< Jeremi 49 >

1 Konsènan fis a Ammon yo. Konsa pale SENYÈ a: “Èske Israël pa gen fis? Oswa èske li pa gen eritye? Alò poukisa Malcom te pran posesyon sou Gad, e se pèp li ki vin rete nan vil pa yo?
Contre les enfants d'Ammon. Ainsi parle Yahweh: Israël n'a-t-il pas de fils, n'a-t-il pas d'héritier? Pourquoi Melchom a-t-il pris possession de Gad, et son peuple s'est-il installé dans ses villes?
2 Pou sa, gade byen, jou yo ap vini”, deklare SENYÈ a: “ke Mwen va fè yon twonpèt fè son lagè kont Rabbath, fis a Ammon yo; epi li va devni pil dezole, e vil li yo va limen ak dife. Konsa, Israël va pran posesyon de sila ki posede l yo,” pale SENYÈ a.
C'est pourquoi voici que des jours viennent, — oracle de Yahweh, où je ferai retentir à Rabba des enfants d'Ammon le cri de guerre. Elle deviendra un monceau de ruines, et ses filles seront livrées au feu, et Israël héritera de ceux qui ont hérité de lui, — oracle de Yahweh.
3 “Rele anmwey, O Hesbon! Paske Aï fin detwi! Kriye fò, O fi a Rabbath yo! Mare senti nou ak twal sak ak gwo kri e kouri fè ale retou anndan miray yo; paske Malcom va ale an egzil ansanm ak prèt li yo ak prens yo.
Lamente-toi, Hésébon, car Haï a été saccagée; poussez des cris, filles de Rabbah, ceignez-vous de sacs, lamentez-vous; errez le long des clôtures; car Melchom s'en va en exil, et avec lui, ses prêtres et ses chefs.
4 Pouki sa ou ògeye pou vale yo! Vale yo kap koule, O fi ki chite fè bak, ki plase konfyans li nan trezò li yo? E k ap di: ‘Kilès ki va vini kont mwen?’
Pourquoi te glorifier de tes vallées? — elle est riche, ta vallée! — fille rebelle, toi qui te confies dans tes trésors, disant: " Qui oserait venir contre moi? "
5 Gade byen, m ap fè gwo laperèz rive sou ou,” deklare Senyè BONDYE dèzame yo: “Soti nan tout kote ki antoure ou yo; epi nou chak va chase sòti tèt devan, san pèsòn ki pou rasanble sila ki gaye yo.
Voici que j'amène contre toi la terreur, — oracle du Seigneur Yahweh des armées, de tous les alentours; vous serez chassés, chacun droit devant soi, et personne ne ralliera les fuyards.
6 “Men apre, Mwen va restore fòtin a fis a Ammon yo,” deklare SENYÈ a.
Mais après cela, je ramènerai les captifs des enfants d'Ammon, — oracle de Yahweh.
7 Konsènan Édom. Konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Èske pa gen sajès ankò nan Théman? Èske tout konsèy a sila ki pridan yo fin pèdi? Èske sajès yo vin pouri?
Contre Edom. Ainsi parle Yahweh, des armées: N'y a-t-il plus de sagesse en Théman? Les avisés sont-ils à bout de conseils? Leur sagesse s'est-elle évanouie?
8 Chape poul ou, retounen, rete nan pwofondè yo, O sila ki rete Dedan yo! Paske Mwen va mennen dezas Ésaü a sou li nan lè M ap pini li a.
Fuyez, retournez sur vos pas, blottissez-vous, habitants de Dédan car j'amènerai sur Esaü la ruine, au temps où je le visite.
9 Si sila k ap ranmase rezen yo te vin kote ou, èske yo pa t ap kite kèk grenn fwi tonbe atè? Si yon vòlè te vini lannwit, yo ta vole sèlman kont yo pou yo ta jwenn ase.
