< Levitik 7 >

1 “‘Alò sa se lalwa ofrann koupabilite a: li pi sen pase tout.
Takie jest prawo ofiary za przewinienie: jest to rzecz najświętsza.
2 Nan plas kote yo touye ofrann brile a, yo dwe touye ofrann koupabilite a, e li va flite san li toupatou sou lotèl la.
Na miejscu, gdzie zabijają ofiarę całopalną, zabiją ofiarę za przewinienie, a pokropią jej krwią z wierzchu dokoła ołtarz.
3 Answit, li va ofri li avèk tout grès li: grès ke avèk grès ki kouvri zantray yo,
I [kapłan] złoży w ofierze cały jej tłuszcz, ogon i tłuszcz pokrywający wnętrzności;
4 ak de ren yo avèk grès ki sou yo, ki nan pati senti a; epi gwo bout fwa a, li va retire avèk ren yo.
Obie nerki z tłuszczem, który jest na nich i na lędźwiach, i płat tłuszczu na wątrobie, który oddzieli wraz z nerkami.
5 Prèt la va ofri yo nan lafimen sou lotèl la kòm yon ofrann pa dife bay SENYÈ a. Li se yon ofrann koupabilite.
I kapłan spali to na ołtarzu jako ofiarę ogniową dla PANA. To jest ofiara za przewinienie.
6 Chak mal pami prèt yo kapab manje li. Li pi sen pase tout.
Każdy mężczyzna spośród kapłanów będzie z niej jeść, będzie spożywana na miejscu świętym. Jest to rzecz najświętsza.
7 “‘Ofrann koupabilite a se tankou ofrann peche a, se yon sèl lwa pou yo. Prèt ki fè ekspiyasyon avèk li a va genyen li.
Zarówno do ofiary za grzech, jak i do ofiary za przewinienie odnosi się jednakowe prawo: będą one [należeć] do tego kapłana, który dokonuje przebłagania.
8 Osi, prèt ki prezante ofrann brile a nenpòt moun nan, prèt sa a va gen pou li menm, po a ofrann brile ke li te prezante a.
Do kapłana, który składa czyjąś ofiarę całopalną, będzie [należeć] skóra tej ofiary, którą złożył.
9 Menm jan an, chak ofrann sereyal ki vin kwit nan fou a ak tout bagay ki prepare nan yon pwalon va rete pou prèt ki prezante li a.
Także każda ofiara pokarmowa upieczona w piecu i wszystko, co przyrządzone w rondlu albo na patelni, będzie [należeć] do kapłana, który je składa.
10 Tout ofrann sereyal, mele avèk lwil oswa sèch, va vin apatyen a tout fis Aaron yo, tout menm jan an.
Lecz każda ofiara pokarmowa zmieszana z oliwą albo sucha będzie należeć do wszystkich synów Aarona, do każdego w równej części.
11 “‘Alò, sa se lalwa sakrifis ofrann lapè ki va prezante bay SENYÈ a.
A takie jest prawo ofiary pojednawczej, którą będzie się składać PANU.
12 Si li ofri li pou bay remèsiman, alò, ansanm avèk sakrifis remèsiman an, li va ofri gato san ledven mele avèk lwil, galèt kouvri avèk lwil, ak gato farin fen mele avèk lwil.
Jeśli [ktoś] składa ją jako ofiarę dziękczynną, złoży z ofiarą dziękczynną przaśne placki zmieszane z oliwą, przaśne podpłomyki pomazane oliwą i placki z mąki pszennej zmieszane z oliwą i smażone.
13 Avèk sakrifis ofrann lapè pou bay remèsiman an, li va prezante ofrann li an avèk gato pen san ledven.
Oprócz tych placków złoży jako ofiarę chleb zakwaszony wraz z ofiarą dziękczynną ze swoich ofiar pojednawczych.
14 De sa, li va prezante youn nan chak ofrann kòm yon don bay SENYÈ a. Li va apatyen a prèt ki flite san ofrann lapè yo.
I z niego będzie składał PANU po jednym [chlebie] z każdej ofiary jako ofiarę wzniesienia. Będzie to [należeć] do kapłana, który kropi krwią [ofiar] pojednawczych.
