< Jeremi 43 >

1 Men la menm Jérémie, ke SENYÈ a, Bondye pa yo a, te voye a, te fin pale tout pèp la tout pawòl a SENYÈ a, Bondye pa yo a—— sa vle di, tout pawòl sila yo—— 2 Azaria, fis a Hosée, Jochanan, fis a Karéach e tout mesye ògeye yo te di a Jérémie: “W ap bay manti! SENYÈ a, Bondye nou an, pa t voye ou di: ‘Nou p ap antre Égypte pou rete la’. 3 Men se Baruc, fis a Nérija a, k ap chofe ou kont nou pou livre nou nan men a Kaldeyen yo, pou yo menm mete nou a lanmò, oswa ekzile nou Babylone.” 4 Pou sa, Jochanan, fis a Karéach la ak tout chèf lame yo, ak tout pèp la, pa t obeyi vwa SENYÈ a pou rete nan peyi Juda a. 5 Men Jochanan, fis a Karéach la, ak tout chèf lame yo te pran tout retay a Juda yo, ki te retounen soti nan tout nasyon kote yo te konn chase yo rive, pou yo ta ka rete nan peyi Juda a— 6 mesye yo, fanm yo, timoun yo, fi a wa yo, e chak moun ke Nebuzaradan, chèf a kò gad la te kite avèk Guedalia, fis a Achikam nan ak granpapa a Schaphan, ansanm ak Jérémie, pwofèt la e Baruc, fis a Nérija a. 7 Epi yo te antre nan peyi Égypte la paske yo pa t obeyi a vwa SENYÈ e yo te rive jis Tachpnaès. 8 Epi pawòl SENYÈ a te vin kote Jérémie nan Tachpanès. Li te di: 9 “Pran kèk nan gwo wòch nan men ou, e sere yo nan mòtye nan pave brik ki nan antre palè Farawon ki nan Tachpanès la, devan zye a kèk nan Jwif yo. 10 Epi di yo: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: “Gade byen, Mwen va voye chache Nebucadnetsar, wa Babylone nan sèvitè Mwen an, e Mwen va plase twòn li byen dirèk anwo wòch sila ke m te kache yo; epi li va ouvri gwo abri wayàl pa l anwo yo. 11 Anplis, li va vin frape peyi Égypte la. Sila ki te fèt pou mouri va mouri; sila pou prizon yo, va vin anprizone, e sila ki pou nepe yo, va jwenn nepe. 12 Epi Mwen va mete dife sou tanp dye Égypte yo, li va brile yo e soti avèk yo kon prizonye. Li va vlope li menm ak peyi Égypte kon yon bèje vlope kò l ak vètman li, e li va sòti la, ansekirite. 13 Anplis, li va kraze nèt imaj an wòch Beth-Schémech yo, ki nan peyi Égypte la, epi tanp dye a Égypte yo, li va brile yo ak dife.”’”

< Jeremi 43 >