< Jòb 25 >

1 Alò, Bildad, Shouachyen an te reponn: 2 Tout pouvwa ak lakrent apatyen a Sila ki etabli lapè nan wotè Li yo. 3 Èske fòs kantite sòlda Li yo kab kontwole? Epi sou kilès ke limyè Li pa leve? 4 Konsa, se kijan yon nonm kapab dwat devan Bondye? Oswa, kijan sila ki te fèt de fanm nan kapab vin pwòp? 5 Nan zye pa Li, menm lalin pa klè, ni zetwal yo pa pwòp, 6 Konbyen, anmwens lòm, yon vè, ak fis la a lòm nan, vè a menm nan!

< Jòb 25 >