Si des vendangeurs viennent chez toi, ils ne laissent rien à grappiller; si ce sont des voleurs de nuit, ils pillent tout leur soûl.
10 Men Mwen te rete rad sou Ésaü. Mwen te dekouvri kote kache li yo jiskaske li pa t ka kache menm. Desandan li yo, moun fanmi li yo, vwazen li yo ak li menm pa egziste menm ankò.
Car c'est moi qui ai mis à nu Esaü et découvert ses retraites, et il ne peut plus se cacher; sa race est ravagé, ses frères, ses voisins, — et il n'est plus.
11 Kite òfelen ou yo dèyè; Mwen va konsève yo. Kite vèv ou yo mete konfyans yo nan Mwen.”
Abandonne tes orphelins, c'est moi qui les ferai vivre, et que tes veuves se confient en moi!
12 Paske konsa pale SENYÈ a: “Gade byen, sila ki pa t kondane pou bwè tas yo va, anverite, bwè l, e èske se ou sèl k ap epanye? Nou p ap epanye, men anverite, nou va bwè l.
Car ainsi parle Yahweh: Voici que ceux qui ne devaient pas boire cette coupe la boiront sûrement; et toi, tu en serais tenu quitte? Non, tu n'en seras pas tenu quitte, tu la boiras sûrement!
13 Paske Mwen te sèmante pa Mwen menm”, deklare SENYÈ a: “ke Botsra va devni yon objè degoutan, yon repwòch, yon pil mazi kraze ak yon malediksyon. Tout vil li yo va vin pil mazi.”
Car je l'ai juré par moi-même, — oracle de Yahweh: Bosra sera un sujet d'étonnement et d'opprobre, un lieu désert et maudit, et toutes ses villes seront des ruines à jamais.
14 Mwen te tande yon mesaj soti nan SENYÈ a e yon mesaje vin voye pami tout nasyon yo, t ap di: “Rasanble nou ansanm. Vin kont li! Leve pou batay!”
J'en ai appris de Yahweh la nouvelle, et un messager a été envoyé parmi les nations: " Rassemblez-vous et marchez contre lui! Levez-vous pour le combat! "
15 “Paske gade byen, Mwen te fè nou piti pami nasyon yo, meprize pami lòm.
Car voici que je t'ai rendu petit parmi les nations, méprisé parmi les hommes.
16 Men pou laperèz a ou menm, awogans a kè ou te twonpe ou; ou menm ki rete nan twou wòch yo, ki okipe wotè a kolin nan. Malgre ou fè nich ou wo tankou èg, M ap rale ou desann soti la,” deklare SENYÈ a.
La terreur que tu inspirais t'a égaré, ainsi que la fierté de ton cœur, toi qui habites le creux des rochers, qui occupes le sommet de la colline. Mais quand tu élèverais ton aire comme l'aigle, de là je te ferai descendre, — oracle de Yahweh.
17 “Édom va devni yon objè degoutan; chak moun ki pase bò kote li va etone, e va sifle kon koulèv sou tout blesi li yo.
Edom sera un sujet d'étonnement; tous les passants s'étonneront, et siffleront à la vue de toutes ses plaies.
18 Tankou boulvèsman Sodome ak Gomorrhe ak vwazen li yo”, di SENYÈ a: “pèsòn p ap viv la, ni p ap gen youn nan fis a lòm ki rete la.
Ce sera comme la catastrophe de Sodome, de Gomorrhe et des villes voisines, dit Yahweh; personne n'y habitera, aucun fils de l'homme n'y séjournera.
19 “Gade byen, youn va monte kon yon lyon ki soti nan rakbwa Jourdain an kont yon patiraj ki tèlman byen wouze; pou yon moman, mwen va fè l kouri kite li e nenpòt moun ki deziye, Mwen va bay li pouvwa sou li. Paske se kilès ki tankou Mwen menm? E se kilès k ap voye pwosè vèbal tribinal ban Mwen? Alò, se kilès ki bèje ki ka kanpe devan Mwen?”
