< Jij 9 >

1 Abimélec, fis a Jerubbaal la te ale nan Sichem vè fanmi manman li. Li te pale ak yo e a tout fanmi lakay granpapa li bò kote manman l. Li te di:
Abimelèk, pitit gason Jewoubaal ki te rele Jedeyon tou, ale lavil Sichèm kote frè menm manman avè l' yo te rete. Li pale ak yo ansanm ak tout fanmi papa manman l' yo, li di yo:
2 “Pale koulye a, pou tout chèf Sichem yo tande: ‘Kisa k ap pi bon pou nou, ke swasann-dis lòm, tout fis a Jerubbaal yo vin renye sou nou, oswa ke yon sèl moun renye sou nou?’ Anplis, sonje byen ke mwen se zo nou ak chè nou.”
-Tanpri, ale pale ak tout grannèg ki mèt lavil Sichèm yo. Mande yo si yo ta pito gen tout swasanndis pitit gason Jewoubaal yo pase yon sèl ladan yo pou chèf? Pa bliye, se bon fanmi san nou mwen ye!
3 Fanmi li yo te pale tout pawòl sila yo pou li menm kote pou tout chèf Sichem yo tande. Kè yo te apye vè Abimélec, akoz yo te di: “Li se fanmi nou.”
Se konsa tout fanmi manman Abimelèk yo mache pale ak tout grannèg ki mèt lavil Sichèm yo, yo mande yo menm bagay la. Tout moun te panche pou Abimelèk, paske yo t'ap di se ti fanmi yo li ye.
4 Yo te ba li swasann-dis pyès ajan soti lakay Baal-Berith, avèk sila Abimélec te anplwaye kalite mesye sanzave yo san kontwòl e yo te swiv li.
Yo ba li swasanndis pyès ajan yo te pran nan tanp Baal-Berit la. Avèk lajan sa a, li lwe sèvis kèk vòryen ak kèk vakabon pou mache avè l'.
5 Konsa, li te ale lakay papa li nan Ophra e te touye frè li yo, fis a Jerubbaal yo, swasann-dis zòm, sou yon sèl wòch. Men Jotham, fis pi piti a Jerubbaal la te chape, akoz li te kache kò li.
L' ale lakay papa l' nan lavil Ofra, li touye tout swasanndis frè l' yo, pitit Jewoubaal yo, anwo menm wòch la. Men, dènye pitit gason Jewoubaal la, Jotam, te kache. Se konsa li pa t' mouri.
6 Tout mesye a Sichem yo avèk tout Beth-Millo yo te rasanble ansanm pou yo te ale fè Abimélec wa kote bwadchenn nan akote pilye ki te Sichem nan.
Lè sa a, tout chèf ki nan lavil Sichèm yo ansanm ak tout moun Bèt Milo yo mete tèt yo ansanm, y' al toupre pye bwadchenn repozwa ki kanpe nan lavil Sichèm lan, yo fè Abimelèk wa.
7 Alò, lè yo te di Jotham sa, li te ale kanpe sou tèt Mòn Garizim nan. Li te leve vwa li pou rele fò Konsa, li te di yo: “Koute mwen, O mesye Sichem yo, pou Bondye kapab tande nou.
Lè Jotam vin konn sa, l' al kanpe sou tèt mòn Garizim lan, li pran pale byen fò pou tout moun tande, li di konsa: -Nou menm grannèg ki mèt lavil Sichèm yo, koute sa m'ap di nou. Apre sa, se pou Bondye koute sa nou menm nou pral di.
8 Yon fwa pyebwa yo te ale pou onksyone yon wa sou yo. Yo te di a bwa doliv la: ‘Vin renye sou nou!’
Vwala yon jou, tout pyebwa yo pran desizyon chwazi yon wa pou mete alatèt yo. Yo di pye benzoliv la: Vin gouvènen nou non!
9 “Men oliv la te di yo: ‘Èske mwen ta kite tout grès mwen, ke ni Bondye ni lèzòm onore, pou m ta balanse feyaj mwen sou bwa yo?
Pye benzoliv la di yo: Nou ta vle mwen sispann bay lwil ki sèvi pou fè lwanj bondye yo ak lwanj lèzòm pou m' al chèf sou tout pyebwa!
10 “Epi bwa yo te di a pye fig la: ‘Ou menm, vin renye sou nou!’
Y' al jwenn pye figfrans lan, yo di l': Ou menm, pye figfrans, vin gouvènen nou non!
11 “Men pye fig la te di yo: ‘Èske mwen ta dwe kite dousè mwen ak bon fwi mwen, pou m ta balanse feyaj mwen sou bwa yo?’
