sila a osi yo te blese e te mete l deyò.
なほ三度めの者を遣ししに、之をも傷つけて逐ひ出したり。
13 Mèt chan an te di: “Kisa pou m ta fè la a? M ap voye fis byeneme mwen an. Petèt yo va respekte li.
葡萄園の主いふ「われ何を爲さんか。我が愛しむ子を遣さん、或は之を敬ふなるべし」
14 Men lè ouvriye ki te okipe lyàn rezen yo te wè li, yo te rezone youn avèk lòt konsa: ‘Sa se eritye a. Annou touye li pou eritaj la kapab pou nou.’
農夫ども之を見て互に論じて言ふ「これは世嗣なり。いざ殺して其の嗣業を我らの物とせん」
15 Donk yo te jete li deyò chan rezen an, e te touye li. Pou sa, kisa mèt chan rezen an ap fè yo?
かくてこれを葡萄園の外に逐ひ出して殺せり。さらば葡萄園の主かれらに何を爲さんか、
16 Li va vin detwi ouvriye chan sa yo, e li va bay chan rezen an a lòt.” Lè yo te tande li, yo te di: “Pa janm kite sa fèt!”
來りてかの農夫どもを亡し、葡萄園を他の者どもに與ふべし』人々これを聽きて言ふ『然はあらざれ』
17 Alò, Li te gade yo, e te di: “Ebyen sou kilès sa ekri: ‘Wòch ke sila ki t ap bati yo te rejte a; sila a te devni lang prensipal la.’?
イエス彼らに目を注めて言ひ給ふ『されば「造家者らの棄てる石は、これぞ隅の首石となれる」と録されたるは何ぞや。
18 Tout moun ki tonbe sou wòch sa a, va kraze an mòso; men sou nenpòt moun ke li menm tonbe, l ap gaye li tankou pousyè.”
凡そその石の上に倒るる者は碎け、又その石、人の上に倒るれば、その人を微塵にせん』
19 Skrib yo avèk chèf prèt yo te eseye mete men sou Li, nan menm lè sa a, men yo te pè pèp la. Paske yo te byen konprann ke Li te pale parabòl sa a kont yo menm.
此のとき學者・祭司長ら、イエスに手をかけんと思ひたれど、民を恐れたり。この譬の己どもを指して言ひ給へるを悟りしに因る。
20 Donk yo te veye li, e te voye espyon ki te pretann ke se te moun jis yo te ye, pou yo ta kapab kenbe Li nan yon pawòl, pou yo ta kab livre Li devan lalwa a ak otorite gouvènè a.
かくて彼ら機を窺ひ、イエスを司の支配と權威との下に付さんとて、その言を捉ふるために、義人の樣したる間諜どもを遣したれば、
21 Yo te poze Li kesyon. Yo te mande l: “Mèt, nou konnen ke Ou pale e enstwi byen dwat, ke Ou pa nan patipri a pèsòn, men enstwi chemen Bondye a ak verite.
其の者どもイエスに問ひて言ふ『師よ、我らは汝の正しく語り、かつ教へ、外貌を取らず、眞をもて神の道を教へ給ふを知る。
22 Èske Li pèmi pou nou peye taks a César, oubyen non?”
われら貢をカイザルに納むるは、善きか、惡しきか』
23 Men Li te konprann koken yo. Li te reponn yo:
イエスその惡巧を知りて言ひ給ふ、
24 “Montre M yon kòb denye. Se pòtre avèk enskripsyon a kilès moun li genyen?” Yo te di: “César”.
『デナリを我に見せよ。これは誰の像、たれの號なるか』『カイザルのなり』と答ふ。
25 Li te di yo: “Pou sa, bay a César sa ki pou César, e a Bondye, sa ki pou Bondye.”
イエス言ひ給ふ『さらばカイザルの物はカイザルに、神の物は神に納めよ』
26 Yo pa t kapab kenbe L nan yon pawòl nan prezans a pèp la; e byen etone pa repons Li, yo te vin rete an silans.
かれら民の前にて其の言をとらへ得ず、且その答を怪しみて默したり。
27 Alò kèk nan Sadiseyen yo te vin kote L, (sa yo ki di ke pa gen rezirèksyon).
また復活なしと言張るサドカイ人の或 者ども、イエスに來り問ひて言ふ、
28 Yo te kesyone L, konsa: “Mèt, Moïse te ekri pou nou ke si frè a yon mesye mouri avèk yon madanm, san li pa fè pitit, frè li a ta dwe pran madanm li, e fè reyisi yon posterite pou frè li a.
