< Jòb 39 >

1 “Èske ou konnen lè kabrit mòn yo fè pitit? Èske ou konn wè lè sèf yo metba?
εἰ ἔγνως καιρὸν τοκετοῦ τραγελάφων πέτρας ἐφύλαξας δὲ ὠδῖνας ἐλάφων
2 Èske ou kab kontwole mwa ke yo rete plenn yo, oswa èske ou konnen lè yo fè pitit?
ἠρίθμησας δὲ αὐτῶν μῆνας πλήρεις τοκετοῦ ὠδῖνας δὲ αὐτῶν ἔλυσας
3 Yo bese a jenou, yo pouse fè pitit yo parèt, yo fòse fè doulè yo fini nèt.
ἐξέθρεψας δὲ αὐτῶν τὰ παιδία ἔξω φόβου ὠδῖνας αὐτῶν ἐξαποστελεῖς
4 Pitit yo vin fò, yo grandi nan chan lib; yo ale e yo pa retounen kote yo.
ἀπορρήξουσιν τὰ τέκνα αὐτῶν πληθυνθήσονται ἐν γενήματι ἐξελεύσονται καὶ οὐ μὴ ἀνακάμψουσιν αὐτοῖς
5 “Se kilès ki te fè bourik mawon yo vin lib? Epi kilès ki te lache kòd ki te mare sou bourik kous la,
τίς δέ ἐστιν ὁ ἀφεὶς ὄνον ἄγριον ἐλεύθερον δεσμοὺς δὲ αὐτοῦ τίς ἔλυσεν
6 ke Mwen te bay savann nan kon abitasyon li, ak tè sale a kon kote pou l rete a?
ἐθέμην δὲ τὴν δίαιταν αὐτοῦ ἔρημον καὶ τὰ σκηνώματα αὐτοῦ ἁλμυρίδα
7 Li pa bay valè a zen lavil la; kri a chofè yo, li pa okipe yo.
καταγελῶν πολυοχλίας πόλεως μέμψιν δὲ φορολόγου οὐκ ἀκούων
8 Li chache nan tout mòn yo pou manje l e chache jwenn tout sa ki vèt.
κατασκέψεται ὄρη νομὴν αὐτοῦ καὶ ὀπίσω παντὸς χλωροῦ ζητεῖ
9 “Èske bèf mawon va dakò pou sèvi ou, oswa èske l ap pase nwit lan devan manjwa ou?
βουλήσεται δέ σοι μονόκερως δουλεῦσαι ἢ κοιμηθῆναι ἐπὶ φάτνης σου
10 Èske ou kab mare bèf mawon a ak kòd pou l rete nan ranp li, oswa èske l ap boulvèse jaden an dèyè w?
δήσεις δὲ ἐν ἱμᾶσι ζυγὸν αὐτοῦ ἢ ἑλκύσει σου αὔλακας ἐν πεδίῳ
11 Èske ou va fè l konfyans akoz gran fòs li, e kite l responsab travay ou?
πέποιθας δὲ ἐπ’ αὐτῷ ὅτι πολλὴ ἡ ἰσχὺς αὐτοῦ ἐπαφήσεις δὲ αὐτῷ τὰ ἔργα σου
12 Èske ou va mete lafwa ou nan li pou li pote semans lakay, o ranmase seryel sou glasi vannen an?
πιστεύσεις δὲ ὅτι ἀποδώσει σοι τὸν σπόρον εἰσοίσει δέ σου τὸν ἅλωνα
13 “Zèl a otrich yo bat anlè ak gran jwa, men èske se plimaj lanmou?
