< Jenèz 25 >

1 Alò, Abraham te pran yon lòt madanm, ki te rele Ketura.
Abraham took another wife, and her name was Keturah.
2 Li te fè pou li Zimran, Jokschan, Madian, Jischbak, avèk Schuach.
She bore him Zimran, Jokshan, Medan, Midian, Ishbak, and Shuah.
3 Jokschan te vin papa a Séba avèk Dedan. Epi fis Dedan yo te Aschurim, Letuschim, avèk Leummim.
Jokshan became the father of Sheba, and Dedan. The sons of Dedan were Asshurim, Letushim, and Leummim.
4 Epi fis a Madian yo te Épha, Epher, Hénoc, Abida, avèk Eldaa. Tout sa yo se te fis a Ketura yo.
The sons of Midian were Ephah, Epher, Hanoch, Abida, and Eldaah. All these were the children of Keturah.
5 Alò Abraham te bay tout sa li te posede a Isaac;
Abraham gave all that he had to Isaac,
6 men a fis a fanm konkibin yo, li te bay yo kado pandan li te toujou ap viv la, e li te voye yo lwen fis li a vè lès, nan peyi lès la.
but Abraham gave gifts to the sons of Abraham’s concubines. While he still lived, he sent them away from Isaac his son, eastward, to the east country.
7 Sa yo se tout ane lavi ke Abraham te viv, san-swasann-kenz ane.
These are the days of the years of Abraham’s life which he lived: one hundred seventy-five years.
8 Abraham te respire dènye souf li. Li te mouri yon granmoun byen mi, e li te byen satisfè avèk lavi. Konsa, li te vin ranmase vè pèp li.
Abraham gave up his spirit, and died at a good old age, an old man, and full of years, and was gathered to his people.
9 Fis li yo, Isaac avèk Ismaël te antere li nan kav Macpéla a, nan chan Ephron an, fis Tsochar, Etyen an, anfas Mamré,
Isaac and Ishmael, his sons, buried him in the cave of Machpelah, in the field of Ephron, the son of Zohar the Hittite, which is near Mamre,
10 chan ke Abraham te achte nan men fis a Heth yo. La, Abraham te antere avèk madanm li, Sarah.
the field which Abraham purchased from the children of Heth. Abraham was buried there with Sarah, his wife.
11 Li te vin rive apre mò Abraham nan, ke Bondye te beni fis li a, Isaac, epi Isaac te viv toupre Lachaï-roi.
After the death of Abraham, God blessed Isaac, his son. Isaac lived by Beer Lahai Roi.
12 Alò, sa yo se achiv a desandan a jenerasyon Ismaël yo, fis Abraham nan, ke Agar, Ejipsyen an, sèvant a Sarah a, te fè ak Abraham;
Now this is the history of the generations of Ishmael, Abraham’s son, whom Hagar the Egyptian, Sarah’s servant, bore to Abraham.
13 epi sa yo se non fis Ismaël yo, selon non yo, nan lòd nesans pa yo: Nebajoth, premye ne a Ismaël la, Kédar, Adbeel, Mibsam,
These are the names of the sons of Ishmael, by their names, according to the order of their birth: the firstborn of Ishmael, Nebaioth, then Kedar, Adbeel, Mibsam,
14 Mischma, Duma, Massa,
Mishma, Dumah, Massa,
15 Hadad, Théma, Jethur, Naphisch avèk Kedma.
Hadad, Tema, Jetur, Naphish, and Kedemah.
16 Sila yo se fis Ismaël yo e sa se non yo, pa vil, e pa anplasman yo; douz prens yo selon tribi pa yo.
These are the sons of Ishmael, and these are their names, by their villages, and by their encampments: twelve princes, according to their nations.
17 Sa yo se lane lavi Ismaël yo, san-trant-sèt ane. Li te respire dènye souf li, e li te mouri, epi yo te ranmase li vè pèp li.
These are the years of the life of Ishmael: one hundred thirty-seven years. He gave up his spirit and died, and was gathered to his people.
18 Yo te deplase soti nan Havila jis rive nan Schur ki nan kote lès Égypte lè yon moun ap pwoche Assyrie; li te rete la malgre sa te fè ènmi avèk tout paran li yo.
