< Levitik 25 >

1 Alò, SENYÈ a te pale a Moïse. Li te di:
上主在西乃山訓示梅瑟說:」
2 “Pale a fis Israël yo pou di yo: ‘Lè nou vini nan peyi ke Mwen va bannou an, alò, tè a va gen yon Saba pou SENYÈ a.
你告訴以色列子民說:幾時你們進入了我要賜給你們的地方,這地方將為上主守安息。
3 Pandan sis ane, nou va plante chan nou yo, e pandan sis ane, nou va netwaye chan rezen an e rasanble pou fè rekòlt li,
六年之內,你可播種田地;六年之內,你可修剪葡萄園,收穫其中的出產。
4 men pandan setyèm ane a, tè a va gen yon repo Saba, yon Saba pou SENYÈ a. Nou p ap ni plante chan an ni netwaye chan rezen an.
但到第七年,地應完全休息,是上主的安息年。你不可播種田地,也不可修剪葡萄園;
5 Donn nan chan ki grandi pa aza konsa a, nou pa pou rekòlte li, e rezen nou yo ki parèt sou branch ki pa t taye yo, nou pa pou ranmase yo. Tè a va gen yon ane Saba.
連你收穫後而自然生出的,你也不可收割;葡萄樹未加修剪而結的葡萄,你也不可採摘;是地完全休息的一年。
6 Konsa, nou tout va gen pwodwi Saba nan peyi a kòm manje nou; nou menm, esklav yo, ni mal ni femèl, anplwaye nou yo, etranje ki rezidan pami nou yo, sila ki viv tankou moun lòt nasyon pami nou yo.
地在休息期而自然生出的,可供你們吃:即供給你、你的僕卑、傭工和與你同住的客人吃。
7 Menm bèf nou yo avèk bèt ki nan peyi a va gen tout pwodwi li kòm manje.
地自然生的,也可供給你的牲畜和你地中的走獸吃。喜年
8 “‘Nou dwe osi kontwole sèt Saba pa lane yo pou nou menm; sèt fwa sèt ane, jiskaske nou kontwole tan ke sèt Saba nan Saba ekoule yo; otreman, karant-nèf ane.
你應計算七個安息年,即七乘七年;七個安息年的時期,正是四十九年。
9 Alò, lè lè sa a rive nou va sone kòn belye a toupatou nan dizyèm jou nan setyèm mwa a. Nan jou ekspiyasyon an, nou va sone yon kòn toupatou nan peyi a.
這年七月初十,你應吹號即在贖罪節日,你們應在全國內吹起號角,
10 Se konsa, nou va konsakre senkantyèm ane a e pwoklame remisyon toupatou nan peyi a, a tout abitan li yo. Li va yon jibile pou nou, e nou chak va retounen nan pwòp teren pa nou ak pwòp fanmi pa nou.
祝聖第五十年,向全國居民宣布自由;為你們是一喜年,人各歸其祖業,人各反其家庭。
11 Nou va gen senkantyèm ane a kòm yon ane jibile. Nou pa pou plante, ni rekòlte sa ki grandi konsa nan tè, ni ranmase fwi ki sòti nan branch ki pa t netwaye yo.
第五十年為你們是一喜年,不可播種;自然生出的,不可收穫;葡萄樹未加修剪而結的葡萄,不可採摘,
12 Paske se yon jibile; li va sen pou nou. Nou va manje pwodwi li ki sòti nan chan an.
為這是喜年,為你們應是聖年;你們只可吃田地自然生的。
13 “‘Nan ane jibile sila a, nou chak va retounen nan pwòp tè pa nou.
在這喜年內,人各歸其祖業。
14 “‘Anplis, si nou fè lavant bay zanmi nou, oswa achte nan men zanmi nou, nou pa pou fè tò a youn lòt.
為此,如你賣給你的同胞產業,或由你的同胞購買,你們不可彼此欺壓;
15 Konsènan nonb ane apre jibile yo, konsa, nou va achte nan men zanmi nou. Li dwe vann nou selon nonb ane rekòlt yo ki rete.
你應照上次喜年後的年數由你同胞購買,他應照收穫的年數賣給你。
16 Nan menm fòs ane ki rete yo, nou va ogmante pri a, e nan menm fòs ane ki manke yo, nou va redwi pri a, paske li se fòs rekòlt ki rete ke l ap vann ou an.
年數越多,你越應多付買價;年數越少,越應少付買價,因為他賣給你的事物產的數目。
17 Konsa, pinga nou fè tò a youn lòt, men nou va krent Bondye nou an; paske Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.
為此,你們不可彼此欺壓,但應敬畏你的天主,因為我上主是你們的天主。
18 “‘Se konsa ke nou va obsève règleman Mwen yo e kenbe jijman Mwen yo, pou akonpli yo, pou nou kapab viv an sekirite sou tè a.
你們應遵行我的法令,遵守我的規定,一一依照執行,好叫你們平安地住在這地上,
19 “‘Konsa, tè a va donnen pwodwi li pou nou kapab manje vant plen, e viv an sekirite sou tè a.’”
