< Lik 1 >

1 Akoz gen anpil moun ki deja antreprann pou rasanble yon listwa de bagay ki te fèt pami nou yo,
我らの中に成りし事の物語につき、始よりの目撃者にして、
2 jis jan ke yo te lonje bay a nou menm pa men a sila yo, ki depi nan kòmansman an te wè avèk pwòp zye yo, e kon sèvitè a pawòl la, te fè nou konnen yo.
御言の役者となりたる人々の、我らに傳へし其のままを書き列ねんと、手を著けし者あまたある故に、
3 Sa te sanble bon pou mwen tou, akoz ke m te fè yon ankèt konplè depi nan kòmansman an, pou m ekri sa pou nou ta byen konprann jan li te rive a, chè ekselans Théophile.
我も凡ての事を最初より詳細に推し尋ねたれば、
4 Konsa, ou ta kapab konnen verite egzakt la, selon bagay ke ou te enstwi yo.
テオピロ閣下よ、汝の教へられたる事の慥なるを悟らせん爲に、これが序を正して書き贈るは善き事と思はるるなり。
5 Nan jou Hérode yo, wa Juda a, te gen yon sèten prèt ki te rele Zacharie nan divizyon Abijah. Li te gen yon madanm ki soti nan fi Aaron yo, yo te rele Elizabeth.
ユダヤの王ヘロデの時、アビヤの組の祭司に、ザカリヤという人あり。その妻はアロンの裔にて、名をエリサベツといふ。
6 Yo te toude jis devan zye Bondye. Yo te mache san fot nan tout kòmandman ak devwa Senyè a.
二人ながら神の前に正しくして、主の誡命と定規とを、みな缺なく行へり。
7 Men yo pa t gen pitit, akoz Elizabeth te esteril, e yo toude te avanse nan laj.
エリサベツ石女なれば、彼らに子なし、また二人とも年 邁みぬ。
8 Alò, li vin rive ke pandan li t ap fè sèvis prèt la devan Bondye nan pwòp tan divizyon pa l,
さてザカリヤその組の順番に當りて、神の前に祭司の務を行ふとき、
9 selon koutim nan pozisyon li kon prèt, li te chwazi pa tiraj osò pou antre nan tanp Senyè a pou brile lansan.
祭司の慣例にしたがひて、籤をひき主の聖所に入りて、香を燒くこととなりぬ。
10 Tout foul pèp la t ap priye deyò a nan lè ofrann lansan an.
香を燒くとき、民の群みな外にありて祈りゐたり。
11 Konsa, yon zanj Bondye te parèt kote li, e te kanpe adwat lotèl lansan an.
時に主の使あらはれて、香壇の右に立ちたれば、
12 Zacharie te twouble lè l te wè li, elakrent te sezi li.
ザカリヤ之を見て、心さわぎ懼を生ず。
13 Men zanj lan te di l: “Ou pa bezwen pè, Zacharie, paske sa ou te mande a, tande nan syèl la, e madanm ou, Elizabeth, va fè yon fis pou ou, e ou va nonmen li Jean.
御使いふ『ザカリヤよ、懼るな、汝の願は聽かれたり。汝の妻エリサベツ男子を生まん、汝その名をヨハネと名づくべし。
14 Ou va gen lajwa avèk kè kontan, e anpil moun va rejwi nan nesans li.
なんぢに喜悦と歡樂とあらん、又おほくの人もその生るるを喜ぶべし。
15 “Paske li va gran nan zye Bondye. Li p ap bwè ni diven, ni gwòg; e li va ranpli avèk Lespri Sen an menm lè l toujou nan vant.
この子、主の前に大ならん、また葡萄酒と濃き酒とを飮まず、母の胎を出づるや聖 靈にて滿されん。
16 Li va fè anpil moun nan fis Israël yo retounen a Senyè a, Bondye yo a.
また多くのイスラエルの子らを、主なる彼らの神に歸らしめ、
17 Se li ki va ale devan Li menm, nan lespri avèk pouvwa Élie a, pou fè kè a papa yo retounen a zanfan yo, e dezobeyisan yo a yon lespri ladwati; pou fè prepare yon pèp pou Bondye.”
且エリヤの靈と能力とをもて、主の前に往かん。これ父の心を子に、戻れる者を義人の聰明に歸らせて、整へたる民を主のために備へんとてなり』
18 Zacharie te di a zanj lan: “Kijan m ap fè konnen sa? Paske mwen menm se yon granmoun, e madanm mwen avanse nan laj.”
ザカリヤ御使にいふ『何に據りてか此の事あるを知らん。我は老人にて、妻もまた年 邁みたり』
19 Zanj lan te reponn li e te di: “Mwen se Gabriel, ki kanpe nan prezans Bondye a. Mwen te voye pou pale ak ou, e pou pote bòn nouvèl sila a.
