< Jozye 1 >

1 Alò, li te vin rive ke apre lanmò Moïse, sèvitè SENYÈ a, ke SENYÈ a te pale avèk Josué, fis a Nun nan, sèvitè Moïse la. Li te di:
Poslije smrti Mojsija, sluge Jahvina, reče Jahve Jošui, sinu Nunovu, pomoćniku Mojsijevu:
2 “Moïse, sèvitè Mwen an, gen tan mouri. Pou sa, leve, travèse Jourdain sila a, ou menm avèk tout pèp sa a, nan peyi ke Mwen ap bay a yo menm, a fis Israël yo.
“Moj je sluga Mojsije umro; zato sada ustani, prijeđi preko toga Jordana, ti i sav taj narod, u zemlju koju dajem sinovima Izraelovim.
3 “Chak kote ke pla pye ou va pile, Mwen ap ba ou li, jis jan ke Mwen te pale a Moïse la.
Svako mjesto na koje stupi vaša noga dajem vam, kao što obećah Mojsiju.
4 Soti nan dezè a ak Liban sila a, menm jis rive nan gran rivyè a, Rivyè Lefrat la, tout peyi Etyen an, jis rive nan Gran Lamè a vè solèy kouche a va teritwa pa nou.
Od pustinje i od Libanona pa do Velike rijeke, rijeke Eufrata, i sve do Velikog mora na sunčanom zapadu - sve će to biti vaše područje.
5 Nanpwen moun ki kapab kanpe devan ou pandan tout jou lavi ou. Menm jan ke Mwen te avèk Moïse la, Mwen va avèk ou. Mwen p ap fè bak ni abandone ou.
Nitko neće odoljeti pred tobom u sve dane tvog života; ja ću biti s tobom, kao što sam bio s Mojsijem, i nikada te neću napustiti niti ću te ostaviti.
6 Kenbe fèm e pran kouraj, paske ou va bay pèp sa a posesyon a peyi ke Mwen te sèmante a zansèt yo pou M ba yo a.
Budi odvažan i hrabar jer ćeš ti uvesti narod ovaj da primi u baštinu zemlju za koju se zakleh ocima njihovim da ću im je dati.
7 “Sèlman rete fò avèk anpil kouraj; fè atansyon pou fè tout sa lalwa ke Moïse, sèvitè Mwen an, te kòmande ou fè a. Pa vire ni adwat ni agoch, pou ou kapab reyisi nenpòt kote ke ou ale.
Samo budi odvažan i hrabar da sve učiniš vjerno prema naredbama koje ti je dao Mojsije, sluga moj. Ne skreći od toga ni desno ni lijevo da bi ti bilo sretno sve što poduzmeš.
8 “Liv lalwa sila a pa pou janm kite bouch ou, men ou va reflechi sou li lajounen kon lannwit, pou ou kapab fè atansyon pou fè tout sa ki ekri ladann; paske konsa, ou va fè chemen ou yo pwospere e konsa, yo va byen reyisi.
Neka knjiga Zakona bude na ustima tvojim: razmišljaj o njoj danju i noću, kako bi vjerno držao sve što je u njoj napisano: samo ćeš tada biti sretan i uspjet ćeš u pothvatima. Nisam li ti zapovjedio:
9 “Èske mwen pa t kòmande ou? Kenbe fèm e pran kouraj! Pa tranble ni enkyete, paske SENYÈ a, Bondye ou a, avèk ou nenpòt kote ou ale.”
odvaži se i budi hrabar? Ne boj se i ne strahuj, jer kuda god pođeš, s tobom je Jahve, Bog tvoj.”
10 Konsa, Josué te kòmande ofisye pèp yo. Li te di:
Tada zapovijedi Jošua glavarima narodnim:
11 “Pase nan mitan kan an e kòmande pèp la pou di yo: ‘Prepare pwovizyon nou. Paske nan twa jou, nou va travèse Jourdain sila a, pou antre pran peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, ap bannou pou posede a.’”
“Prođite kroz tabor i proglasite puku ovu zapovijed: 'Spremite sebi brašnenice jer ćete za tri dana prijeći preko Jordana da biste primili u posjed zemlju koju vam Jahve, Bog vaš, daje u baštinu.'”
12 A Ribenit yo avèk Gadit yo ak mwatye tribi Manassé a, Josué te di:
Zatim reče Jošua plemenu Rubenovu i Gadovu i polovini plemena Manašeova:
13 “Sonje pawòl ke Moïse, sèvitè SENYÈ a, te kòmande nou, lè l te di: ‘SENYÈ a, Bondye nou an, ap bannou repo, e Li va bannou peyi sa a.
“Sjetite se onoga što vam je zapovjedio Mojsije, sluga Jahvin, kada vam je rekao: 'Jahve, Bog vaš, hoće da počinete i daje vam ovu zemlju.
14 “‘Madanm nou yo, pitit nou yo ak bèt nou yo va rete nan peyi ke Moïse te bannou lòtbò Jourdain an; men nou va travèse devan frè nou yo, prepare an lòd batay la, tout sòlda vanyan nou yo e ou va bay yo soutyen,
Vaše žene, djeca i stada mogu ostati u zemlji koju vam je dao Mojsije s onu stranu Jordana. Vi pak ratnici, za boj spremni, morate naoružani poći pred svojom braćom da im pomognete,
15 jiskaske SENYÈ a bay frè nou yo repo, tankou nou, epi yo menm tou, yo posede peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, ap bay yo a. Epi nan lè sa a, nou va retounen nan pwòp teren pa nou an, e posede sa ke Moïse, sèvitè SENYÈ a, te bannou lòtbò Jourdain an, vè solèy leve a.’”
sve dok Jahve ne dade da počinu i vaša braća, kao i vi, i dok ne zaposjednu zemlju koju im daje Jahve, Bog vaš. Tada se možete vratiti u zemlju koja vam pripada i koju vam je dao Jahvin sluga Mojsije, na drugoj strani Jordana, prema istoku sunca.'”
16 Yo te reponn Josué e te di: “Tout sa ke ou te kòmande nou, nou va fè l, epi nenpòt kote ke ou voye nou, nou va ale.
Oni odgovore Jošui: “Sve što nam zapovjediš, učinit ćemo, i kuda nas god pošalješ, poći ćemo.
17 Jis jan ke nou te obeyi Moïse nan tout bagay la, konsa nou va obeyi ou. Sèlman ke SENYÈ a, Bondye nou an, kapab avèk ou tankou Li te avèk Moïse la.
Kao što smo slušali Mojsija, tako ćemo se pokoravati i tebi. Samo neka Jahve, Bog tvoj, bude s tobom kao što bijaše s Mojsijem!
18 Nenpòt moun ki fè rebèl kont lòd ou, e ki pa obeyi pawòl ou yo nan tout sa ou kòmande li fè yo, li va vin mete a lanmò. Sèlman, kenbe fèm e pran kouraj.”
Tko se god usprotivi tvome glasu i ne posluša tvojih riječi u svemu što mu zapovjediš neka bude pogubljen. Samo ti budi odvažan i hrabar!”

< Jozye 1 >