< Ezayi 4 >

1 Paske sèt fanm va kenbe yon sèl gason nan jou sa a pou di l: “Nou va manje pwòp pen nou e mete pwòp rad nou. Sèlman, kite nou rele pa non ou. Souple retire wont nou an!” 2 Nan jou sa a, branch SENYÈ a va bèl, plen ak glwa, e fwi tè a va fè yo leve tèt yo wo akoz bèlte a tout retay Israël yo. 3 Li va rive ke sila ki rete Sion an ak sila yo ki rete Jérusalem nan va rele sen— tout moun ki anrejistre pou lavi Jérusalem yo 4 lè Senyè a fin lave fè sòti tout salte fi a Sion yo, e pirifye Jérusalem de tout san vèse pou fè l sòti nan mitan li, pa lespri jistis ak lespri brile a. 5 SENYÈ la va fè sou tout landwa Mòn Sion, ak sou tout asanble li yo, yon nwaj pa jou, lafimen a menm, epi eklere ak yon flanm dife pandan nwit la, paske sou tout glwa la, va genyen yon kouvèti. 6 Va gen abri pou bay lonbraj kont chalè jounen an, e pou pwoteje kont tanpèt ak lapli.

< Ezayi 4 >