Pye figfrans lan di yo: Nou ta vle mwen sispann bay bon ti fwi dous pou m' ale chèf sou tout pyebwa!
12 “Epi bwa te di a pye rezen an: ‘Ou menm, vin renye sou nou!’
Lè sa a, yo di pye rezen an: Ou menm pye rezen, vin gouvènen nou non!
13 “Men pye rezen an te di yo: ‘Èske mwen ta dwe kite diven nèf mwen ki fè kè Bondye ak kè lezòm kontan, pou m ta balanse feyaj mwen sou bwa?’
Pye rezen an di yo: Nou ta vle mwen sispann bay diven ki fè kè bondye yo ak kè lèzòm kontan pou m' al chèf sou tout pyebwa!
14 “An dènye, tout bwa yo te di a raje pikan yo: ‘Ou menm, vin renye sou nou!’
Lè sa a, yo di pye pikan an: Ou menm pye pikan, vin gouvènen nou non!
15 “Epi raje pikan yo te di a bwa yo: ‘Si anverite w ap onksyone mwen kòm wa sou nou, vin pwoteje nou menm anba lonbraj mwen. Men si se pa sa, kite dife a sòti nan raje pikan an pou brile nèt tout sèd Liban yo.’
Pye pikan an di yo: Si nou soti tout bon vre pou nou fè m' wa alatèt nou, enben, vini non. Vin mete kò nou nan lonbraj mwen. Si nou pa fè sa, gen yon sèl dife k'ap soti nan touf pikan an, l'ap boule nou tout, ata pye sèd peyi Liban yo!
16 “Pou sa, si nou te aji an bòn fwa avèk entegrite nan fè Abimélec wa, si nou te aji byen avèk Jerubbaal avèk lakay li e te aji avèk li jan li te merite a——
Koulye a, m'ap mande nou: Eske se tout bon vre epi ak tout kè nou nou mete Abimelèk wa pou gouvènen nou? Dapre nou, se yon bèl bagay nou fè la a pou Jewoubaal ak fanmi l' yo? Eske se sa Jewoubaal merite apre sa li te fè pou nou?
17 paske papa m te goumen pou nou e li te riske lavi li pou te delivre nou nan men Madian.
Chonje jan papa m' te goumen pou nou, jan li te riske lavi l' pou nou, pou l' te ka delivre nou anba men moun Madyan yo.
18 Men nou te leve kont lakay papa m jodi a e nou te touye fis li yo, swasann-dis moun sou yon sèl wòch pou te fè Abimélec, fis a bòn lakay li a, wa sou mesye Sichem yo, akoz li se moun fanmi nou;
Epi pou jòdi a nou leve dèyè fanmi papa m' yo. Nou touye swasanndis pitit gason l' yo sou menm wòch la, epi nou pran Abimelèk, yon pitit gason li fè ak yonn nan sèvant li yo, nou mete l' wa alatèt grannèg lavil Sichèm yo. Poukisa? Paske se fanmi nou li ye?
19 si, alò, an bon fwa avèk entegrite, nou te aji avèk Jerubbaal avèk lakay li a nan jou sa a, rejwi nan Abimélec e ke li rejwi nan nou.
Si se tout bon vre epi ak tout kè nou nou fè Jewoubaal ak fanmi l' yo sa nou fè la a, enben, n'ap kontan avèk Abimelèk nou an. Li menm tou l'a kontan ak nou!
20 Men si se pa sa, ke dife sòti nan Abimélec pou manje nèt tout mesye a Sichem avèk Beth-Millo yo; epi ke dife sòti nan mesye Sichem nan ak Beth-Millo yo pou manje Abimélec nèt.”
Men, si se pa sa, se pou yon dife soti nan Abimelèk pou li boule dènye grannèg lavil Sichèm yo ak tout moun ki nan Bèt Milo. Se pou dife soti nan grannèg lavil Sichèm yo ak tout moun ki nan Kay-Ranble a pou l' devore Abimelèk!
21 Konsa, Jotham te sove ale pou te chape ale Beer e te rete la akoz Abimélec, frè li a.
Apre sa, Jotam kouri met deyò. L' al kache lavil Beyè, paske li te pè Abimelèk, frè l' la.
22 Abimélec te renye sou Israël pandan twazan.
Abimelèk gouvènen pèp Izrayèl la pandan twazan.
23 Epi Bondye te voye yon move lespri antre nan Abimélec avèk mesye Sichem yo. Konsa mesye a Sichem yo te aji an movèz fwa avèk Abimélec,
Apre sa, Bondye mete yon sèl bouyay ant Abimelèk ak grannèg Sichèm yo, li fè grannèg Sichèm yo leve dèyè Abimelèk.
