< Lik 10 >

1 Alò, apre sa, Senyè a te nonmen swasann-dis lòt. Li te voye yo de pa de devan Li nan chak vil ak andwa kote Li menm te gen pou vini.
و بعد از این امور، خداوند هفتاد نفر دیگر را نیز تعیین فرموده، ایشان را جفت جفت پیش روی خود به هر شهری و موضعی که خود عزیمت آن داشت، فرستاد.۱
2 Li t ap di yo: “Rekòlt la anpil, men ouvriye yo piti. Konsa, sipliye Senyè rekòlt la pou L voye ouvriye nan chan rekòlt Li a.
پس بدیشان گفت: «حصاد بسیار است و عمله کم. پس ازصاحب حصاد درخواست کنید تا عمله ها برای حصاد خود بیرون نماید.۲
3 “Ale fè wout nou! Veye byen, Mwen voye nou tankou jenn mouton nan mitan lou.
بروید، اینک من شما را چون بره‌ها در میان گرگان می‌فرستم.۳
4 Pa pote bous, ni sak, ni soulye. Pa menm salye pèsonn nan wout la.
وکیسه و توشه‌دان و کفشها با خود برمدارید وهیچ‌کس را در راه سلام منمایید،۴
5 “‘Nan nenpòt kay ke nou antre, premyèman mande pou Lapè rete sou kay sa a’.
و در هرخانه‌ای که داخل شوید، اول گویید سلام بر این خانه باد.۵
6 Si yon nonm lapè a la, lapè nou va rete sou li; men si li pa la, li va retounen sou nou.
پس هرگاه ابن السلام در آن خانه باشد، سلام شما بر آن قرار گیرد والا به سوی شما راجع شود.۶
7 Rete nan kay sa a. Manje e bwè sa ke yo mete devan nou; paske ouvriye a dign de salè li. Pa kontinye pase de kay an kay.
و در آن خانه توقف نمایید و از آنچه دارند بخورید و بیاشامید، زیرا که مزدور مستحق اجرت خود است و از خانه به خانه نقل مکنید.۷
8 “Nan Nenpòt vil ke nou antre, e yo resevwa nou, manje sa yo mete devan nou.
ودر هر شهری که رفتید و شما را پذیرفتند، از آنچه پیش شما گذارند بخورید.۸
9 Geri sila yo ki malad nan li. Di yo: Wayòm syèl la gen tan vin toupre nou”.
و مریضان آنجا راشفا دهید و بدیشان گویید ملکوت خدا به شمانزدیک شده است.۹
10 “Men nan Nenpòt vil ke nou antre, si yo pa resevwa nou, tou ale nan lari yo e di:
لیکن در هر شهری که رفتیدو شما را قبول نکردند، به کوچه های آن شهربیرون شده بگویید،۱۰
11 Menm pousyè vil nou an ki kole nan pye nou, nou siye li kont nou menm. Men konnen sa byen; ke wayòm syèl la gen tan vin toupre nou.”
حتی خاکی که از شهرشما بر ما نشسته است، بر شما می‌افشانیم. لیکن این را بدانید که ملکوت خدا به شما نزدیک شده است.۱۱
12 “Mwen di nou, li va pi tolerab nan jou sa pou Sodome ke pou vil sa a.
و به شما می‌گویم که حالت سدوم در آن روز، از حالت آن شهر سهل تر خواهد بود.۱۲
13 “Malè a nou menm, Chorazin! Malè a nou menm, Bethsaïde! Paske si mirak ki te fèt nan nou yo te konn fèt nan Tyr avèk Sidon, yo t ap vin repanti lontan sa, e vin chita nan sann abiye ak twal sak.
وای بر تو‌ای خورزین؛ وای بر تو‌ای بیت صیدا، زیرا اگر معجزاتی که در شما ظاهر شددر صور و صیدون ظاهر می‌شد، هرآینه مدتی درپلاس و خاکستر نشسته، توبه می‌کردند.۱۳
14 “Men li va pi tolerab pou Tyr ak Sidon nan jijman an, pase pou nou menm.
لیکن حالت صور و صیدون در روز جزا، از حال شماآسانتر خواهد بود.۱۴
15 “Epi nou menm, Capernaüm, nou p ap egzalte nan syèl la, men nou ap jete anba nan sejou mò yo. (Hadēs g86)
و تو‌ای کفرناحوم که سر به آسمان افراشته‌ای، تا به حهنم سرنگون خواهی شد. (Hadēs g86)۱۵
16 “Sila ki koute nou an, koute Mwen; e sila ki rejte nou an, rejte Mwen. E sila ki rejte Mwen an, rejte Sila a ki voye Mwen an.”
