< Ezayi 34 >

1 Rapwoche, O nasyon yo pou tande! Koute, o pèp yo! Kite latè ak tout sa ki ladann tande, e lemonn ak tout sa ki ladann. 2 Paske gwo kòlè SENYÈ a kont tout nasyon yo e jijman Li brile kont tout lame yo. Li te detwi yo nèt. Li te donnen yo a yon gwo masak. 3 Konsa, mò yo va jete deyò. Kadav yo va fè movèz odè, e mòn yo va tranpe ak san yo. 4 Tout lame syèl la va vin efase. Syèl la va woule monte tankou yon woulo liv; e tout lame li yo va vin fennen nèt, tankou yon fèy ta fennen sou branch chan rezen an, oswa jan li deseche tonbe sou yon pye fig. 5 Paske nepe Mwen bwe ase nan syèl la. Gade byen, li va desann pou jije Édom ak pèp ke Mwen te chwazi pou destriksyon yo. 6 Nepe SENYÈ a plen ak san. Li kouvri ak grès, ak san jenn mouton, ak bouk yo, ak grès a ren belye. Paske SENYÈ a gen yon sakrifis nan Botsra, ak yon gwo masak nan peyi Édom. 7 Anplis, bèf mawon va desann ak yo, ak jenn towo, ak towo pwisan yo. Konsa, peyi yo va tranpe ak san, e pousyè yo va vin gra ak grès. 8 Paske SENYÈ a gen yon jou vanjans, yon ane vanjans pou koz a Sion an. 9 Sous dlo li yo va devni goudwon e tè pousyè li kon souf. Peyi li va tounen goudwon k ap brile. 10 Li p ap etenn ni lajounen, ni lannwit. Lafimen li va monte jis pou tout tan. De jenerasyon an jenerasyon, li va dezole. Okenn moun p ap pase ladann pou tout tan e pou tout tan. 11 Men grangozye ak ti bèt atè a va vin posede li e ibou ak kònèy a va demere ladann. Li va tann sou li lign latwoublay, ak fil a plon vid la. 12 Yo va rele prens li yo a wayòm nan, menp ap gen k ap parèt. Tout prens li yo p ap anyen. 13 Pikan yo va pouse nan gwo fò li yo, chadwon ak gwo raje nan gwo vil ranfòse yo. L ap devni yon kote frekante pa chen mawon. Li va fè kay tribinal pou otrich la. 14 Bèt dezè yo va fè reyinyon ak lou yo; kabrit sovaj ak gwo plim va kriye anvè parèy li. Wi, gwo bèt lannwit va vin rete la; l ap twouve pou kont li yon kote pou l ka repoze. 15 La, koulèv pyebwa a va fè nich li pou ponn ze; li va kale yo e ranmase yo anba pwotèj li. Menm bèt malfini yo va rankontre la, yo chak ak pwòp parèy yo. 16 Chache nan liv SENYÈ a, epi li: Nanpwen youn nan sila yo ki p ap la; okenn p ap manke parèy yo. Paske bouch Mwen te pase lòd, e Lespri Li te ranmase yo. 17 Li te tire osò pou yo, e se men L ki separe bay yo selon lign mezi a. Yo va posede kote a jis pou tout tan. De jenerasyon an jenerasyon, yo va abite ladann.

< Ezayi 34 >