24 jiskaske vyolans ki te fèt a swasann-dis fis Jerubbaal yo te kapab remonte e san pa yo ta kapab vin poze sou Abimélec, frè yo a, ki te touye yo, ak sou mesye Sichem yo, ki te ranfòse men li pou l ta kab touye frè li yo.
Sa te rive konsa pou yo tout te ka peye sa yo te fè a: Abimèlèk pou masakre li te masakre swasanndis pitit gason Jewoubaal yo, grannèg lavil Sichèm yo pou ankouraje yo te ankouraje Abimelèk lè li t'ap touye frè l' yo.
25 Mesye Sichem yo te mete moun an anbiskad kont li sou tèt mòn yo e yo te vòlè tout moun ki te pase bò kote yo nan wout la. Tout sa te pale a Abimélec.
Grannèg lavil Sichèm yo mete anbiskad sou tèt mòn yo ap veye Abimelèk. Moun ki nan anbiskad yo menm te rete ap vòlò tout moun ki t'ap pase sou chemen an bò kote yo. Abimelèk vin konn sa.
26 Alò Gaal, fis Ébed la, te vini avèk fanmi pa li yo pou te travèse Sichem, epi mesye Sichem yo te mete konfyans yo nan li.
Gaal, pitit gason Ebèd la, vin rive lavil Sichèm ansanm ak frè l' yo. Grannèg lavil Sichèm yo fè msye konfyans.
27 Yo te antre nan chan an pou te ranmase rezen, te kraze yo anba pye e te fè yon fèt. Konsa, yo te antre lakay dye pa yo pou te manje, bwè, e te modi Abimélec.
Y' al nan jaden yo, yo keyi rezen nan jaden rezen yo, yo fè diven, yo fè fèt. Y' al nan tanp bondye yo a, yo manje, yo bwè, epi yo bay Abimelèk kont madichon li.
28 Konsa, Gaal, fis a Ébed la te di: “Kilès Abimélec sa a ye, e kilès Sichem ye pou nou ta dwe sèvi li? Se pa fis a Jerubbaal la? Se pa Zebul ki lyetnan li? Sèvi pito mesye Hamor yo, fis a Sichem lan, men poukisa nou ta dwe sèvi li menm?
Gaal, pitit gason Ebèd la, di yo: -Kisa Abimelèk ye menm pou n'ap sèvi l' konsa? Ki kalite moun ki gen nan lavil Sichèm la menm pou y'ap sèvi Abimelèk? Ki moun li ye? An! Pitit gason Jewoubaal la! Epi se nan men l' Zeboul ap resevwa lòd? Poukisa pou n' sèvi l'? Non! Se pou moun Sichèm yo respekte Amò, zansèt yo, se moun fanmi li pou yo sèvi.
29 Pito sa, ke pèp sa a te anba otorite pa m! Konsa, mwen ta retire Abimélec.” Konsa li te pale Abimélec: “Fè lame ou a vin pi gran e vin parèt deyò!”
Pa mande Bondye se mwen ki te chèf pèp sa a! Mwen ta mete Abimelèk nan wòl li! Mwen ta di l': Si ou gen yon gwo lame vre, soti non! Soti vin goumen!
30 Lè Zebul, chèf lavil la te tande pawòl a Gaal yo, fis a Ébed la, kòlè li te vin brile.
Zeboul te chèf lavil Sichèm. Lè li tande tout pawòl Gaal, pitit gason Ebèd la, te di yo, li fache anpil.
31 Li te voye mesaje vè Abimélec pou twonpe li, e te di: “Veye byen, Gaal, fis a Ébed la avèk fanmi li te vini Sichem; epi gade, y ap konplote vil la kont ou.
Li voye mesaje an kachèt bò Abimelèk pou di l' konsa: -Gaal, pitit gason Ebèd la, rive lavil Sichèm ansanm ak frè l' yo. Y'ap moute tèt moun lavil la sou do ou pou yo pa kite ou antre.
32 Pou sa, fòk nou leve pandan nwit lan, nou menm avèk pèp nou an, pou kouche tann nan chan an.
Men sa ou pral fè. Leve nan mitan lannwit ansanm ak tout moun ki avè ou yo, al kache nan tout bwa a.
33 Nan maten, depi solèy la leve, nou va leve bonè pou kouri sou vil la. Epi gade, lè li menm avèk pèp pa li a sòti deyò kont nou, nou va fè avèk yo nenpòt sa nou jwenn chans fè.”