15 Alò, pou chè a sakrifis ofrann lapè li yo, li va manje nan jou li ofri a. Li p ap kite anyen nan li rete pou maten.
Mięso z dziękczynnej ofiary pojednawczej należy spożyć w dniu składania jego ofiary; nic z niego nie zostawią do rana.
16 “‘Men si sakrifis lapè a se yon ofrann pou fè ve, oswa yon ofrann bòn volonte, li va manje nan jou ke li ofri sakrifis la. Epi nan pwochen jou a, sa ki rete a, ap kapab manje;
A jeśli jego ofiara jest darem ślubowanym lub dobrowolnym, należy ją spożyć w dniu jej złożenia; a to, co z niej zostanie, spożyją nazajutrz.
17 men sa ki rete nan chè sakrifis la, nan twazyèm jou a, va brile avèk dife.
Lecz jeśli coś z mięsa tej ofiary zostanie do trzeciego dnia, będzie spalone w ogniu.
18 Alò, si nenpòt nan chè sakrifis ofrann lapè yo ta janm manje nan twazyèm jou a, sila ki ofri li a, p ap aksepte, e li p ap konte nan avantaj li. Li va yon bagay lèd, e moun ki manje ladann nan, va pote pwòp inikite pa li.
A jeśli ktoś zje mięso tej ofiary pojednawczej trzeciego dnia, nie zostanie przyjęta ani nie zostanie policzona temu, który ją złożył. Będzie to obrzydliwością, a kto ją spożyje, będzie obciążony nieprawością.
19 “‘Osi, chè ki touche yon bagay ki pa pwòp p ap manje. Li va brile avèk dife. Pou lòt chè, nenpòt moun ki pwòp kapab manje chè sa a.
Mięso, które dotknie czegoś nieczystego, nie będzie spożywane, ale zostanie spalone w ogniu. Inne mięso zaś może jeść każdy, kto jest czysty.
20 Men moun ki manje chè sakrifis ofrann lapè ki apatyen a SENYÈ a lè l pa pwòp, moun sa a va vin koupe retire de pèp li a.
A ktokolwiek spożyje mięso z ofiary pojednawczej, która należy do PANA, będąc nieczysty, to taki człowiek zostanie wykluczony ze swego ludu.
21 Lè yon moun touche yon bagay ki pa pwòp, kit se bagay sal ki sòti nan moun, kit se yon bèt ki pa pwòp, kit se yon vye bagay sal, e manje chè sakrifis ofrann lapè ki apatyen a SENYÈ a, moun sa a va vin koupe retire de pèp li a.’”
A kto dotknie czegoś nieczystego: nieczystości ludzkiej [lub] nieczystego zwierzęcia lub jakiejkolwiek nieczystej obrzydliwości, a spożyje mięso z ofiary pojednawczej, która należy do PANA, to taki człowiek zostanie wykluczony ze swego ludu.
22 Answit, SENYÈ a te pale a Moïse. Li te di:
PAN powiedział jeszcze do Mojżesza:
23 “Pale avèk fis Israël yo e di: ‘Nou pa pou manje okenn grès a yon bèf, yon mouton, oswa yon kabrit.
Powiedz synom Izraela: Nie będziecie jedli żadnego tłuszczu wołu, owcy ani kozy;
24 Osi, grès a yon bèt ki mouri e grès a yon bèt ki dechire pa bèt parèy li kapab mete a nenpòt lòt sèvis, men anverite, nou pa pou manje li.
Tłuszcz [zwierzęcia] padłego lub tłuszcz rozszarpanego może być używany do wszelkich celów, ale spożywać go nie wolno.
25 Paske nenpòt moun ki manje nan grès animal ki soti nan yon ofrann pa dife ki ofri bay SENYÈ a, menm moun ki manje l, va koupe retire de pèp li a.
Ktokolwiek bowiem spożyje tłuszcz zwierzęcia złożonego PANU jako ofiarę ogniową, ten zostanie wykluczony ze swego ludu.
26 Nou pa pou bwè okenn san, ni san zwazo, ni san bèt, ni okenn san nan abitasyon nou yo.
Żadnej krwi nie będziecie jeść we wszystkich waszych mieszkaniach – ani z ptaków, ani ze zwierząt.