御使こたへて言ふ『われは神の御前に立つガブリエルなり、汝に語りてこの嘉き音信を告げん爲に遣さる。
20 Konsa, gade. Ou va rete an silans nèt, e ou p ap kapab pale jiskaske bagay sa yo rive, paske ou pa t kwè pawòl mwen, ki va akonpli nan pwòp lè pa l la.”
視よ、時いたらば必ず成就すべき我が言を信ぜぬに因り、なんぢ物 言へずなりて、此らの事の成る日までは語ること能はじ』
21 Pèp la t ap tann Zacharie, e yo te etone pa reta ke li te fè nan tanp lan.
民はザカリヤを俟ちゐて、其の聖所の内に久しく留るを怪しむ。
22 Men lè l parèt li pa t kapab pale avèk yo. Konsa, yo te vin konprann ke se te yon vizyon ke li te fè nan tanp lan. Li te kontinye fè sign bay yo, e te rete bèbè.
遂に出で來りたれど語ること能はねば、彼らその聖所の内にて異象を見たることを悟る。ザカリヤは、ただ首にて示すのみ、なほ唖なりき。
23 Lè jou a sèvis li kon prèt te fini, li te retounen lakay li.
かくて務の日 滿ちたれば、家に歸りぬ。
24 Apre jou sa yo, Elizabeth te vin ansent. Li te kache pandan senk mwa, e te di:
此の後その妻エリサベツ孕りて、五月ほど隱れをりて言ふ、
25 “Se konsa ke Senyè a aji avè m nan jou ke Li te voye gras Li sou mwen, e Li te retire wont mwen pami lèzòm”.
『主わが恥を人の中に雪がせんとて、我を顧み給ふときは、斯く爲し給ふなり』
26 Alò, nan sizyèm mwa ansent Elizabeth la, zanj Gabriel la te voye sòti nan Bondye a yon vil nan Galilée ki te rele Nazareth,
その六月めに、御使ガブリエル、ナザレといふガリラヤの町にをる處女のもとに、神より遣さる。
27 a yon vyèj ki te fiyanse a yon nonm ki te rele Joseph, ki te sòti nan desandan David yo. Vyèj la te rele Marie.
この處女はダビデの家のヨセフといふ人と許嫁せし者にて、其の名をマリヤと云ふ。
28 Lè l te antre, li te di li: “Sali a ou menm ki twouve favè! Bondye se avèk ou. Ou beni pami fanm yo!”
御使、處女の許にきたりて言ふ『めでたし、惠まるる者よ、主なんぢと偕に在せり』
29 Men Marie te twouble anpil pa pawòl sa a, e li t ap reflechi sou ki kalite salitasyon sa a te ye.
マリヤこの言によりて心いたく騷ぎ、斯かる挨拶は如何なる事ぞと思ひ廻らしたるに、
30 Konsa zanj lan te di l: “Ou pa bezwen krent, Marie, paske ou gen tan twouve favè ak Bondye.
御使いふ『マリヤよ、懼るな、汝は神の御前に惠を得たり。
31 Gade byen, ou va vin ansent. Ou va fè yon fis, e ou va bay li non a Jésus.
視よ、なんぢ孕りて男子を生まん、其の名をイエスと名づくべし。
32 Li va gran e Li va rele Fis a Pi Wo a; epi Senyè Bondye a va bay Li twòn a zansèt Li a, David.
彼は大ならん、至高者の子と稱へられん。また主たる神、これに其の父ダビデの座位をあたへ給へば、
33 Li va renye sou lakay Jacob pou tout tan, e wayòm Li an p ap janm fini.” (aiōn g165)
ヤコブの家を永遠に治めん。その國は終ることなかるべし』 (aiōn g165)
34 Marie te di a zanj lan: “Kijan bagay sa a kapab ye, paske mwen menm se yon vyèj?”
マリヤ御使に言ふ『われ未だ人を知らぬに、如何にして此の事のあるべき』
35 Zanj lan te reponn. Li te di li: “Lespri Sen an va vini sou ou, e pwisans a Pi Wo a va kouvri ou avèk lonbraj Li. Pou rezon sa a, pitit sen sa a va rele Fis a Bondye.
御使こたへて言ふ『聖 靈なんぢに臨み、至高者の能力なんぢを被はん。此の故に汝が生むところの聖なる者は、神の子と稱へらるべし。
36 Epi veye byen, menm nan fanmi ou Elizabeth anplis gen tan vin ansent avèk yon fis nan vyeyès li, e li menm ki te rele esteril, koulye a, nan sizyèm mwa li.