『師よ、モーセは、人の兄弟もし妻あり子なくして死なば、其の兄弟かれの妻を娶りて、兄弟のために嗣子を擧ぐべしと、我らに書き遣したり。
29 Alò, konsa, te gen sèt frè. Premye a te pran yon madanm, e li te mouri san pitit.
さて茲に七人の兄弟ありて、兄、妻を娶り、子なくして死に、
30 Konsa, dezyèm nan,
第二、第三の者も之を娶り、
31 epi twazyèm nan te pran l. Epi menm jan an, tout nan sèt yo te pran l, e tout te mouri san kite pitit.
七人みな同じく子を殘さずして死に、
32 Finalman, fanm nan te mouri tou.
後には其の女も死にたり。
33 Konsa, nan rezirèksyon an, se madanm a kilès l ap ye? Paske toule sèt moun yo te genyen li kòm madanm.”
されば復活の時、この女は誰の妻たるべきか、七人これを妻としたればなり』
34 Jésus te di yo: “Fis a laj sila yo marye e bay moun nan maryaj. (aiōn g165)
イエス言ひ給ふ『この世の子らは娶り嫁ぎすれど、 (aiōn g165)
35 Men sila yo ki konsidere dign pou rive nan laj sila a, e rezirèksyon a mò yo, pa marye, ni yo pa bay moun nan maryaj. (aiōn g165)
かの世に入るに、死人の中より甦へるに相應しとせらるる者は、娶り嫁ぎすることなし。 (aiōn g165)
36 Ni, yo pa kapab mouri ankò, paske yo tankou zanj, e se fis a Bondye, fis a rezirèksyon an.
彼 等ははや死ぬること能はざればなり。御使たちに等しく、また復活の子どもにして、神の子供たるなり。
37 Men ke mò yo leve, te montre menm pa Moïse nan pasaj sou touf bwa ki t ap boule a, kote li rele Senyè a Bondye Abraham nan, Bondye Isaac la ak Bondye a Jacob la. Alò, Li pa Bondye a mò yo, men Bondye a vivan an, pou tout sila ki
死にたる者の甦へる事は、モーセも柴の條に、主を「アブラハムの神、イサクの神、ヤコブの神」と呼びて之を示せり。
38 viv de Li yo.”
神は死にたる者の神にあらず、生ける者の神なり。それ神の前には皆 生けるなり』
39 Kèk nan skrib yo te reponn e te di: “Mèt, Ou pale byen.”
學者のうちの或 者ども答へて『師よ、善く言ひ給へり』と言ふ。
40 Paskeyo pa t gen kouraj pou poze L kesyon sou anyen ankò.
彼 等ははや何事をも問ひ得ざりし故なり。
41 Alò Li te di yo, “Kijan sa fèt ke yo di ke Kris la se Fis a David?
イエス彼らに言ひたまふ『如何なれば人々、キリストをダビデの子と言ふか。
42 Paske David, li menm di nan liv Sòm Yo: ‘Senyè a te di a Senyè mwen an, chita bò dwat Mwen,
ダビデ自ら詩 篇に言ふ「主わが主に言ひたまふ、
43 Jiskaske M fè lènmi ou yo yon ti ban pou lonje pye ou.”
われ汝の敵を汝の足臺となすまでは、わが右に坐せよ」
44 Konsa, David rele Li Senyè, e kijan se fis Li ke li ye a?’”
ダビデ斯く彼を主と稱ふれば、爭でその子ならんや』
45 Pandan tout pèp la t ap koute, Li te di a disip yo:
民の皆ききをる中にて、イエス弟子たちに言ひ給ふ、
46 “Fè atansyon de skrib yo ki renmen mache toupatou ak gwo abiman long, e ki renmen salitasyon respè nan mache yo, ak chèz pi enpòtan nan sinagòg yo, ak plas a lonè nan bankè yo;
『學者らに心せよ。彼らは長き衣を著て歩むことを好み、市場にての敬禮、會堂の上座、饗宴の上席を喜び、
47 ki devore kay a vèv yo, e pou yo ka pran pòz, yo ofri gwo priyè long yo. Sila yo va resevwa pi gwo kondanasyon.”
また寡婦らの家を呑み、外見をつくりて長き祈をなす。其の受くる審判は更に嚴しからん』

< Lik 20 >