< Lik 1 >

1 Akoz gen anpil moun ki deja antreprann pou rasanble yon listwa de bagay ki te fèt pami nou yo, 2 jis jan ke yo te lonje bay a nou menm pa men a sila yo, ki depi nan kòmansman an te wè avèk pwòp zye yo, e kon sèvitè a pawòl la, te fè nou konnen yo. 3 Sa te sanble bon pou mwen tou, akoz ke m te fè yon ankèt konplè depi nan kòmansman an, pou m ekri sa pou nou ta byen konprann jan li te rive a, chè ekselans Théophile. 4 Konsa, ou ta kapab konnen verite egzakt la, selon bagay ke ou te enstwi yo. 5 Nan jou Hérode yo, wa Juda a, te gen yon sèten prèt ki te rele Zacharie nan divizyon Abijah. Li te gen yon madanm ki soti nan fi Aaron yo, yo te rele Elizabeth. 6 Yo te toude jis devan zye Bondye. Yo te mache san fot nan tout kòmandman ak devwa Senyè a. 7 Men yo pa t gen pitit, akoz Elizabeth te esteril, e yo toude te avanse nan laj. 8 Alò, li vin rive ke pandan li t ap fè sèvis prèt la devan Bondye nan pwòp tan divizyon pa l, 9 selon koutim nan pozisyon li kon prèt, li te chwazi pa tiraj osò pou antre nan tanp Senyè a pou brile lansan. 10 Tout foul pèp la t ap priye deyò a nan lè ofrann lansan an. 11 Konsa, yon zanj Bondye te parèt kote li, e te kanpe adwat lotèl lansan an. 12 Zacharie te twouble lè l te wè li, elakrent te sezi li. 13 Men zanj lan te di l: “Ou pa bezwen pè, Zacharie, paske sa ou te mande a, tande nan syèl la, e madanm ou, Elizabeth, va fè yon fis pou ou, e ou va nonmen li Jean. 14 Ou va gen lajwa avèk kè kontan, e anpil moun va rejwi nan nesans li. 15 “Paske li va gran nan zye Bondye. Li p ap bwè ni diven, ni gwòg; e li va ranpli avèk Lespri Sen an menm lè l toujou nan vant. 16 Li va fè anpil moun nan fis Israël yo retounen a Senyè a, Bondye yo a. 17 Se li ki va ale devan Li menm, nan lespri avèk pouvwa Élie a, pou fè kè a papa yo retounen a zanfan yo, e dezobeyisan yo a yon lespri ladwati; pou fè prepare yon pèp pou Bondye.” 18 Zacharie te di a zanj lan: “Kijan m ap fè konnen sa? Paske mwen menm se yon granmoun, e madanm mwen avanse nan laj.” 19 Zanj lan te reponn li e te di: “Mwen se Gabriel, ki kanpe nan prezans Bondye a. Mwen te voye pou pale ak ou, e pou pote bòn nouvèl sila a. 20 Konsa, gade. Ou va rete an silans nèt, e ou p ap kapab pale jiskaske bagay sa yo rive, paske ou pa t kwè pawòl mwen, ki va akonpli nan pwòp lè pa l la.” 21 Pèp la t ap tann Zacharie, e yo te etone pa reta ke li te fè nan tanp lan. 22 Men lè l parèt li pa t kapab pale avèk yo. Konsa, yo te vin konprann ke se te yon vizyon ke li te fè nan tanp lan. Li te kontinye fè sign bay yo, e te rete bèbè. 23 Lè jou a sèvis li kon prèt te fini, li te retounen lakay li. 24 Apre jou sa yo, Elizabeth te vin ansent. Li te kache pandan senk mwa, e te di: 25 “Se konsa ke Senyè a aji avè m nan jou ke Li te voye gras Li sou mwen, e Li te retire wont mwen pami lèzòm”. 26 Alò, nan sizyèm mwa ansent Elizabeth la, zanj Gabriel la te voye sòti nan Bondye a yon vil nan Galilée ki te rele Nazareth, 27 a yon vyèj ki te fiyanse a yon nonm ki te rele Joseph, ki te sòti nan desandan David yo. Vyèj la te rele Marie. 28 Lè l te antre, li te di li: “Sali a ou menm ki twouve favè! Bondye se avèk ou. Ou beni pami fanm yo!” 29 Men Marie te twouble anpil pa pawòl sa a, e li t ap reflechi sou ki kalite salitasyon sa a te ye. 30 Konsa zanj lan te di l: “Ou pa bezwen krent, Marie, paske ou gen tan twouve favè ak Bondye. 31 Gade byen, ou va vin ansent. Ou va fè yon fis, e ou va bay li non a Jésus. 32 Li va gran e Li va rele Fis a Pi Wo a; epi Senyè Bondye a va bay Li twòn a zansèt Li a, David. 33 Li va renye sou lakay Jacob pou tout tan, e wayòm Li an p ap janm fini.” (aiōn g165) 34 Marie te di a zanj lan: “Kijan bagay sa a kapab ye, paske mwen menm se yon vyèj?” 35 Zanj lan te reponn. Li te di li: “Lespri Sen an va vini sou ou, e pwisans a Pi Wo a va kouvri ou avèk lonbraj Li. Pou rezon sa a, pitit sen sa a va rele Fis a Bondye. 