Pareil à un lion, voici qu'il monte des halliers du Jourdain au pâturage perpétuel; soudain j'en ferai fuir Edom, et j'y établirai celui que j'ai choisi. Car qui est semblable à moi? Qui me provoquerait, et quel est le berger qui me tiendrait tête?
20 Pou sa, koute plan ke SENYÈ a fòme kont Édom ak objektif ke Li te fòme kont moun ki rete Théman yo: Anverite, yo va trennen yo deyò, menm pi piti nan bann mouton an. Anverite, Li va fè patiraj yo vin dezole akoz de yo menm.
Ecoutez donc la résolution qu'a prise Yahweh contre Edom, et les desseins qu'il a médités contre les habitants de Théman: Oui, on les entraînera comme de faibles brebis; oui, leur pâturage en sera dans la stupeur.
21 Latè te souke akoz bri chit yo. Gen yon gwo kri anmwey! Bri li te rive jis nan Lamè Wouj.
Au bruit de leur chute, la terre tremble; le bruit de leur voix se fait entendre jusqu'à la mer Rouge.
22 Gade byen, Li va monte, desann kon yon èg e lonje zèl li kont Botsra. Kè a moun pwisan yo va tankou kè a yon fanm k ap pouse pitit.
Voici qu'il monte et prend son vol comme l'aigle, il étend ses ailes sur Bosra; et le cœur des guerriers d'Edom est en ce jour comme le cœur d'une femme en travail.
23 Konsènan Damas. “Hamath ak Arpad fè wont nèt, paske yo te resevwa move nouvèl. Yo dekouraje. Kouraj yo ba nèt. Gen enkyetid bò lanmè a; li pa ka kalme.
Contre Damas. Hamath et Arphad sont dans la confusion, parce qu'elles ont reçu une mauvaise nouvelle; elles se fondent de peur; c'est la mer en tourmente, qui ne peut s'apaiser.
24 Damas vin enpwisan nèt; li te vire sove ale, e gwo laperèz fin sezi li. Gwo doulè ak sezisman pran l tankou yon fanm k ap akouche.
Damas est sans force, elle se tourne pour fuir, et l'effroi s'empare d'elle; l'angoisse et les douleurs la saisissent, comme une femme qui enfante.
25 Ki jan vil lwanj Mwen an pa vin dezète, vil lajwa Mwen an!
A quel point n'est-elle pas abandonnée, la ville glorieuse, la cité de délices, de joie!
26 Konsa, jennonm pa l yo va tonbe nan ri li yo e tout mesye lagè yo va tonbe an silans nan jou sa a,” deklare SENYÈ dèzame yo.
Aussi ses jeunes gens tomberont sur ses places, ainsi que tous ses hommes de guerre; ils périront en ce jour-là, — oracle de Yahweh des armées.
27 Mwen va mete dife nan miray Damas lan e li va devore tou bèl palè Ben-hadad yo.
J'allumerai un feu dans les murs de Damas, et il dévorera les palais de Ben-Hadad.
28 Konsènan Kédar ak wayòm a Hatsor yo, ke Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te pran nan batay. Konsa pale SENYÈ a: “Leve monte Kédar e detwi mesye nan lès yo.
Contre Cédar et les royaumes de Hasor, que frappa Nabuchodonosor, roi de Babylone. Ainsi parle Yahweh: Debout! Marchez contre Cédar, exterminez les fils de l'Orient!
29 Yo va pran tant yo ak bann mouton yo; yo va pote pou kont yo tout rido tant yo, tout byen yo ak tout chamo yo e yo va rele a youn lòt: ‘Gwo laperèz tout kote!’
Qu'on prenne leurs tentes et leurs troupeaux! Qu'on leur enlève leurs tentures, tous leurs bagages et leurs chameaux! Et qu'on leur crie: Terreur de toutes parts!