Nan maten, lè solèy fenk leve, w'a parèt, w'a tonbe sou lavil la pou atake l'. Lè Gaal ak moun li yo va soti vin kontre ak ou, w'a kraze l' ak tout fòs ou.
34 Konsa, Abimélec avèk tout pèp ki te avèk li a, te leve pandan lannwit lan pou te kouche tann pou leve kont Sichem nan kat konpayi.
Se konsa, Abimelèk ak tout moun li yo leve lannwit, yo separe fè kat gwoup, y' al kache andeyò limit lavil la.
35 Alò Gaal, fis a Ébed la te sòti e te kanpe devan antre pòtay vil la. Konsa, Abimélec avèk pèp ki te avèk li yo te leve sòti nan anbiskad la.
Gaal, pitit gason Ebèd la, soti, l' al kanpe bò pòtay lavil la. Lè sa a, Abimelèk ak moun pa l' yo soti nan kachèt yo.
36 Lè Gaal te wè pèp la, li te di a Zebul: “Gade, gen moun k ap desann soti nan tèt mòn yo.” Men Zebul te di: “Se lonbraj mòn ke w ap gade tankou moun nan.”
Lè Gaal wè moun yo, li di Zeboul konsa: -Gade. Men yon bann moun k'ap desann sot sou tèt mòn yo! Men, Zeboul di li: -Se pa anyen, monchè! Se lonbraj sou mòn yo ou pran pou moun!
37 Gaal te pale ankò e te di: “Gade, se moun k ap desann soti nan pi wo pati teren an, yon konpayi k ap pase pa chemen bwadchenn divinò yo.”
Gaal di l' ankò: -Gade! Men yon bann moun k'ap desann Mòn Lonbrit latè a. Men yon lòt ankò k'ap vini sou chemen Pye Chenn moun k'ap li zetwal yo.
38 Konsa, Zébul te di li: “Kote ògèy ou fè koulye a, lè ou te di: ‘Kimoun Abimélec ye pou nou ta dwe sèvi li?’ Men se pa moun sa yo ke ou meprize konsa? Ale deyò koulye a pou batay avèk yo!”
Lè sa a, Zeboul di l' konsa: -Kote bèl pawòl ki te nan bouch ou yo? Se pa ou ki t'ap mande ki moun Abimelèk ye konsa pou n'ap sèvi l'? Apa moun ou t'ap pase nan betiz yo? Soti non! Koulye a al goumen ak yo!
39 Alò, Gaal te sòti deyò devan chèf Sichem yo pou te batay avèk Abimélec.
Gaal pran devan, li mennen grannèg lavil Sichèm yo pou y' al goumen ak Abimelèk.
40 Abimélec te kouri dèyè li. Li te sove ale devan l, epi anpil te vin blese jis rive nan antre gran pòtay la.
Men, lè Abimelèk mache sou li, Gaal pran kouri met deyò. Sòlda Abimelèk yo te blese anpil moun rive jouk devan pòtay lavil la.
41 Abimélec te viv nan Aruma; men Zebul te chase Gaal avèk fanmi li jiskaske yo pa t kab rete Sichem.
Apre sa, Abimelèk tounen lavil Awouma. Zeboul menm mete Gaal deyò ak tout frè l' yo, kifè yo pa t' kapab rete lavil Sichèm ankò.
42 Alò, li te vin rive nan jou ki vini an, ke pèp la te sòti rive nan chan an, e yo te pale Abimélec tout sa.
Nan denmen, moun lavil Sichèm yo fè lide soti al nan jaden. Yo vin di Abimelèk sa.
43 Konsa, li te pran pèp li a e te divize yo an twa konpayi. Li te kouche tann nan chan an, e lè l te wè pèp ki t ap sòti nan vil la, li te leve kont yo e te touye yo.
Li pran moun li yo, li separe yo fè twa gwoup epi l' al kache nan jaden yo. Lè li wè moun yo ap soti nan lavil la, li vare sou yo, li pran goumen ak yo, li touye yo.
44 Abimélec avèk konpayi ki te avè l la te kouri devan e te kanpe antre nan pòtay vil la. Lòt de konpayi yo te kouri sou tout moun ki te nan chan an e te touye yo.
Abimelèk ak gwoup li a kouri devan, y' al rete devan pòtay lavil la, pandan de lòt gwoup yo menm t'ap atake moun ki nan jaden yo, yo t'ap touye yo.
45 Abimélec te goumen kont vil la pandan tout jounen an. Li te kaptire vil la e te touye pèp ki te ladann yo. Konsa, li te kraze vil la e te simen sèl ladann.
