< Jòb 7 >

1 “Èske lòm pa oblije fè kòve sou latè? Èske jou li yo pa tankou jou a yon ouvriye jounalye?
Lavi yon nonm sou latè, se tankou sèvis militè l'ap fè. Li tankou moun k'ap vann jounen!
2 Tankou esklav ki rale souf pou rive nan lonbraj, tankou jounalye k ap tann kòb li,
Li tankou yon esklav k'ap tann lannwit pou l' poze, tankou yon travayè k'ap tann kòb jounen travay li.
3 se konsa mwen jwenn mwa yo plen mizè, e nwit plen ak gwo twoub k ap dezinyen pou mwen.
Depi kèk mwa, m' pa wè poukisa m'ap viv. Tout lannwit se soufri m'ap soufri.
4 Lè m kouche mwen di: ‘Se kilè m ap leve?’ Men nwit lan kontinye; m ap vire tounen jis rive nan maten.
M' poko kouche nan kabann mwen, m'ap mande kilè pou l' jou. Nwit la long. M' pa ka dòmi, yon bann vye lide ap pase nan tèt mwen jouk solèy leve.
5 Chè m abiye ak vè ak kal ki fèt ak pousyè. Po m vin di e li koule pij.
Tout kò m' plen vè ak gwo plak bouton toupatou. Po m' fann fann, l'ap bay postim.
6 Jou m yo mache pi vit ke mach aparèy tise a. Yo fini sanzespwa.
Jou m' yo pase pi vit pase zegwi nan men moun k'ap maye senn. Yo disparèt, pa gen anyen m'ap tann ankò.
7 Sonje byen ke lavi m pa plis ke yon souf; zye m p ap wè sa ki bon ankò.
Bondye o! Pa bliye, lavi m' tankou yon nwaj k'ap pase. Lè m'a fèmen je m', mwen p'ap janm kapab jwi lavi a ankò.
8 Zye a sila ki wè m yo, p ap wè m ankò. Zye Ou va sou mwen, men mwen p ap la ankò.
Ou wè m' koulye a, men ou p'ap janm wè m' ankò. W'a chache m', ou p'ap jwenn mwen.
9 Jan yon nwaj vin disparèt, li ale nèt. Konsa sila ki desann nan sejou lanmò a pa p monte ankò. (Sheol h7585)
Tankou yon nwaj ki ale nèt, ki disparèt, lè yon moun mouri, pa gen leve pou li ankò. (Sheol h7585)
10 Li p ap retounen ankò lakay li, ni plas li p ap rekonèt li ankò.
Li p'ap janm tounen lakay li. Moun lakay li tou bliye l'.
11 “Akoz sa a, mwen p ap met fren nan bouch mwen. Mwen va pale nan doulè lespri m; mwen va plenyen nan lespri anmè mwen.
Se poutèt sa, m' pa ka pa pale. Kè m' sere. Kite m' pale pale m'. Lapenn kaye nan kè m'. Kite m' plenyen plenyen m'.
12 Èske se lanmè mwen ye, oswa bèt jeyan lanmè a, pou Ou te mete gad sou mwen?
Poukisa ou mete moun veye m' konsa? M' pa lanmè. M' pa gwo bèt lanmè.
13 Si mwen di: ‘Kabann mwen va ban m repo, sofa m va soulaje plent mwen,’
M' te di nan kè m': M' pral lage kò m' yon kote. M'a pran yon ti kanpo. Si m' dòmi, m'a jwenn yon ti soulajman!
14 answit, Ou fè m krent ak rèv, e teworize m ak vizyon;
Men, ou fè m' fè yon bann vye rèv k'ap fè m' pè. M'ap fè yon bann vye vizyon k'ap fè m' tranble.
15 jiskaske nanm mwen ta chwazi mouri toufe; pito lanmò olye doulè mwen yo.
Lè konsa, pito moun te trangle m'. Pito m' te mouri pase pou m' soufri tout doulè sa yo.
16 Mwen fin epwize nèt; mwen p ap viv tout tan. Kite mwen sèl, paske jou mwen yo pa plis ke yon souf.
Se fini m'ap fini. Fòk mwen mouri yon jou! Kite m' pou kont mwen. Lavi m' prèt pou bout!
17 Kisa lòm ye pou Ou reflechi sou li e pou Ou bay ka li enpòtans,
Kisa lèzòm ye pou ou pran ka yo konsa? Kisa yo ye menm pou w'ap okipe yo konsa?
18 pou Ou fè l pase egzamen chak maten e fè l pase eprèv chak moman?
Chak maten ou pase wè jan yo ye. Chak lè, w'ap gade nan fon kè yo, w'ap sonde yo.
19 Èske Ou p ap janm sispann gade m, ni kite mwen anpè jiskaske m fin vale krache m?
Kilè w'a sispann gade m'? Ban m' yon ti souf non kont pou m' vale krache m'!
20 Èske mwen te peche? Kisa mwen te fè Ou, Ou menm, ki gadyen lòm? Poukisa Ou te fè m objè tiraj Ou jiskaske mwen vin yon fado pou pwòp tèt mwen?
Si m' fè peche, kisa m' fè ou? Di m' non, ou menm k'ap veye tou sa moun ap fè? Poukisa w'ap plante tout flèch ou yo nan kò m' konsa? Poukisa ou fè m' tounen yon chay pou ou?
21 Poukisa konsa Ou pa padone transgresyon mwen yo, e retire inikite mwen yo? Paske koulye a, mwen va kouche nan pousyè a; Ou va chache pou mwen, men m p ap la ankò.”
Se sipòte ou pa ka sipòte ankò sa mwen fè ki mal? Se padonnen ou pa ka padonnen peche m' yo? Talè konsa mwen pral anba tè. W'a chache m', ou p'ap jwenn mwen ankò.

< Jòb 7 >