< Jeremi 30 >

1 Pawòl ki te vini a Jérémie soti nan SENYÈ a, ki te di: 2 “Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la: ‘Ekri tout pawòl ke M te bay ou yo nan yon liv. 3 Paske gade byen, jou yo ap vini,’ deklare SENYÈ a: ‘lè Mwen va restore fòtin pèp Mwen an, Israël ak Juda,’ Senyè a di. ‘Anplis, Mwen va mennen yo retounen nan peyi ke m te bay a papa zansèt yo, e yo va posede li.’” 4 Alò, sila yo se pawòl ke SENYÈ a te pale konsènan Israël e konsènan Juda: 5 Paske konsa pale SENYÈ a: “Mwen te tande son a yon gwo laperèz, a yon gwo krent; pa gen lapè. 6 Mande koulye a pou wè si yon gason kapab fè pitit. Poukisa Mwen wè tout gason ak men li sou ti vant yo, konsi se fanm k ap fè pitit? Epi poukisa tout figi yo vin pal konsa? 7 Elas, paske jou sa a gran, pa gen ki parèy a li. Li se lè a gwo doulè Jacob la; men li va sove de li. 8 “Li va vin rive nan jou sa a, deklare SENYÈ dèzame yo: ke Mwen va kase jouk li a soti sou kou nou. Mwen va chire kòd yo, e etranje yo p ap fè yo esklav ankò. 9 Men yo va sèvi SENYÈ a, Bondye pa yo a e David, wa yo a, ke Mwen va fè leve wo pou yo. 10 Pa pè anyen, O Jacob, sèvitè Mwen an,” deklare SENYÈ a: “Epi pa pèdi kouraj, O Israël; paske gade byen, Mwen va sove ou soti lwen e posterite ou soti nan peyi kaptivite yo. Jacob va retounen, Li va kalm, alèz, e nanpwen moun k ap fè l fè pè. 11 Paske Mwen avèk ou, deklare SENYÈ a, pou sove ou; paske Mwen va detwi nèt tout nasyon kote Mwen te gaye ou yo, sèlman ou menm ke M p ap detwi nèt. Men m ap fè ou korije fil a mezi; Mwen p ap kite ou san pinisyon.” 12 Paske konsa pale SENYÈ a: “Blesi ou yo pa kab geri, e kondisyon ou byen grav. 13 Nanpwen moun ki pou plede koz ou; pa gen gerizon pou maleng nan, ni ou p ap ka refè. 14 Tout moun ki renmen ou yo fin bliye ou, yo pa chache ou; paske Mwen te blese ou ak blesi a yon lènmi, ak pinisyon a yon moun ki mechan, akoz inikite ou gran e peche ou anpil. 15 Poukisa w ap kriye akoz blesi ou yo? Doulè ou a pa gen gerizon. Akoz inikite ou yo gran e peche ou yo anpil, Mwen te fè ou sa a. 16 Akoz sa, tout sila ki devore ou yo va vin devore; epi tout advèsè ou yo, yo chak, yo va antre an kaptivite. Sila ki piyaje ou yo va tounen piyaj yo menm, e tout sila yo ki fè nou vin viktim yo, va vin viktim yo menm. 17 Paske M ap fè ou reprann lasante, e Mwen va geri ou de tout blesi ou yo,” deklare SENYÈ a: “Akoz yo te rele ou yon rejte e yo te di: ‘Se Sion; nanpwen moun ki bezwen anyen ladan.’” 18 Konsa pale SENYÈ a: “Gade byen, Mwen va restore fòtin a tant a Jacob yo, e gen konpasyon pou lakay li yo; vil la va rebati sou ranblè li yo e palè a va kanpe nan pwòp plas li. 19 Nan yo menm, va sòti remèsiman ak vwa a sila k ap fè fèt yo. Mwen va miltipliye yo e yo p ap diminye; anplis, Mwen va bay yo glwa, e yo p ap meprize; 20 Pitit pa yo tou va tankou oparavan, e kongregasyon yo va etabli devan M. Mwen va pini tout sila k ap oprime yo. 21 Chèf pa yo va youn nan yo, e sila ki gouvène yo va sòti nan mitan yo. Mwen va mennen li toupre, e li va vin toupre Mwen; paske se kilès ki ta gen kouraj pou pwoche M?” deklare SENYÈ a. 22 “Nou va vin pèp Mwen e Mwen va vin Bondye pa nou.” 23 Gade byen, tanpèt SENYÈ a, kòlè Li fin depanse nèt, yon tanpèt k ap ravaje; li va eklate sou tèt a mechan yo. 24 Kòlè fewòs SENYÈ a p ap detounen jiskaske li fin fè, jiskaske li fin acheve entansyon a kè Li. Nan dènye jou yo, ou va konprann sa.”

< Jeremi 30 >