< Jòb 32 >

1 Konsa, twa mesye sila yo te sispann reponn Job, akoz li te dwat nan pwòp zye pa li. 2 Men kòlè a Élihu, fis a Barakeel la, Bizit nan fanmi a Ram nan, te brile kont Job. Kòlè li te brile paske li te jistifye pwòp tèt li devan Bondye. 3 Epi kòlè li te brile kont twa zanmi li yo akoz yo pa t jwenn bon repons, men karema, yo te kondane Job. 4 Alò, Élihu te tann yo fini pou pale ak Job, akoz yo menm te gen anpil ane pi gran pase li. 5 Konsa, lè Élihu te wè ke pa t gen repons ki rete nan bouch a twa mesye yo, kòlè li te brile. 6 Pou sa, Élihu, fis a Barakeel la, Bizit la, te pale klè. Li te di: “Mwen jèn selon ane yo, e nou menm, nou granmoun. Akoz sa a, mwen te krent pou di nou sa ke m t ap panse a. 7 Mwen te reflechi ke se laj ki te dwe pale, ke anpil ane yo ta dwe bay sajès. 8 Men se yon lespri ki nan lòm, e se souf a Toupwisan an ki bay yo bonkonprann. 9 Anpil ane pa vle di saj, ni pa fwa, se pa granmoun ki konprann sa ki dwat. 10 Pou sa, mwen di nou ‘koute mwen; mwen menm tou va di nou sa ke m panse.’ 11 “Gade byen, mwen te tann pawòl nou yo. Mwen te koute byen rezonman pa nou yo, pandan nou t ap reflechi sou sa pou nou ta di. 12 Menm mwen te swiv nou byen pre; anverite, pa t gen pèsòn ki te vin genyen Job. Nanpwen moun ki te byen reponn pawòl li yo. 13 Pran atansyon nou pa di: ‘Nou jwenn sajès. Se Bondye ki pou korije l, se pa lòm.’ 14 Paske pawòl li yo pa t pale kont mwen menm, ni mwen p ap reponn li ak diskou pa nou yo. 15 “Yo etonnen nèt; yo pa reponn ankò. Yo pa gen mo ki pou di. 16 Èske se tann, pou m ta tann akoz yo pa pale? Akoz yo rete e pa reponn ankò? 17 Mwen menm tou va reponn pou kont mwen, mwen osi va bay pozisyon pa m. 18 Paske mwen chaje ak pawòl. Lespri m anndan mwen bourade m. 19 Men gade, lestonmak mwen tankou diven san mwayen respire; tankou po diven nèf, li prèt menm pou pete. 20 Kite mwen pale pou m kab jwenn soulajman; kite mwen ouvri lèv mwen pou bay repons. 21 Alò, pa kite mwen pran pati a okenn moun, ni flate pèsòn. 22 Paske mwen pa konn flate moun, sof Sila ki kreye mwen an, ta vin ranmase m fè m ale.”

< Jòb 32 >