視よ、なんぢの親族エリサベツも、年 老いたれど、男子を孕めり。石女といはれたる者なるに、今は孕りてはや六月になりぬ。
37 Paske anyen pa enposib avèk Bondye.”
それ神の言には能はぬ所なし』
38 Marie te di li: “Men gade, sèvant-dedike a Senyè a; kite sa fèt sou mwen selon pawòl ou.” Konsa, zanj lan te kite li.
マリヤ言ふ『視よ、われは主の婢女なり。汝の言のごとく、我に成れかし』つひに御使はなれ去りぬ。
39 Alò, nan moman sa a, Marie te leve. Li te sòti byen vit pou rive nan peyi kolin yo, nan yon vil yo rele Juda.
その頃マリヤ立ちて山里に急ぎ往き、ユダの町にいたり、
40 Li te antre lakay a Zacharie, e te salye Elizabeth.
ザカリヤの家に入りてエリサベツに挨拶せしに、
41 Li te rive ke lè Elizabeth te tande salitasyon Marie a, pitit la te sote nan vant li, epi Elizabeth te ranpli avèk Lespri Sen an.
エリサベツその挨拶を聞くや、兒は胎内にて躍れり。エリサベツ聖 靈にて滿され、
42 Li te kriye fò avèk yon gran vwa e te di: “Beni se ou pami fanm yo, e beni se fwi a vant ou an!
聲 高らかに呼はりて言ふ『をんなの中にて汝は祝福せられ、その胎の實もまた祝福せられたり。
43 Kijan bagay sa a rive m, ke manman Senyè mwen an ta vin kote mwen?
わが主の母われに來る、われ何によりてか之を得し。
44 Paske gade byen, lè son a salitasyon ou an te rive nan zòrèy mwen, pitit la te sote nan vant mwen avèk jwa.
視よ、なんぢの挨拶の聲、わが耳に入るや、我が兒、胎内にて喜びをどれり。
45 Beni se sila a ki te kwè ke sa Senyè a te pale a ta vin akonpli.”
信ぜし者は幸福なるかな、主の語り給ふことは必ず成就すべければなり』
46 Marie te di: “Nanm mwen egzalte Senyè a,
マリヤ言ふ、『わがこころ主をあがめ、
47 Lespri mwen gen tan rejwi nan Bondye, Sovè mwen an.
わが靈はわが救主なる神を喜びまつる。
48 Paske li te gade eta ba sèvant Li an; paske gade byen, soti nan moman sa a jiska tout jenerasyon yo, yo va rele m beni.
その婢女の卑しきをも顧み給へばなり。視よ、今よりのち萬 世の人われを幸福とせん。
49 Paske Toupwisan an te fè gwo bagay pou mwen. Non Li sen.
全能者われに大なる事を爲したまへばなり。その御名は聖なり、
50 Epi mizerikòd Li sou jenerasyon apre jenerasyon vè sila ki krent Li yo.
そのあはれみは代々かしこみ恐るる者に臨むなり。
51 Li fè zèv pwisan yo avèk bra Li. Li te gaye sila avèk panse ògèy nan kè yo.
神は御腕にて權力をあらはし、心の念に高ぶる者を散し、
52 Li rale fè desann chèf yo sou twòn yo, e Li egzalte sila ki enb yo.
權勢ある者を座位より下し、いやしき者を高うし、
53 Li ranpli sila ki grangou yo avèk bon bagay; e Li voye rich yo ale avèk men vid.
飢ゑたる者を善き物に飽かせ、富める者を空しく去らせ給ふ。
54 Li bay sekou a Israël, sèvitè Li a, kon yon sonj mizerikòd Li,
また我らの先祖に告げ給ひし如く、
55 jan Li te pale a zansèt nou yo, a Abraham avèk jenerasyon Li yo jis pou tout tan”. (aiōn g165)
アブラハムとその裔とに對するあはれみを永遠に忘れじとて、僕イスラエルを助けたまへり』 (aiōn g165)