They lived from Havilah to Shur that is before Egypt, as you go toward Assyria. He lived opposite all his relatives.
19 Alò, sa yo se achiv jenerasyon ki swiv Isaac yo, fis Abraham nan: Abraham te vin papa Isaac.
This is the history of the generations of Isaac, Abraham’s son. Abraham became the father of Isaac.
20 Lè Isaac te gen laj karant ane, li te pran Rebecca, fi Bethuel la, Araméen an nan kote Paddan-Aram, sè Laban an, Araméen an, pou vin madanm li.
Isaac was forty years old when he took Rebekah, the daughter of Bethuel the Syrian of Paddan Aram, the sister of Laban the Syrian, to be his wife.
21 Isaac te priye a SENYÈ a anfavè madanm li, akoz li te esteril. Konsa, SENYÈ a te reponn li, e Rebecca, madanm li an te vin ansent.
Isaac entreated Yahweh for his wife, because she was barren. Yahweh was entreated by him, and Rebekah his wife conceived.
22 Men pitit yo te an konfli anndan vant li. Li te di: “Si se sa, poukisa mwen viv?” Li te ale mande a SENYÈ a.
The children struggled together within her. She said, “If it is like this, why do I live?” She went to inquire of Yahweh.
23 SENYÈ a te di li: “Gen de nasyon nan vant ou. De pèp va vin separe sòti nan vant ou. Yon pèp va pi pwisan ke lòt la. Pi gran an va sèvi pi jèn nan.”
Yahweh said to her, “Two nations are in your womb. Two peoples will be separated from your body. The one people will be stronger than the other people. The elder will serve the younger.”
24 Lè jou li yo pou akouche te rive, gade, te gen jimo nan vant li.
When her days to be delivered were fulfilled, behold, there were twins in her womb.
25 Premye a te vin parèt byen wouj. Li te kouvri toupatou tankou yon rad ki plen plim sou li. Yo te nonmen li Ésaü.
The first came out red all over, like a hairy garment. They named him Esau.
26 Apre, frè li a te vin parèt avèk men li ki t ap kenbe talon pye a Ésaü. Akoz sa yo te rele li Jacob. Isaac te gen swasant ane lè madanm li te bay nesans a yo.
After that, his brother came out, and his hand had hold on Esau’s heel. He was named Jacob. Isaac was sixty years old when she bore them.
27 Lè gason sa yo te grandi, Ésaü te vin fò nan lachas, yon nonm ki fèt pou chan a. Men Jacob te yon nonm byen trankil, ki te viv nan tant.
The boys grew. Esau was a skillful hunter, a man of the field. Jacob was a quiet man, living in tents.
28 Alò, Isaac te renmen Ésaü akoz ke li te gen yon gou pou vyann bèt sovaj, men Rebecca te renmen Jacob.
Now Isaac loved Esau, because he ate his venison. Rebekah loved Jacob.
29 Lè Jacob te fin kwit yon soup, Ésaü te vin antre pandan li t ap kite chan an, e li te grangou anpil.
Jacob boiled stew. Esau came in from the field, and he was famished.
30 Konsa, Ésaü te di Jacob: “Souple, ban m goute bagay wouj sa ki la a, paske mwen grangou anpil.” Se pou sa yo te rele non li Edom.
Esau said to Jacob, “Please feed me with some of that red stew, for I am famished.” Therefore his name was called Edom.
31 Men Jacob te di: “Premyeman vann mwen dwa nesans ou an.”
Jacob said, “First, sell me your birthright.”
32 Ésaü te di: “Gade byen, mwen prèt pou mouri, e konsa pou ki bagay yon eritaj ap sèvi mwen?”
Esau said, “Behold, I am about to die. What good is the birthright to me?”
33 Jacob te di: “Premyeman, sèmante ban mwen.” Li te sèmante ba li. Li te vann dwa nesans li an bay Jacob.
Jacob said, “Swear to me first.” He swore to him. He sold his birthright to Jacob.
34 Jacob te bay Ésaü pen avèk yon soup pwa. Li te manje e bwè, e li te leve al fè wout li. Konsa Ésaü te vin rayi dwa nesans li an.
Jacob gave Esau bread and lentil stew. He ate and drank, rose up, and went his way. So Esau despised his birthright.

< Jenèz 25 >