< Jozye 12 >

1 Alò, sila yo se wa a peyi ke fis Israël yo te fin bat e tèren ke yo te vin posede lòtbò Jourdain an vè solèy leve a, soti nan vale Arnon an jis rive nan Mòn Hermon ak tout Araba vè lès: 2 Sihon, wa Amoreyen yo, ki te rete Hesbon, ki te domine soti Aroër ki akote vale Arnon an, ni mitan vale a ak mwatye Galaad, menm jis rive nan ti rivyè Jabbok la, lizyè a fis Ammon an; 3 epi nan Araba jis rive nan lanmè Kinnéreth la, vè lès, jis rive nan lanmè Araba a, ki se Lame Sale a, vè lès vè Beth-Jeschimoth ak nan sid, nan pye pant a Mòn Pisga yo; 4 epi teritwa Og, wa Basan an, youn nan retay Rephaïm ki te rete Aschtaroth ak Édréï, 5 epi li te domine sou Mòn Hermon ak Salca avèk tout Basan, jis rive nan lizyè a Gechouryen ak Maakatyen yo, epi mwatye Galaad, pou rive nan lizyè Sihon, wa Hesbon an. 6 Moïse, sèvitè SENYÈ a, ak fis Israël yo te bat yo. Moïse, sèvitè SENYÈ a, te bay yo a Ribenit ak Gadit yo, avèk mwatye tribi Manassé a, kòm posesyon. 7 Alò, sila yo se wa peyi ke Josué avèk fis Israël yo te bat lòtbò Jourdain an, vè lwès, soti Baal-Gad nan vale Liban, jis rive nan Mòn Halak ki leve vè Séir. Epi Josué te bay li a tribi Israël yo kòm posesyon selon divizyon pa yo, 8 nan peyi ti kolin yo, nan ba plèn nan, nan Araba a, nan pant yo, nan dezè a, nan Negev la; Etyen an, Amoreyen an, Kananeyen an, Ferezyen an, Evyen ak Jebizyen an: 9 wa a Jéricho a, youn; wa a Ai ki akote Béthel la, youn; 10 wa a Jérusalem nan, youn; wa a Hébron an, youn; 11 wa a Jarmuth lan, youn; wa a Lakis la, youn; 12 wa a Églon an, youn; wa a Guézer a, youn; 13 wa a Debir a, youn; wa a Guéder a, youn; 14 wa a Horma a, youn; wa a Arad la, youn 15 wa a Libna a, youn; wa a Adulam nan, youn; 16 wa a Makkéda a, youn; wa a Béthel la, youn; 17 wa a Tappuach la, youn; wa a Hépher a, youn; 18 wa a Aphek la, youn; wa Lascharon an, youn; 19 wa a Madon an, youn; wa a Hatsor a, youn; 20 wa a Schimron-Meron an, youn; wa a Acschaph la, youn; 21 wa a Taanac la, youn; wa a Meguiddo a, youn; 22 wa a Kédesh la, youn; wa a Joknaem nan Carmel la, youn; 23 wa a Dor a, youn; wa a Gojim nan, toupre Guilgal, youn; 24 wa a Thirtsa a, youn. Total wa yo, tranteyen.

< Jozye 12 >