56 Marie te rete avèk li pandan anviwon twa mwa, e te retounen lakay li.
かくてマリヤは、三月ばかりエルザベツと偕に居りて、己が家に歸れり。
57 Alò, lè te rive pou Elizabeth akouche, e li te fè yon fis.
さてエリサベツ産む期みちて男子を生みたれば、
58 Vwazen li yo avèk fanmi li yo te tande ke Senyè a te montre mizerikòd Li, e yo t ap rejwi avèk li.
その最寄のもの親族の者ども、主の大なる憐憫をエリサベツに垂れ給ひしことを聞きて、彼とともに喜ぶ。
59 Li te vin rive ke nan uityèm jou a, yo te vini pou sikonsi pitit la, e yo t ap rele li Zacharie, non a papa li.
八日めになりて、其の子に割禮を行はんとて人々きたり、父の名に因みてザカリヤと名づけんとせしに、
60 Men manman li te reponn e te di: “Non anverite, men l ap rele Jean.”
母こたへて言ふ『否、ヨハネと名づくべし』
61 Yo te di li: “Nanpwen pèsòn pami fanmi ou ki rele pa non sa a.”
かれら言ふ『なんぢの親族の中には此の名をつけたる者なし』
62 Konsa, yo te fè sign a papa a, pou konnen ki non li te vle bay li.
而して父に首にて示し、いかに名づけんと思ふか、問ひたるに、
63 Li te mande yon tablo, e te ekri konsa: “Non li se Jean”. Yo tout te etone.
ザカリヤ書板を求めて『その名はヨハネなり』と書きしかば、みな怪しむ。
64 Konsa, nan yon sèl kou bouch li te louvri, lang li te vin lache e li te kòmanse pale e bay glwa a Bondye.
ザカリヤの口たちどころに開け、舌ゆるみ、物いひて神を讃めたり。
65 Lakrent te vin tonbe sou tout sila yo ki te rete nan landwa sila a; epi tout bagay sa yo te pale nan tout peyi kolin a Juda yo.
最寄に住む者みな懼をいだき、又すべて此 等のこと徧くユダヤの山里に言ひ囃されたれば、
66 Tout sila ki te tande koze sa yo te sonje sa, e te toujou mande: “Alò, kisa nou sipoze pitit sa a va devni?” Paske men Senyè a te vrèman sou li.
聞く者みな之を心にとめて言ふ『この子は如何なる者にか成らん』主の手かれと偕に在りしなり。
67 Papa li, Zacharie, ranpli avèk Lespri Sen an, te pwofetize. Li te di:
かくて父ザカリヤ聖 靈にて滿され預言して言ふ、
68 Beni se Senyè a, Bondye Israël la, paske li vizite nou, Li te acheve redanmsyon pou pèp Li a.
『讃むべきかな、主イスラエルの神、その民をかへりみて贖罪をなし、
69 Li te leve yon kòn sali pou nou lakay David la, sèvitè Li a.
我らのために救の角を、その僕ダビデの家に立て給へり。
70 Jan Li te pale pa bouch a pwofèt Li yo depi nan ansyen tan an, (aiōn g165)
これぞ古へより聖 預言者の口をもて言ひ給ひし如く、 (aiōn g165)
71 Delivrans sou lènmi nou yo, ak nan men a tout sila ki rayi nou yo;
我らを仇より、凡て我らを憎む者の手より、取り出したまふ救なる。
72 pou montre mizerikòd vè zansèt nou yo, e pou sonje akò sen Li an,
我らの先祖に憐憫を垂れ、その聖なる契約を思し、
73 Sèman ke Li te fè a Abraham, zansèt nou an,
我らの先祖アブラハムに立て給ひし御誓を忘れずして、
74 pou pèmèt ke nou menm, ki te delivre nan men lènmi nou yo, ta kapab sèvi Li san krent,
我らを仇の手より救ひ、生涯、主の御前に、
75 nan sentete ak ladwati devan Li, pandan tout jou nou yo.
聖と義とをもて懼なく事へしめたまふなり。
76 Epi ou menm pitit, ou va rele pwofèt a Pi Wo a; paske ou va ale devan Senyè a, pou prepare chemen Li an;
幼兒よ、なんぢは至高者の預言者と稱へられん。これ主の御前に先だちゆきて、其の道を備へ、
77 pou bay pèp Li a konesans a sali a, pou padon peche pa yo.
主の民に罪の赦による救を知らしむればなり。
78 Akoz de mizerikòd byen dous a Bondye nou an, k ap fè Solèy ki leve soti anwo a vin vizite nou.
これ我らの神の深き憐憫によるなり。この憐憫によりて朝のひかり、上より臨み、
79 Pou briye sou sila ki chita nan tenèb yo ak nan lonbraj lanmò a, pou gide pye nou nan chemen lapè a.
暗黒と死の蔭とに坐する者をてらし、我らの足を平和の路にみちびかん』
80 Pitit la te kontinye grandi, e te vin fò nan lespri. Konsa, li te viv nan dezè yo jis jou li te parèt piblikman an Israël.
かくて幼兒は漸に成長し、その靈 強くなり、イスラエルに現るる日まで荒野にゐたり。

< Lik 1 >