< Jòb 11 >

1 Epi Tsophar, Naamatit la, te reponn: 2 “Èske fòs kantite pawòl sa yo dwe pase san repons? Eske yon nonm pale anpil vin akite? 3 Èske se akoz ògèy ou ke moun ta dwe rete san pale? Lè ou moke, èske nanpwan moun ki pou fè ou wont? 4 Paske ou te di ‘Lenstriksyon pa m san fot, e mwen inosan nan zye Ou.’ 5 Men fòk Bondye ta pale e ouvri bouch Li kont ou, 6 pou montre ou sekrè a sajès! Paske sajès ki bon gen de bò. Alò, konnen byen ke Bondye pa t egzije tout sa inikite ou merite. 7 “Èske ou kab dekouvri pwofondè a Bondye? Èske ou kab twouve lizyè a Toupwisan an? 8 Yo wo tankou syèl la; kisa ou kab fè? Yo pi fon ke sejou lanmò yo, kisa ou kab konnen? (Sheol h7585) 9 Mezi li pi long ke latè, e pi laj pase lanmè. 10 Si Li pase pa la, oswa fèmen la nèt, oswa konvoke yon asanble, kilès kap anpeche Li? 11 Paske Li konnen moun ki fò, e Li wè inikite menm san fè ankèt. 12 Yon moun ensanse va vin entèlijan lè pòtre a yon bourik mawon fèt kon yon moun. 13 “Si ou ta vle vin bon, dirije kè ou e lonje men ou vè Li. 14 Si se inikite ki nan men ou, mete l byen lwen. Pa kite mechanste demere nan tant pa ou. 15 Konsa, anverite, ou ta kab leve figi ou wo san tach. Wi, ou va fidèl nèt e pa oblije gen lakrent. 16 Konsa ou va bliye twoub ou a. Ou va sonje l tankou dlo ki fin pase. Se konsa ou ta kab sonje li. 17 Lavi ou va pi klè ke midi; malgre gen fènwa a, lap tankou maten. 18 Ou va vin gen konfyans, akoz gen espwa. Epi ou va gade toupatou e repoze ou an sekirite. 19 Ou va kouche dòmi e okenn moun pa p deranje ou. Wi, anpil moun va mande favè ou. 20 Men zye a mechan yo va gate, e p ap gen chape pou yo. Pou yo, espwa va pou yo kab rann dènye souf yo.”

< Jòb 11 >