地必供給出產,使你們吃飽,平安住在地上。
20 “Men si nou ta di: ‘Kisa n ap manje nan setyèm ane a si nou pa ni plante ni rekòlte rekòlt nou yo? Gade byen, nou pa p semen, ni rasanble pwodwi nou;’
若你們追問說:到第七年,我們若不能播種,又不能收集我們的出產,我們吃什麼﹖
21 alò, Mwen va tèlman regle benediksyon Mwen yo pou nou nan sizyèm ane a, pou li kab pote yon rekòlt twazan.
在第六年上,我必決定祝福你們,叫地有三年的出產;
22 Lè nou ap plante nan uityèm ane a, nou kapab toujou manje ansyen bagay a rekòlt yo, e nou va kontinye manje vye a jis rive nan nevyèm ane a lè rekòlt pa li kòmanse antre a.
你們在第八年上播種時,還吃陳糧;直到第九年,直到收割新糧時,還有陳糧吃。[土地贖回法]
23 “Tè a, anplis, pa pou vann nèt, paske tè a se pa M; paske nou se sèlman etranje k ap demere avè M.
土地不可出賣而無收回權,因為地是我的,你們為我只是旅客或住客。
24 Konsa, nan chak mòso tè ke nou posede, fòk nou fè pwovizyon pou peye ranson tè a.
對你們所佔的各地,應承認地有贖回權。
25 “Si yon moun peyi parèy nou an vin tèlman pòv ke li oblije vann yon pati nan tè li a, alò, se fanmi pi pre li a ki dwe peye ranson ke manm fanmi li te vann nan.
如果你的兄弟貧窮,賣了一份家產,他的至親可來作代贖人,贖回他兄弟所賣的家產。
26 Oswa nan ka a yon moun ki pa gen fanmi, men ki tèlman regle zafè li pou twouve ase mwayen pou peye ranson an,
若沒有代贖人,幾時自己富足了,有了足夠的贖價,
27 alò, li va kalkile ane yo soti lè li te vann nan, e remèt fòs balans sa a moun ke li te vann li an. Konsa li va retounen vin pwòp teren pa l.
當計算賣出後的年數,將差額還給買主,收回自己的家產。
28 Men si li poko twouve ase mwayen pou reprann li pou kont li, alò, sa ke li te vann nan, va rete nan men a sila ki achte li a jis rive nan ane jibile a. Men nan jibile a, li va libere, pou li kapab retounen kon pwòp tè pa li.
如果他無法獲得足夠的贖價,他所賣的,應存於買主之手直到喜年;到了喜年,地應退還,賣主收回自己的家產。房屋贖回法
29 “Menm jan an, si yon mesye vann yon kay nan yon vil ki antoure avèk miray, alò, dwa pou peye ranson pa l la va dire pou tout 1 nan.
若人賣了一所在城牆內的住宅,自賣出後,一年內,他有贖回的權利;他贖回的權利為期一年。
30 Men si li pa peye ranson li an nan 1 nan ki ekoule a, alò, kay ki nan vil antoure avèk miray la va pase nèt bay sila ki te achte li pou tout jenerasyon li yo. Li p ap remèt nan jibile a.
如果滿了一年,他沒有贖回,在城牆內的房屋應歸買主與其後代,再無收回權;即使到了喜年,亦不應退還。
31 Men kay nan vil ki pa antoure avèk miray yo va konsidere kòm chan ouvri; yo gen dwa peye ranson an e yo va remèt nan jibile a.
但房屋在沒有圍牆的村莊內,應算是田產,有贖回的權利;到了喜年應該退還。
32 “Men nan vil ki pou Levit yo, Levit yo gen yon dwa pèmanan pou peye ranson nan vil ki se posesyon pa yo.
至於肋未人得為產業的城市中的房屋,肋未人永享有贖回權。
33 Konsa, sa ki pou Levit yo kapab peye ranson e yon vant kay nan vil posesyon sila a va remèt nan jibile a. Paske vil Levit yo se posesyon pa yo pami fis Israël yo.
如一肋未人在他得為產業的城市出賣的房屋,沒有贖回,在喜年仍可收回,因為肋未城中的房屋,是他們在以色列子民中所得的不動產。
34 Men chan pou bèt nan vil pa yo pa pou vann, paske sa se posesyon pa yo pou tout tan.
但是,他們城外四郊之地,不可變賣,因為是永屬他們的產業。對同胞不可取利
35 “Alò, nan ka ke yon moun peyi nou an vin pòv e zafè li vin gate, alò, nou gen pou bay li soutyen. Li va viv tankou etranje, oswa yon moun k ap demere, pou li kapab toujou rete pami nou.
如果你的兄弟貧窮,無力向你還債,你應像待外方人一樣或旅客一樣扶持他,叫他能與你一起生活。
36 Pa pran enterè ni avantaj sou li, men onore Bondye ou a pou li kapab viv avèk ou.
不應向他索取利息或重利,但應敬畏你的天主,讓他與你一起生活,如你的兄弟。
37 Ou pa pou bay li lajan ou avèk enterè, ni manje ou pou fè pwofi.
借給他銀錢,不可取利息;借給他糧食,不可取重利。
38 Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an ki te fè nou sòti nan peyi Égypte la pou bannou peyi Canaan an pou M kapab Bondye nou.
