< Oze 4 >

1 Koute pawòl SENYÈ a, O fis a Israël yo, paske SENYÈ a gen yon pwose kont pèp peyi a: Anverite, nanpwen fidelite, ni dousè, ni konesans Bondye nan peyi a.
Słuchajcie słowa PANA, synowie Izraela, bo PAN wnosi skargę przeciwko mieszkańcom tej ziemi, gdyż nie ma prawdy ani żadnego miłosierdzia, ani poznania Boga [w] ziemi.
2 Gen joure ak madichon, vyole konfyans, asasine moun, vòlè, fè adiltè. Yo aji ak vyolans jiskaske yo vèse san, e vèse san fè san vèse plis.
Krzywoprzysięstwo, kłamstwo, zabójstwo, kradzież i cudzołóstwo mnożą się, a morderstwo goni morderstwo.
3 Akoz sa, peyi a va fè dèy. Tout moun ki rete ladann ap megri menm ak tout sa ki viv. Menm bèt chan yo ak zwazo syèl yo, epi pwason lanmè yo va mouri.
Dlatego ziemia będzie lamentować i marnieje wszystko, co w niej mieszka, wraz z polnymi zwierzętami i ptactwem nieba, nawet ryby morskie wyginą.
4 Malgre sa, pa kite okenn moun pote akizasyon, ni okenn moun vin repwoche; paske pèp nou an se tankou sila ki fè kont ak prèt yo.
Ale niech nikt z nimi się nie spiera ani ich nie strofuje, bo twój lud [jest] jak ci, którzy spierają się z kapłanem.
5 Konsa, nou va glise tonbe nan lajounen e menm pwofèt la va glise tonbe avèk nou nan lannwit. Epi Mwen va detwi manman ou.
Dlatego upadniesz we dnie, upadnie też wraz z tobą prorok w nocy; wyniszczę twoją matkę.
6 Pèp Mwen an detwi akoz mank konesans. Akoz ou te rejte konesans, Mwen menm tou, Mwen va rejte ou. Ou p ap ka fè prèt pou Mwen, akoz ou te bliye lalwa Bondye. Konsa, Mwen menm tou, Mwen ap bliye pitit nou yo.
Mój lud ginie z braku poznania; a ponieważ ty odrzuciłeś poznanie, ja też ciebie odrzucę, abyś [już] nie był dla mnie kapłanem. Skoro zapomniałeś o prawie twego Boga, ja też zapomnę o twoich synach.
7 Plis ke yo te miltipliye, plis ke yo te peche kont mwen. Mwen va fè glwa yo vin chanje an wont.
Im bardziej się rozmnożyli, tym więcej grzeszyli przeciwko mnie. [Dlatego] ich chwałę zamienię w hańbę.
8 Yo manje sou peche a pèp Mwen an, e yo dirije volonte yo vè inikite yo.
Pożerają ofiary za grzech mego ludu i swoją duszą pragną jego nieprawości.
9 Se konsa sa va ye: jan pèp la ye a, se konsa prèt la ye. Akoz sa, Mwen va pini yo pou chemen yo, e Mwen va rekonpanse yo pou zak yo.
I tak samo stanie się z ludem jak z kapłanem, bo ukarzę ich za ich drogi i oddam im za ich uczynki.
10 Yo va manje, men yo p ap gen ase. Yo va fè pwostitisyon, men yo p ap ogmante, akoz yo sispann koute SENYÈ a.
Będą jeść, ale się nie nasycą, będą uprawiać nierząd, ale się nie pomnożą, bo nie chcą zważać na PANA.
11 Lavi pwostitisyon, diven, ak diven nèf retire bon konprann.
Nierząd, wino i moszcz odbierają serce.
12 Pèp mwen an mande konsèy a zidòl ki fèt ak bwa yo. Paske yon lespri pwostitisyon te egare yo; yo te enfidèl a Bondye yo a.
Mój lud radzi się u swego drewna, a jego kij mu odpowiada, bo duch nierządu wprowadza ich w błąd i uprawiali nierząd, odstępując od swego Boga.
13 Yo ofri sakrifis sou tèt mòn yo, e yo brile lansan sou kolin yo. Anba pye bwadchèn yo, pye sikrèn ak pye mapou yo; akoz lonbraj yo dous. Akoz sa, fi nou yo fè pwostitisyon e madanm nou yo fè adiltè.
Na szczytach gór składają ofiary i na pagórkach palą kadzidło pod dębem, topolą i wiązem, bo ich cień jest dobry. Dlatego wasze córki uprawiają nierząd i wasze kobiety cudzołożą.
14 Mwen p ap pini fi nou yo lè yo fè pwostitisyon, ni madanm nou yo lè yo fè adiltè. Paske, mesye yo, yo menm, ale sou kote ak pwostitiye yo, e fè sakrifis yo ak pwostitiye tanp yo. Konsa, pèp san konprann nan vin detwi nèt.
Nie będę karał waszych córek, gdy uprawiają nierząd, ani waszych kobiet, gdy cudzołożą. Oni [sami] bowiem odłączają się z nierządnicami i składają ofiary wraz z nierządnicami. A lud, który [tego] nie rozumie, upadnie.
15 Malgre sa, ou menm, Israël, ou fè pwostitisyon an, men ou pa kite Juda vin koupab; pa monte vè Guilgal, ni monte nan Beth-Aven, ni sèmante: “Jan Bondye vivan an!”
Jeśli ty, Izraelu, uprawiasz nierząd, niech [chociaż] Juda nie obciąży się winą. Nie idźcie do Gilgal ani nie wstępujcie do Bet-Awen, ani nie przysięgajcie: Jak żyje PAN!
16 Paske Israël fè tèt li di, tankou yon gazèl ak tèt rèd. Èske SENYÈ a, koulye a, kapab nouri yo tankou jenn mouton nan yon bèl chan?
Izrael bowiem jest nieujarzmiony jak narowista jałówka. Zaprawdę, PAN będzie ich paść jak jagnię na rozległym miejscu.
17 Éphraïm vin jwenn ak zidòl yo. Kite li pou kont li.
Efraim związał się z bożkami. Zostaw go.
18 Bwason yo vin gen gou si. Yo jwe pwostitiye tout tan. Chèf yo vrèman renmen wont yo.
Ich napój czyni ich upartymi; nieustannie uprawiają nierząd; jego obrońcy wstydliwie kochają dary.
19 Van an te vlope li nan zèl li yo; yo va wont akoz sakrifis yo fè.
Pochwyci ich wiatr swoimi skrzydłami i będą zawstydzeni z powodu swoich ofiar.

< Oze 4 >