آنکه شما را شنود، مرا شنیده و کسی‌که شما را حقیر شمارد مرا حقیر شمرده و هر‌که مراحقیر شمارد فرستنده مرا حقیر شمرده باشد.»۱۶
17 Swasann-dis yo te retounen avèk jwa. Yo te di: “Senyè, menm dyab yo soumèt a nou menm nan non Ou”.
پس آن هفتاد نفر با خرمی برگشته گفتند: «ای خداوند، دیوها هم به اسم تو اطاعت مامی کنند.»۱۷
18 Li te di yo: “Mwen t ap gade Satan k ap tonbe soti nan syèl la tankou yon kout loraj.
بدیشان گفت: «من شیطان را دیدم که چون برق از آسمان می‌افتد.۱۸
19 Veye byen, Mwen bannou otorite poumache sou sèpan avèk eskòpyon anba pye nou, sou tout pouvwa a lènmi an, e anyen p ap fè nou mal.
اینک شما راقوت می‌بخشم که ماران و عقربها و تمامی قوت دشمن را پایمال کنید و چیزی به شما ضرر هرگزنخواهد رسانید.۱۹
20 “Malgre sa, pa rejwi nan sa, ke lespri yo soumèt a nou menm, men rejwi paske non nou ekri nan syèl la.”
ولی از این شادی مکنید که ارواح اطاعت شما می‌کنند بلکه بیشتر شاد باشیدکه نامهای شما در آسمان مرقوم است.»۲۰
21 Nan menm moman an, Li te rejwi anpil nan Lespri Sen an. Li te di: “Mwen louwe Ou, o Papa, Senyè a syèl la avèk tè a, Ke Ou kache bagay sa yo devan saj yo ak entèlijan yo pou revele yo a zanfan yo. Wi, Papa, paske konsa sa te fè plezi nan zye Ou.”
در همان ساعت، عیسی در روح وجدنموده گفت: «ای پدر مالک آسمان و زمین، تو راسپاس می‌کنم که این امور را از دانایان وخردمندان مخفی داشتی و بر کودکان مکشوف ساختی. بلی‌ای پدر، چونکه همچنین منظور نظرتو افتاد.»۲۱
22 Tout bagay te livre a Mwen menm pa Papa M, epèsòn pa konnen ki moun Fis la ye, sof ke Papa a, e ki moun Papa a ye, sof ke Fis la, ak Nenpòt moun ke Fis la revele L.
و به سوی شاگردان خود توجه نموده گفت: «همه‌چیز را پدر به من سپرده است. وهیچ‌کس نمی شناسد که پسر کیست، جز پدر و نه که پدر کیست، غیر از پسر و هر‌که پسر بخواهدبرای او مکشوف سازد.»۲۲
23 Li te vire vè disip yo Li te di an prive: “Beni se zye ki wè bagay ke nou gen tan wè a.
و در خلوت به شاگردان خود التفات فرموده گفت: «خوشابحال چشمانی که آنچه شما می‌بینید، می‌بینند.۲۳
24 Paske Mwen di nou, ke anpil nan pwofèt avèk wa yo te vle wè bagay ke nou wè yo, men yo pa t wè yo, ni tande bagay ke nou tande yo, e yo pa t tande yo.”
زیرابه شما می‌گویم بسا انبیا و پادشاهان می‌خواستندآنچه شما می‌بینید، بنگرند و ندیدند و آنچه شمامی شنوید، بشنوند و نشنیدند.»۲۴
25 Epi vwala, yon sèten avoka te kanpe pou pase l nan leprèv. Li te di L: “Mèt, kisa pou m ta fè pou eritye lavi etènèl?” (aiōnios g166)
ناگاه یکی از فقها برخاسته از روی امتحان به وی گفت: «ای استاد چه کنم تا وارث حیات جاودانی گردم؟» (aiōnios g166)۲۵
26 Li te pale li: “Kisa ki ekri nan Lalwa a? Kijan ou li li?”
به وی گفت: «در تورات چه نوشته شده است و چگونه می‌خوانی؟»۲۶
27 Li te reponn: “Ou va renmen Senyè a, Bondye ou a avèk tout kè ou, avèk tout nanm ou, avèk tout fòs ou, e avèk tout panse ou, epi vwazen ou tankou tèt ou.”