Abimelèk goumen ak moun lavil la tout jounen an. Li pran lavil la pou li, li touye tout moun ki te ladan l'. Apre sa, li kraze lavil la ratè, epi li simen sèl sou tout anplasman lavil la.
46 Lè tout chèf nan fò Sichem nan te tande sa, yo te antre kache nan chanm enteryè tanp El-Berith la.
Lè tout grannèg ki rete nan gwo fò won Sichèm lan vin konn sa, yo antre al kache nan fò tanp Baal-Berit la.
47 Kèk moun te avèti Abimélec ke tout chèf fò Sichem nan te rasanble ansanm.
Y' al di Abimelèk tout grannèg yo te sanble la.
48 Konsa, Abimélec te monte Mòn Tsalmon an, ansanm ak tout pèp ki te avè l yo. Li te pran yon rach nan men l, e te koupe yon branch nan bwa yo. Li te leve li monte sou zepòl li, e te di pèp ki te avè l yo: “Sa nou wè ke m fè a, fè vit e fè l menm jan an.”
Lè sa a, Abimelèk moute sou mòn Zalmon avèk moun ki te avè l' yo. Li pran yon rach li koupe yon branch bwa, li pran l', li mete l' sou zepòl li. Epi li di tout moun ki te avè l' yo: -Nou wè sa m' fè a, kouri vit! Al fè menm bagay la tou.
49 Tout pèp la te koupe branch yo menm jan an, yo te swiv Abimélec, yo te plase yo kont chanm enteryè a, e yo te limen chanm enteryè a avèk dife anwo sila ki te anndan yo. Konsa, tout mesye nan fò Sichem yo te mouri, anviwon mil gason ak fanm.
Chak moun koupe yon branch bwa vre, epi yo pran mache dèyè Abimelèk. Yo anpile branch bwa yo nan pye fò a. Epi yo mete dife nan fò a ak tout moun yo ladan l'. Se konsa tout moun ki rete nan fò Sichèm lan mouri. Te gen mil (1.000) moun konsa, fanm ak gason, ki mouri.
50 Epi Abimélec te ale Thébets. Yo te fè kan kont Thébets e yo te kaptire li.
Apre sa, Abimelèk ale lavil Tebèz, li sènen l' epi li pran l'.
51 Men te gen yon fò ki te byen fòtifye nan mitan vil la. Tout gason, ni fanm, ni tout chèf lavil la te sove ale rive la e te fèmen kò yo anndan, pou monte sou twati fò a.
Te gen yon gwo fò won nan mitan lavil la. Tout moun, fanm kou gason, ansanm ak chèf yo, kouri al kache ladan l'. Yo fèmen tout pòt yo dèyè yo epi yo moute sou tèt fò a.
52 Pou sa, Abimélec te vini vè fò a, e te goumen kont li. Li te pwoche antre nan fò a pou brile li avèk dife.
Abimelèk rive jouk bò fò a. Li pwoche bò pòt la pou l' te mete dife nan fò a.
53 Men yon sèten fanm te jete yon wòch moulen (sila a ki sòti anwo nan moulen an) sou tèt Abimélec e te kraze zo tèt li.
Men yon fanm lage yon wòl moulen sou tèt Abimelèk, li kraze zo bwa tèt li.
54 Byen vit li te rele gason an ki te pote zam li yo. Li te di li: “Rale nepe ou touye mwen pou yo pa kab pale de mwen, ke yon fanm te touye m.” Konsa, jennonm nan te frennen li nèt e li te mouri.
Abimelèk rele jenn gason ki t'ap pote zam li yo, li di l' konsa: -Rale nepe ou, touye m'. Mwen pa vle yo di se yon fanm ki touye m'. Se konsa jenn gason an pèse l' pak an pak, epi li mouri.
55 Lè mesye Israël yo te wè ke Abimélec te mouri, yo tout te pati rive lakay yo.
Lè moun pèp Izrayèl yo wè Abimelèk mouri, yo tout al lakay yo.
56 Konsa, Bondye te rekonpanse mechanste Abimélec te fè a papa l, nan touye swasann-dis frè li yo.
Se konsa Bondye te fè Abimelèk peye pou krim li te fè kont fanmi papa l' la, lè li te touye swasanndis frè l' yo.
57 Bondye te retounen tout mechanste a mesye Sichem yo sou pwòp tèt pa yo, epi madichon Jotham nan, fis Jerubbaal la, te vin sou yo.
Bondye te fè moun lavil Sichèm yo soufri pou mechanste yo te fè lòt moun soufri. Se konsa, madichon Jotam, pitit gason Jewoubaal la, te wè pou yo a rive yo vre.

< Jij 9 >