30 “Kouri, sove ale! Rete nan pwofondè yo, o pèp Hatsor a”, deklare SENYÈ a: “Paske Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te pran konsey kont nou, e te fome yon plan kont nou.
Sauvez-vous, fuyez de toutes vos forces, blottissez-vous, habitants de Hasor! — oracle de Yahweh. Car Nabuchodonosor, roi de Babylone, a formé contre vous un dessein, il a conçu un projet contre vous.
31 Leve monte kont yon nasyon ki alèz, ki viv ansekirite,” deklare SENYÈ a: “Li pa gen pòtay, ni fè fòje; yo rete pou kont yo.”
Debout! Marchez contre un peuple tranquille, en assurance dans sa demeure, — oracle de Yahweh, qui n'a ni portes ni barres, qui vit à l'écart.
32 Chamo pa yo va devni piyaj, gran kantite bèt yo va sèvi kon bagay sòlda pran, Mwen va gaye bay tout van yo a sila ki koupe kwen cheve yo; e Mwen va mennen sou yo gwo dezas ki sòti tout kote,” deklare SENYÈ a.
Leurs chameaux seront votre butin, et la multitude de leurs troupeaux vos dépouilles. Je les disperserai à tous les vents, ces hommes aux tempes rasées, et de tous côtés je ferai venir sur leur ruine, — oracle de Yahweh.
33 “Hatsor va vin yon kote pou chen mawon, yon kote dezole jis pou tout tan. P ap gen moun ki rete la, ni yon grenn nan fis a lòm p ap rete ladann.”
Et Hasor deviendra un repaire de chacals, une solitude pour toujours; personne n'y demeurera, aucun fils d'homme n'y séjournera.
34 Sa ki te sòti kon pawòl SENYÈ a konsènan Élam, nan kòmansman règn a Sédécias, wa Juda a, t ap di:
La parole de Yahweh qui fut adressée à Jérémie, le prophète, pour Élam, au commencement du règne de Sédécias, roi de Juda, en ces termes:
35 “Konsa pale SENYÈ dèzame yo: ‘Gade byen, Mwen va kraze banza Élam nan, pi fò nan pwisans pa yo.
Ainsi parle Yahweh des armées: Voici que je vais briser l'arc d'Élam, principe de sa force.
36 Mwen va mennen sou Élam kat van ki sòti nan kat pwent syèl yo, e Mwen va gaye pèp yo a tout van sa yo. P ap gen nasyon kote moun rejte a Élam yo pa prale.
Je ferai venir sur Élam quatre vents, des quatre coins du ciel, et je le disperserai à tous ces vents; et il n'y aura pas une nation où n'arrivent pas des fugitifs d'Élam.
37 Konsa, Mwen va kraze Élam devan lènmi yo ak devan sila k ap chache lavi yo. Mwen va mennen gwo kalamite sou yo, menm kòlè sovaj Mwen’, deklare SENYÈ a. ‘Mwen va voye nepe kont yo jiskaske Mwen fin manje yo nèt.
Je ferai trembler Élam devant ses ennemis, et devant ceux qui en veulent à sa vie. Et j'amènerai sur eux des malheurs, le feu de mon ardente colère, — oracle de Yahweh. Et j'enverrai après eux l'épée, jusqu'à ce que je les aie anéantis.
38 Epi Mwen va mete twòn pa Mwen nan Élam, e Mwen va detwi wa pa yo ak ofisye pa yo,’ deklare SENYÈ a.
Je placerai mon trône en Élam, et j'en exterminerai roi et chefs, — oracle de Yahweh.
39 ‘Men li va vin rive nan dènye jou yo, ke Mwen va restore fòtin Élam yo’, deklare SENYÈ a.”
Mais à la fin des jours, je ramènerai les captifs d'Élam, — oracle de Yahweh.

< Jeremi 49 >