36 Epi veye byen, menm nan fanmi ou Elizabeth anplis gen tan vin ansent avèk yon fis nan vyeyès li, e li menm ki te rele esteril, koulye a, nan sizyèm mwa li. 37 Paske anyen pa enposib avèk Bondye.” 38 Marie te di li: “Men gade, sèvant-dedike a Senyè a; kite sa fèt sou mwen selon pawòl ou.” Konsa, zanj lan te kite li. 39 Alò, nan moman sa a, Marie te leve. Li te sòti byen vit pou rive nan peyi kolin yo, nan yon vil yo rele Juda. 40 Li te antre lakay a Zacharie, e te salye Elizabeth. 41 Li te rive ke lè Elizabeth te tande salitasyon Marie a, pitit la te sote nan vant li, epi Elizabeth te ranpli avèk Lespri Sen an. 42 Li te kriye fò avèk yon gran vwa e te di: “Beni se ou pami fanm yo, e beni se fwi a vant ou an! 43 Kijan bagay sa a rive m, ke manman Senyè mwen an ta vin kote mwen? 44 Paske gade byen, lè son a salitasyon ou an te rive nan zòrèy mwen, pitit la te sote nan vant mwen avèk jwa. 45 Beni se sila a ki te kwè ke sa Senyè a te pale a ta vin akonpli.” 46 Marie te di: “Nanm mwen egzalte Senyè a, 47 Lespri mwen gen tan rejwi nan Bondye, Sovè mwen an. 48 Paske li te gade eta ba sèvant Li an; paske gade byen, soti nan moman sa a jiska tout jenerasyon yo, yo va rele m beni. 49 Paske Toupwisan an te fè gwo bagay pou mwen. Non Li sen. 50 Epi mizerikòd Li sou jenerasyon apre jenerasyon vè sila ki krent Li yo. 51 Li fè zèv pwisan yo avèk bra Li. Li te gaye sila avèk panse ògèy nan kè yo. 52 Li rale fè desann chèf yo sou twòn yo, e Li egzalte sila ki enb yo. 53 Li ranpli sila ki grangou yo avèk bon bagay; e Li voye rich yo ale avèk men vid. 54 Li bay sekou a Israël, sèvitè Li a, kon yon sonj mizerikòd Li, 55 jan Li te pale a zansèt nou yo, a Abraham avèk jenerasyon Li yo jis pou tout tan”. (aiōn g165) 56 Marie te rete avèk li pandan anviwon twa mwa, e te retounen lakay li. 57 Alò, lè te rive pou Elizabeth akouche, e li te fè yon fis. 58 Vwazen li yo avèk fanmi li yo te tande ke Senyè a te montre mizerikòd Li, e yo t ap rejwi avèk li. 59 Li te vin rive ke nan uityèm jou a, yo te vini pou sikonsi pitit la, e yo t ap rele li Zacharie, non a papa li. 60 Men manman li te reponn e te di: “Non anverite, men l ap rele Jean.” 61 Yo te di li: “Nanpwen pèsòn pami fanmi ou ki rele pa non sa a.” 62 Konsa, yo te fè sign a papa a, pou konnen ki non li te vle bay li. 63 Li te mande yon tablo, e te ekri konsa: “Non li se Jean”. Yo tout te etone. 64 Konsa, nan yon sèl kou bouch li te louvri, lang li te vin lache e li te kòmanse pale e bay glwa a Bondye. 65 Lakrent te vin tonbe sou tout sila yo ki te rete nan landwa sila a; epi tout bagay sa yo te pale nan tout peyi kolin a Juda yo. 66 Tout sila ki te tande koze sa yo te sonje sa, e te toujou mande: “Alò, kisa nou sipoze pitit sa a va devni?” Paske men Senyè a te vrèman sou li. 67 Papa li, Zacharie, ranpli avèk Lespri Sen an, te pwofetize. Li te di: 68 Beni se Senyè a, Bondye Israël la, paske li vizite nou, Li te acheve redanmsyon pou pèp Li a. 69 Li te leve yon kòn sali pou nou lakay David la, sèvitè Li a. 70 Jan Li te pale pa bouch a pwofèt Li yo depi nan ansyen tan an, (aiōn g165) 71 Delivrans sou lènmi nou yo, ak nan men a tout sila ki rayi nou yo; 72 pou montre mizerikòd vè zansèt nou yo, e pou sonje akò sen Li an, 73 Sèman ke Li te fè a Abraham, zansèt nou an, 74 pou pèmèt ke nou menm, ki te delivre nan men lènmi nou yo, ta kapab sèvi Li san krent, 75 nan sentete ak ladwati devan Li, pandan tout jou nou yo. 76 Epi ou menm pitit, ou va rele pwofèt a Pi Wo a; paske ou va ale devan Senyè a, pou prepare chemen Li an; 77 pou bay pèp Li a konesans a sali a, pou padon peche pa yo. 78 Akoz de mizerikòd byen dous a Bondye nou an, k ap fè Solèy ki leve soti anwo a vin vizite nou. 79 Pou briye sou sila ki chita nan tenèb yo ak nan lonbraj lanmò a, pou gide pye nou nan chemen lapè a. 80 Pitit la te kontinye grandi, e te vin fò nan lespri. Konsa, li te viv nan dezè yo jis jou li te parèt piblikman an Israël.

< Lik 1 >