πτέρυξ τερπομένων νεελασα ἐὰν συλλάβῃ ασιδα καὶ νεσσα
14 Veye byen, li abandone pwòp ze li yo sou latè a pou yo ka chofe yo nan pousyè,
ὅτι ἀφήσει εἰς γῆν τὰ ᾠὰ αὐτῆς καὶ ἐπὶ χοῦν θάλψει
15 Li bliye yon grenn pye ka kraze yo, oswa yon bèt sovaj kab foule yo.
καὶ ἐπελάθετο ὅτι ποὺς σκορπιεῖ καὶ θηρία ἀγροῦ καταπατήσει
16 Li maltrete pitit li yo ak mechanste, konsi yo pa t pou li; menm si tout travay li ta an ven, sa pa regade l;
ἀπεσκλήρυνεν τὰ τέκνα αὐτῆς ὥστε μὴ ἑαυτῇ εἰς κενὸν ἐκοπίασεν ἄνευ φόβου
17 Akoz Bondye te fè li bliye sajès li, e pa t bay li yon pòsyon bon konprann.
ὅτι κατεσιώπησεν αὐτῇ ὁ θεὸς σοφίαν καὶ οὐκ ἐμέρισεν αὐτῇ ἐν τῇ συνέσει
18 Lè l leve kò l anlè, li giyonnen cheval la ak chevalye a.
κατὰ καιρὸν ἐν ὕψει ὑψώσει καταγελάσεται ἵππου καὶ τοῦ ἐπιβάτου αὐτοῦ
19 Èske se ou ki te bay cheval la fòs? Èske ou te abiye kou li ak krenyen?
ἦ σὺ περιέθηκας ἵππῳ δύναμιν ἐνέδυσας δὲ τραχήλῳ αὐτοῦ φόβον
20 Èske ou fè l vòltije tankou yon krikèt? Gran souf ki sòti nan nen l byen etonnan.
περιέθηκας δὲ αὐτῷ πανοπλίαν δόξαν δὲ στηθέων αὐτοῦ τόλμῃ
21 Pye li fouye tè a nan vale a, e li kontan fòs li. Li sòti parèt pou rankontre zam yo.
ἀνορύσσων ἐν πεδίῳ γαυριᾷ ἐκπορεύεται δὲ εἰς πεδίον ἐν ἰσχύι
22 Li ri sou danje, ni li pa gen lakrent. Li pa vire fè bak devan nepe;
συναντῶν βέλει καταγελᾷ καὶ οὐ μὴ ἀποστραφῇ ἀπὸ σιδήρου
23 fouwo soukwe akote l, lans k ap briye a, ak gwo frenn nan.
ἐπ’ αὐτῷ γαυριᾷ τόξον καὶ μάχαιρα
24 Byen anraje e tranblan, li fè kous sou tè a, e li p ap kanpe lè vwa twonpèt la sone.
καὶ ὀργῇ ἀφανιεῖ τὴν γῆν καὶ οὐ μὴ πιστεύσῃ ἕως ἂν σημάνῃ σάλπιγξ
25 Depi twonpèt la sone li di: ‘Aha!’ Soti lwen, li pran sant batay la, tonnè a kapitèn yo ak kri gè a.
σάλπιγγος δὲ σημαινούσης λέγει εὖγε πόρρωθεν δὲ ὀσφραίνεται πολέμου σὺν ἅλματι καὶ κραυγῇ
26 Èske se pa bon konprann ou ke malfini an konn vole anlè, avèk zèl li lonje vè sid?
ἐκ δὲ τῆς σῆς ἐπιστήμης ἕστηκεν ἱέραξ ἀναπετάσας τὰς πτέρυγας ἀκίνητος καθορῶν τὰ πρὸς νότον
27 Èske se pa kòmand pa ou ke èg la monte wo pou fè nich li nan wotè?
ἐπὶ δὲ σῷ προστάγματι ὑψοῦται ἀετός γὺψ δὲ ἐπὶ νοσσιᾶς αὐτοῦ καθεσθεὶς αὐλίζεται
28 Anwo sou falèz la, li rete e fè abitasyon li, sou kwen wòch yon kote ki pa kab pwoche.
ἐπ’ ἐξοχῇ πέτρας καὶ ἀποκρύφῳ
29 Se la li veye manje li; zye li wè l soti lwen.
ἐκεῖσε ὢν ζητεῖ τὰ σῖτα πόρρωθεν οἱ ὀφθαλμοὶ αὐτοῦ σκοπεύουσιν
30 Pitit li yo, anplis, konn souse san; epi kote mò yo ye; se la li ye.”
νεοσσοὶ δὲ αὐτοῦ φύρονται ἐν αἵματι οὗ δ’ ἂν ὦσι τεθνεῶτες παραχρῆμα εὑρίσκονται

< Jòb 39 >