< Jeremi 47 >

1 Sa ki te vini kon pawòl SENYÈ a de Jérémie, pwofèt la, konsènan Filisten yo, avan Farawon te fin bat peyi Gaza. 2 Konsa pale SENYÈ a: “Gade byen, dlo yo ap leve soti nan nò e l ap vin fè yon gwo fòs inondasyon dlo k ap debòde jis li vin kouvri latè ak tout kapasite l, menm vil a sila ki rete ladann. Mesye yo va kriye fò, e tout moun ladann va rele anmwey. 3 Akoz bri zago cheval li k ap kouri rèd, zen a cha li yo, ak gwonde a wou yo, papa yo pa p retounen pran pitit yo, men men yo va lage nèt ak sezisman. 4 Akoz jou k ap vini pou detwi tout Filisten yo, pou koupe retire nèt de Tyr ak Sidon tout soutyen ki rete yo; paske SENYÈ a ap detwi Filisten yo, retay a kot Caphtor a. 5 Gaza vin chòv; Askalon te fin detwi nèt. O retay vale yo! Pandan konbyen de tan nou va blese pwòp chè nou? 6 “‘Ah nepe SENYÈ a! Pandan konbyen de tan ou va refize vin kalm? Ralanti, rantre nan fouwo a; repoze e rete trankil.’ 7 “Kòman li ka kalm, lè SENYÈ a bay li lòd? Kont Ashkalon, kont kot lanmè a; Se la, Li te ranje pou l te fèt.”

< Jeremi 47 >