< Jòb 40 >

1 Anplis, SENYÈ a te di a Job: 2 “Èske li k ap jwenn fot va fè kont ak Tou Pwisan an? Kite li ki repwòche Bondye reponn sa.” 3 Konsa, Job te reponn SENYÈ a. Li te di: 4 “Anverite, mwen pa anyen; ki repons mwen kab bay Ou? Mwen poze men m sou bouch mwen. 5 Yon fwa mwen te pale e mwen pa p replike l; menm de fwa, men m pap wale pi lwen.” 6 Konsa, SENYÈ a te reponn nan mitan toubiyon an. Li te di: 7 Alò, mare senti ou kon gason; Mwen va mande ou yon bagay, e ou va enstwi M. 8 Èske anverite ou va anile jijman Mwen an? Èske ou va kondane Mwen pou ou menm kab jistifye? 9 Oswa èske ou gen yon bra tankou Bondye, ak yon vwa ki ka gwonde tankou pa L la? 10 Abiye ou menm ak mayifisans ak grandè. Mete sou ou lonè ak laglwa. 11 Vide fè parèt nèt tout lakòlè k ap debòde nan ou. Fè yon ti gade sou tout sila ki gen ògèy yo, e desann yo. 12 Fè rega sou tout sila ki gen ògèy yo, e fè yo bese, vin ba. Foule mechan yo nèt kote yo kanpe. 13 Kache yo ansanm nan pousyè a. Mare figi yo nan plas kache a. 14 Epi konsa M ap konfese a ou menm ke se pwòp men dwat ou ki kab sove ou. 15 Gade byen Beyemòt la ke M te fè menm tankou Mwen te fè w la; Li manje zèb tankou bèf. 16 Gade koulye a, fòs li nan ren li, e pouvwa li nan gwo venn a vant li yo. 17 Li koube ke li tankou yon sèd; venn nan kwis li yo koude ansanm nèt. 18 Zo li se tiyo ki fèt an bwonz; janm li tankou ba fè. 19 Li se premye nan chemen Bondye a; fòk se Sila ki fè l la, ki pou pwoche nepe li. 20 Anverite, mòn yo mennen bay li manje kote tout bèt sovaj latè yo jwe. 21 Anba zèb dlo, li kouche; nan kouvèti wozo a ak marekaj la. 22 Plant dlo yo kouvri li ak lonbraj; bwa sikrèn k ap koule dlo a antoure li. 23 Lè rivyè a vin anraje, li pa twouble; li gen konfyans malgre Jourdain an rive jis nan bouch li. 24 Èske gen moun ki kab kaptire li lè l ap veye; menm ak pwent anfè, èske yon moun kab pèse nen l?

< Jòb 40 >