< Jòb 26 >

1 Epi Job te reponn: 2 Kèl kalite èd ou ye pou fèb yo! Kèl sekou ou te bay a bra ki te san fòs la! 3 Kèl konsèy ou te bay a sila ki san sajès la! Kèl kalite bèl eklèsisman ou te bay an abondans! 4 Se a kilès ou t ap eksprime pawòl sa yo menm? Epi se lespri a kilès ki te enspire ou menm? 5 Lespri mò yo tranble anba dlo yo avèk tout sila ki rete ladann yo. 6 Sejou Lanmò An se toutouni devan Bondye. Labim nan pa gen kouvèti. (Sheol h7585) 7 Li lonje rale zetwal nò a sou espas vid. Li fè mond lan pandye san anyen pap kenbe l. 8 Li vlope dlo yo nan nwaj Li yo, e nwaj la pa pete anba fòs yo. 9 Li fè kache figi gwo lalin nan e gaye nwaj Li sou li. 10 Li te trase yon lizyè sou sifas dlo yo, ak pou limit tenèb la ak limyè a. 11 Pilye syèl yo tanmen tranble, e yo etone lè L repwòche yo. 12 Ak pwisans Li, li kalme lanmè a, e ak bon konprann Li, li te brize Rahab. 13 Ak souf Li, li dekore syèl yo. Se men L ki te frennen sèpan ki t ap sove ale a. 14 Gade byen, sa se yon ti kras bagay de tout chemen L yo. Epi a la ti kras souf pawòl nou konn tande de Li! Men tonnè pwisans Li an! Se kilès ki kab konprann li?

< Jòb 26 >