جواب داده، گفت: «اینکه خداوند خدای خود را به تمام دل و تمام نفس و تمام توانایی و تمام فکر خودمحبت نما و همسایه خود را مثل نفس خود.»۲۷
28 Li te di li: “Ou reponn byen kòrèk. Fè sa, e ou va viv.”
گفت: «نیکو جواب گفتی. چنین بکن که خواهی زیست.»۲۸
29 Men li te vle jistifye tèt li. Li te di a Jésus, “E kilès ki vwazen mwen?”
لیکن او چون خواست خودرا عادل نماید، به عیسی گفت: «و همسایه من کیست؟»۲۹
30 Jésus te reponn e te di: “Yon sèten mesye t ap desann sòti Jérusalem pou rive Jéricho. Li te tonbe pami vòlè yo. Yo te pran rad li. Yo te bat li, e yo te kite l mwatye mouri.
عیسی در جواب وی گفت: «مردی که ازاورشلیم به سوی اریحا می‌رفت، به‌دستهای دزدان افتاد و او را برهنه کرده مجروح ساختند واو را نیم مرده واگذارده برفتند.۳۰
31 “Konsa, pa aza, yon sèten prèt t ap desann nan wout sa a. Lè l te wè li, li te vin pase sou lòtbò wout la.
اتفاق کاهنی ازآن راه می‌آمد، چون او را بدید از کناره دیگررفت.۳۱
32 “Menm jan an, yon Levit tou, lè l te rive kote a, li te wè l, e te vin pase sou lòtbò.
همچنین شخصی لاوی نیز از آنجا عبورکرده نزدیک آمد و بر او نگریسته از کناره دیگربرفت.۳۲
33 “Men yon sèten Samariten, ki t ap fè yon vwayaj, te rive sou li. Lè l te wè l, li te gen konpasyon.
«لیکن شخصی سامری که مسافر بود نزدوی آمده چون او را بدید، دلش بر وی بسوخت.۳۳
34 Li te vini kote li, te mete lwil avèk diven sou blesi li yo, e te panse yo. Li te vin mete li sou pwòp bèt pa li, e te mennen li nan yon pansyon pou l pran swen li.
پس پیش آمده بر زخمهای او روغن و شراب ریخته آنها را بست واو را بر مرکب خود سوارکرده به‌کاروانسرای رسانید و خدمت او کرد.۳۴
35 Nan landemen, li te rale kòb de denye. Li te bay yo a mèt otèl la e te di l: ‘Pran swen li, epi nenpòt sa ke ou depanse, lè m tounen, mwen va remèt ou li.’
بامدادان چون روانه می‌شد، دو دینار درآورده به‌سرایدار داد و بدو گفت این شخص را متوجه باش و آنچه بیش از این خرج کنی، در حین مراجعت به تو دهم.۳۵
36 “Kilès nan twa sa yo ou kwè ki te fè prèv ke se te yon bon vwazen a mesye ki te tonbe nan men vòlè yo?”
«پس به نظر تو کدام‌یک از این سه نفرهمسایه بود با آن شخص که به‌دست دزدان افتاد؟»۳۶
37 Li te reponn: “Sila ki te gen konpasyon pou li a.” Konsa Jésus te di l: “Ale fè menm bagay la”.
گفت: «آنکه بر او رحمت کرد.» عیسی وی را گفت: «برو و تو نیز همچنان کن.»۳۷
38 Pandan yo t ap vwayaje, Li te antre nan yon sèten vil. Konsa, yon fanm yo rele Marthe te resevwa Li lakay li.
و هنگامی که می‌رفتند او وارد بلدی شد وزنی که مرتاه نام داشت، او را به خانه خودپذیرفت.۳۸
39 Li te gen yon sè yo te rele Marie, ki anplis t ap koute pawòl Senyè a, byen chita nan pye Li.
و او را خواهری مریم نام بود که نزدپایهای عیسی نشسته کلام او را می‌شنید.۳۹
40 Men Marthe te gen tèt chaje akoz tout sèvis lakay yo. Li te pwoche Jésus, e te di: “Senyè, èske sa pa fè Ou anyen ke sè m nan kite m ap fè tout sèvis la pou kont mwen? Alò, di l vin ede m.”
امامرتاه بجهت زیادتی خدمت مضطرب می‌بود. پس نزدیک آمده، گفت: «ای خداوند آیا تو راباکی نیست که خواهرم مرا واگذارد که تنهاخدمت کنم، او را بفرما تا مرا یاری کند.»۴۰
41 Men Senyè a te reponn li, e te di: “Marthe, Marthe, ou enkyete e twouble pa anpil bagay,
عیسی در جواب وی گفت: «ای مرتاه، ای مرتاه تو در چیزهای بسیار اندیشه و اضطراب داری.۴۱
42 men se yon sèl bagay ki nesesè. Marie te chwazi sila ki bon an, e sa p ap retire soti nan men li.”
لیکن یک چیز لازم است و مریم آن نصیب خوب را اختیار کرده است که از او گرفته نخواهد شد.»۴۲

< Lik 10 >