我上主是你們的天主,我領你們離開埃及地,將客納罕第賜給你們,是為做你們的天主。以色列人為奴的法律
39 “Si yon moun peyi parèy nou vin tèlman pòv pami nou menm, e li vin vann tèt li bannou, nou pa pou desann li nan sèvis esklavaj.
若你身旁的兄弟窮了,賣身給你不可迫他勞作如同奴隸一樣;
40 Li va rete avèk nou kòm yon jounalye, menm kòm yon demere. Li va sèvi avèk nou jis rive nan ane jibile a.
他在你身旁,應像傭工或外僑,給你工作直到喜年。
41 Konsa li va sòti de nou menm, li menm avèk fis li yo avè l, e li va retounen vè fanmi li, pou li kapab retounen nan teren zansèt li yo.
那時,他和他的子女應離開你,回本家,復歸期祖業;
42 Paske yo se sèvitè Mwen ke Mwen te mennen sòti nan peyi Égypte la. Yo pa pou vann kon vant esklav la.
因為他是我的僕役,是我由埃及地領出來的;他們不能賣身,如同出賣奴隸。
43 Nou pa pou domine li avèk severite, men onore Bondye nou an.
你不可虐待他,但應敬畏你的天主。
44 “Selon esklav, mal ak femèl ke petèt nou kapab gen, —-nou kapab jwenn esklav mal ak femèl nan nasyon payen ki antoure nou yo.
你需要的奴婢,應來自四周的民族,由他們中可購買奴婢。
45 Alò, osi, se soti nan fis a demere k ap viv pami nou yo, ke nou kapab vin genyen yo, e ladann nan fanmi pa yo ki avèk nou, ke yo va gen tan pwodwi nan peyi nou; yo menm osi kapab devni posesyon pa nou.
此外,可從同你們住在一起的外方人中,或從他們在你們境內所生的後代子孫中,購買奴婢。這些奴婢可成為你們的產業,
46 Nou kapab menm sede a fis apre nou yo, pou resevwa yo kòm yon posesyon. Nou kapab sèvi yo kòm esklav pou tout tan. Men pou moun peyi nou an, nou pa pou domine avèk severite youn sou lòt.
可將他們留給你們的後代子孫,當作永久的產業,使他們勞作。至於你們的兄弟以色列子民,彼此既是兄弟,不可嚴加虐待。
47 “Alò, si mwayen a yon etranje, oswa yon demere avèk nou vin rich, e yon moun peyi parèy a nou an vin tèlman pòv ke li vin vann tèt li bay yon etranje ki demere pami nou, oswa desandan a yon fanmi etranje,
若外方人,或寄居在你處的人乘了富翁,你的兄弟反而窮了,欠他的債,而賣身給寄居在你處的外方人,或外方人家中的後代;
48 alò, li va gen dwa peye ranson nan moman li fenk vann nan. Youn nan frè li yo kapab peye ranson li an,
賣身以後,仍享有贖回的權利;他的人一個兄弟可以贖他;
49 oswa tonton li, oswa fis tonton li, kapab peye ranson li an, oswa si li vin pwospere, li kapab peye ranson an pou pwòp tèt li.
他的叔伯,或他叔伯的兒子可以贖他;他家中的任何至親骨肉都可以贖他;如他自己致富,亦可自贖。
50 Konsa, li menm avèk sila ki te achte li a, va kalkile ansanm soti nan ane ke li te vann tèt li bay li menm nan jis pou rive nan jibile a. Pri lavant li an va koresponn a nonb ane ke li te avèk li yo. Se tankou jou a yon jounalye ke li va avèk li.
他應同購買自己的人,計算從賣身給他以後到喜年的年數;贖價應依照年數的多少,並按照傭工每日的工價決定;
51 Si gen toujou anpil ane, li va remèt yon pati nan pri lavant lan pou kouvri yo pou peye pwòp ranson pa li.
如剩下的年數尚多,他應依照年數的多少,出一部份贖價來贖身。
52 Si se pa anpil ane ki rete pou rive nan ane jibile a, li va kalkile sa avèk li. Selon ane ki rete yo li va remèt menm fòs la pou pri ranson an.
如直到喜年剩下的年數不多,應這樣計算:依照年數的比例交付贖價。
53 Menm tankou yon ouvriye ki anplwaye ane pa ane li va konsa avèk li. Li p ap domine sou li avèk severite devan zye nou.
買主對他應像每年雇的工人;不可當著你虐待那人。
54 “Menm si li pa peye ranson an pa mwayen sila yo, li va toujou sòti nan ane jibile a, li menm avèk fis li yo avè l.
如果那人不能這樣贖身,到了喜年,他可與兒女自由離去。
55 Paske fis Israël yo se sèvitè Mwen; yo se sèvitè Mwen ke M te mennen fè sòti nan peyi Égypte yo. Mwen se Senyè a, Bondye nou an.
因為以色列子民只對我是奴隸,他們是我的奴隸,是我領他們離開了埃及地:我,上主是你們的天主。

< Levitik 25 >