< Jenèz 16 >

1 Alò, Saraï, madanm Abram nan pa t bay li pitit. Li te gen yon sèvant Ejipsyen ki te rele Agar. 2 Konsa, Saraï te di Abram: “Alò, gade byen, SENYÈ a te anpeche m fè pitit. Souple, al jwenn sèvant mwen an. Petèt mwen kapab vin gen pitit pa li menm.” Epi Abram te koute vwa a Saraï. 3 Apre Abram te viv dis lane nan peyi Canaan, madanm Abram nan, Saraï te pran Agar, sèvant Ejipsyen li an, e te bay li a mari li Abram kòm madanm li. 4 Li te al jwenn Agar, li te vin ansent, epi lè l te wè ke li te ansent, mètrès li a te vin meprize nan zye li. 5 Konsa, Saraï te di Abram: “Se ou ki gen tò nan bagay sa a. Mwen te bay sèvant mwen an pou li antre nan bra ou, e lè l te wè ke li te vin ansent, mwen te vin meprize nan zye li. Ke SENYÈ a jije antre ou menm avèk mwen.” 6 Men Abram te di a Saraï: “Gade byen, sèvant ou anba pouvwa ou. Fè sa ke ou wè ki bon nan zye ou avèk li.” Pou sa, Saraï te rèd avèk li, e li te pran sove ale kite prezans li. 7 Alò zanj lan te twouve li akote yon sous dlo nan savann nan, vè sous la nan wout chemen ki ale Schur la. 8 Li te di a Agar, sèvant Saraï a, “Kibò ou sòti, e kibò ou prale?” Epi li te di: “M ap sove ale kite prezans mètrès mwen an, Saraï.” 9 Epi zanj SENYÈ a te di li: “Retounen bò kote mètrès ou, e soumèt ou anba otorite l.” 10 Plis ke sa, zanj SENYÈ a te di li: “Mwen va miltipliye desandan ou yo anpil pou yo vin twòp pou konte.” 11 Zanj SENYÈ a te di li anplis: “Byen gade, ou ansent, e ou va fè yon fis. Epi ou va rele non li Ismaël ki vle di Bondye tande, akoz SENYÈ a te okipe afliksyon ou yo. 12 Li va yon nonm tankou bourik mawon. Men li va kont tout moun, e men a tout moun va kont li. Epi li va viv yon jan ki kont tout frè li yo.” 13 Epi li te rele non SENYÈ a ki te pale avèk li: “Ou se yon Bondye ki wè a”, paske li te di: “Èske m ap vrèman rete vivan isit lè m fin wè Li”? 14 Pou sa, pwi a te rele Lachaï-roi. Gade byen, li la antre Kadès ak Bared. 15 Alò, Agar te fè yon fis pou Abram. E Abram te rele fis li a, ke Agar te fè a, Ismaël. 16 Abram te gen katre-ven-sis ane lè Agar te fè Ismaël pou li a.

< Jenèz 16 >