27 Nenpòt moun ki bwè nenpòt san, menm moun sa a va koupe retire de pèp li a.’”
Każdy człowiek, który spożyje jakąkolwiek krew, zostanie wykluczony ze swego ludu.
28 Answit, SENYÈ a te pale a Moïse. Li te di:
PAN powiedział jeszcze do Mojżesza:
29 “Pale avèk fis Israël yo, e di: ‘Sila ki ofri sakrifis ofrann lapè bay SENYÈ a, va pote ofrann li an bay SENYÈ a soti nan sakrifis ofrann lapè li a.
Powiedz synom Izraela: Kto będzie składał PANU ofiarę pojednawczą, niech przyniesie PANU swoją ofiarę ze swoich ofiar pojednawczych.
30 Se pwòp men li ki va pote ofrann pa dife a bay SENYÈ a. Li va pote grès la avèk pwatrin nan, pou pwatrin nan kapab prezante kòm yon ofrann voye anlè devan SENYÈ a.
Własnoręcznie przyniesie PANU ofiarę ogniową; przyniesie tłuszcz wraz z mostkiem, aby kołysać nim jako ofiarą kołysaną przed PANEM.
31 Prèt la va ofri grès la nan lafimen sou lotèl la, men pwatrin nan va pou Aaron avèk fis li yo.
Potem kapłan spali tłuszcz na ołtarzu, a mostek będzie należał do Aarona i jego synów.
32 Nou va bay kwis dwat la a prèt la kòm yon don ki sòti nan sakrifis ofrann lapè nou yo.
A prawą łopatkę oddacie kapłanowi jako ofiarę wzniesienia z waszych ofiar pojednawczych.
33 Sila pami fis Aaron ki ofri san ofrann lapè a ak grès la, kwis dwat la va pou li kòm pati pa li.
Kto spośród synów Aarona będzie składał krew ofiar pojednawczych i tłuszcz, weźmie jako swoją część prawą łopatkę.
34 Paske, Mwen te pran pwatrin nan ofrann vag la ak kwis la ki te bay pa fis Israël yo ki sòti nan ofrann lapè pa yo a pou bay yo a Aaron, prèt la, ak fis li yo, kòm dwa yo pou tout tan ki sòti nan fis Israël yo.’”
Gdyż mostek kołysania i łopatkę wzniesienia wziąłem od synów Izraela z ich ofiar pojednawczych i dałem je kapłanowi Aaronowi oraz jego synom od synów Izraela na mocy wiecznej ustawy.
35 Se sa ki konsakre a Aaron e ki konsakre a fis li yo soti nan ofrann brile bay SENYÈ a, depi jou ke li te prezante yo pou sèvi kòm prèt bay SENYÈ a.
To jest część z ofiar ogniowych PANA [z powodu] namaszczenia Aarona i jego synów od dnia, kiedy przyprowadził ich, aby pełnili służbę kapłańską dla PANA;
36 Sa yo SENYÈ a te kòmande pou bay yo sòti nan fis Israël yo nan jou ke li te onksyone yo a. Se dwa yo pou tout tan atravè tout jenerasyon pa yo.
O którym PAN rozkazał, aby im dawano od synów Izraela w dniu, w którym ich namaścił, na mocy wiecznej ustawy dla ich pokoleń.
37 Sa se lalwa pou ofrann brile a, ofrann sereyal, ofrann peche, ofrann koupabilite, ofrann òdinasyon ak sakrifis ofrann lapè yo,
Takie jest prawo całopalenia, ofiary pokarmowej, ofiary za grzech, ofiary za przewinienie, ofiary poświęcenia i ofiary pojednawczej;
38 ke SENYÈ a te kòmande Moïse nan Mòn Sinaï nan jou ke li te kòmande fis Israël yo pou prezante ofrann pa yo bay SENYÈ a nan dezè Sinaï a.
Które PAN nadał Mojżeszowi na górze Synaj w dniu, kiedy nakazał synom Izraela, aby składali swoje ofiary PANU na pustyni Synaj.

< Levitik 7 >