< Ezayi 9 >

1 Men nanpwen tristès ankò pou sila ki te nan gwo lapèn nan; nan tan pase yo, Li te trete peyi Zabulon ak peyi Nephthali tankou sa ki pa t gen valè; men pi lwen, Li te fè li plenn glwa, pa lòtbò rivyè Jourdain an, Galilée a pèp etranje yo. 2 Pèp ki mache nan tenèb la va wè yon gwo limyè; sila ki rete nan peyi lonbraj lamò a, limyè va fonse briye sou yo; 3 Ou te fè pèp la grandi anpil; Ou ogmante kè kontan yo. Yo kontan prezans Ou. Menm jan moun yo gen kè kontan an nan rekòlt la lè y ap divize piyaj la. 4 Paske Ou va kraze fado ki peze sou do yo a ak baton sou zepòl yo; baton a sila ki oprime yo, tankou nan batay Madian an. 5 Paske tout protej gèrye a ak bwi gwo batay, ak manto ki woule nan san va sèvi pou brile, yon lwil pou dife a. 6 Paske yon pitit va ne a nou menm, yon fis va bay a nou menm; epi gouvènman an va rete sou zepòl Li. Non Li va rele Konseye Mèvèye, Bondye Pwisan an, Papa Etènèl la, Prens Lapè a. 7 P ap gen fen nan gouvènman Li an ni p ap manke gen lapè sou twòn David la ak sou wayòm li an, pou etabli li e soutni l ak jistis avèk ladwati soti nan moman sa a jis rive pou tout tan. Zèl a SENYÈ dèzame yo va akonpli sa a. 8 SENYÈ a voye yon mesaj rive nan Jacob e li tonbe sou Israël. 9 Tout pèp la va konnen sa; Éphraïm ak moun ki rete Samarie yo, k ap pale ak awogans e ak ògèy nan kè yo: 10 “Brik yo fin tonbe, men nou va rebati ak wòch taye; bwa sikomò yo fin koupe, men nou va ranplase yo ak bwa sèd.” 11 Akoz sa, SENYÈ a fè leve kont yo advèsè ki sòti Retsin yo e chofe ènmi yo, 12 Siryen lès yo ak Filisten lwès yo; epi yo va devore Israël ak machwè ki ouvri. Malgre sa, kòlè Li p ap detounen e men L va toujou lonje. 13 Sepandan, pèp la p ap vire retounen kote Sila ki te frape yo a, ni yo pa chache SENYÈ dèzame yo. 14 Konsa, SENYÈ a va koupe retire ni tèt ni ke sou Israël, ni branch palmis ak wozo nan yon sèl jou. 15 Tèt la se ansyen ki byen respekte a e ke a se pwofèt ki ansegne manti a. 16 Paske sila k ap gide pèp sa yo, egare yo. Epi sila ki gide pa yo ap mennen yo antre nan gwo konfizyon. 17 Akoz sa, SENYÈ a pa pran plezi nan jennonm yo, ni Li pa fè pitye pou òfelen yo, ni pou vèv yo; paske yo tout se malfektè ki san Bondye e bouch yo tout ap pale nan foli. Malgre tout sa, kòlè Li pa detounen, e men L toujou lonje. 18 Paske mechanste brile tankou dife; li manje ni pikan ni raje. Menm gwo rak bwa forè, li fè pran flanm e yo woule monte kon yon gwo kolòn lafimen. 19 Se gwo kòlè a SENYÈ dèzame yo ki brile peyi a, e se pèp la ki se lwil pou dife a. Nanpwen moun ki eseye sove frè l. 20 Yo manje sou men dwat la, men yo rete grangou; yo manje sou men goch la, men yo pa satisfè. Yo chak manje chè pwòp bra yo. 21 Manassé devore Éphraïm, Éphraïm devore Manassé e ansanm, yo kont Juda. Malgre tout sa, kòlè Li pa detounen e men Li toujou lonje.

< Ezayi 9 >