< Jòb 13 >

1 “Veye byen, zye m gen tan wè tout sa. Zòrèy mwen tande e konprann li. 2 Sa ou konnen yo, mwen konnen yo tou; mwen pa pi ba pase ou. 3 “Men mwen ta pale ak Toupwisan an; mwen vle diskite ak Bondye. 4 Men nou sal moun ak manti. Se yon bann doktè sanzave nou ye. 5 Oswa pito ke ou ta rete an silans nèt; ke sa ta sèvi kon sajès ou! 6 Souple, tande pawòl mwen, e koute mo a lèv mwen. 7 Èske ou kab pale pou Bondye sa ki pa jis, e pale sa ki manti pou Li? 8 Èske ou va pran ka pa Li? Èske ou va diskite pou Bondye? 9 Èske sa va sòti byen lè Li bay ou egzamen? Oswa èske ou va twonpe Li kon yon moun konn twonpe yon moun? 10 Anverite, Li va repwoche ou si ou apye yon bò ak patripri. 11 Èske majeste Li p ap bay ou lakrent? Laperèz Li p ap tonbe sou ou? 12 Ansyen pwovèb ou yo se pwovèb ki fèt ak sann; defans ou yo se defans ki fèt ak ajil. 13 “Rete an silans devan m pou m kab pale; epi kite nenpòt sa ki rive m k ap rive. 14 Poukisa mwen ta mete chè m nan pwòp dan m e mete lavi m nan men m? 15 Malgre Li ta touye mwen, mwen va mete espwa m nan Li. Malgre, mwen va fè diskou chemen mwen yo devan L. 16 Se sa, anplis, ki va delivrans mwen; paske yon enkwayan p ap parèt nan prezans Li. 17 Koute pawòl mwen byen pre e kite deklarasyon mwen yo ranpli zòrèy ou. 18 Tande koulye a, mwen te prepare ka mwen an; mwen konnen ke mwen va jistifye. 19 Se kilès ki va diskite kont mwen? Paske konsa, mwen ta rete anpè e mouri. 20 “Se sèl de bagay pou pa fè mwen; konsa mwen p ap kache devan figi Ou: 21 Retire men Ou sou mwen e pa kite laperèz Ou fè m sezi. 22 Epi rele e mwen va reponn; oswa kite m pale epi reponn mwen. 23 Fè m wè fòs kantite inikite mwen yo avèk peche m yo? Fè m rekonèt rebelyon mwen ak peche m yo. 24 Poukisa Ou kache figi Ou e konsidere m kon lènmi Ou? 25 Èske Ou ta fè yon fèy k ap vole nan van tranble? Oswa èske Ou va kouri dèyè pay van an seche a. 26 Paske Ou ekri bagay anmè kont mwen e fè m eritye tout inikite a jenès mwen yo. 27 Ou mete pye m nan chenn e ou veye tout chemen mwen yo. Ou limite distans pla pye m kab rive, 28 pandan mwen ap dekonpoze kon yon bagay k ap pouri, kon yon vètman ki manje pa mit.”

< Jòb 13 >