< Ezekyèl 47 >

1 Epi li te mennen m retounen nan pòt kay la; epi gade byen dlo t ap koule soti anba papòt kay la vè lès, paske kay la te bay fas vè lès. Epi dlo a t ap koule soti pa anba, soti akote dwat kay la, soti kote sid lotèl la.
He brought me back to the door of the temple; and behold, waters flowed out from under the threshold of the temple eastward, for the front of the temple faced toward the east. The waters came down from underneath, from the right side of the temple, on the south of the altar.
2 Li te mennen mwen deyò pa chemen pòtay nò a, epi te mennen m ozanviwon pa deyò rive nan pòtay eksteryè a, pa chemen pòtay ki bay fas vè lès la. Epi gade byen, dlo t ap koule soti nan kote sid la.
Then he brought me out by the way of the gate northward, and led me around by the way outside to the outer gate, by the way of the gate that looks toward the east. Behold, waters ran out on the right side.
3 Lè mesye a te sòti deyò vè lès ak yon kòd mezi nan men l, li te mezire mil koude, e li te mennen m pase nan dlo a, dlo ki te rive nan cheviy pye l yo.
When the man went out eastward with the line in his hand, he measured one thousand cubits, and he caused me to pass through the waters, waters that were to the ankles.
4 Ankò, li te mezire mil koude e li te mennen m pase nan dlo ki rive jis nan jenou yo. Ankò, li te mezire mil koude, e li te mennen m pase nan dlo ki rive nan senti a.
Again he measured one thousand, and caused me to pass through the waters, waters that were to the knees. Again he measured one thousand, and caused me to pass through waters that were to the waist.
5 Ankò, li te mezire mil koude; epi yon rivyè ke m pa t ka travèse, paske dlo a te vin leve, te gen ase dlo naje ladann, yon rivyè ki pa t ka janbe sou pye.
Afterward he measured one thousand; and it was a river that I could not pass through, for the waters had risen, waters to swim in, a river that could not be walked through.
6 Li te di m: “Fis a lòm, èske ou wè sa a?” Konsa, li te mennen m retounen rive arebò rivyè a.
He said to me, “Son of man, have you seen this?” Then he brought me and caused me to return to the bank of the river.
7 Alò, lè m te retounen, gade byen, akote rivyè a, te gen anpil pyebwa nan yon kote yo ak nan lòt la.
Now when I had returned, behold, on the bank of the river were very many trees on the one side and on the other.
8 Li te di mwen: “Dlo sila yo sòti nan rejyon lès pou desann rive nan dezè a. Depi la, yo kontinye vè lanmè, menm antre nan lanmè. Lanmè a ap soti, e dlo lanmè yo va geri.
Then he said to me, “These waters flow out toward the eastern region and will go down into the Arabah. Then they will go toward the sea and flow into the sea which will be made to flow out; and the waters will be healed.
9 Li va vin rive ke tout kreyati vivan ki naje tout kote ke rivyè a ale, yo va viv. Konsa, va genyen anpil pwason, paske dlo sa yo ale la e dlo lanmè yo va geri. Tout bagay va viv nenpòt kote rivyè a ale.
It will happen that every living creature which swarms, in every place where the rivers come, will live. Then there will be a very great multitude of fish; for these waters have come there, and the waters of the sea will be healed, and everything will live wherever the river comes.
10 Epi li va vin rive ke mesye lapèch yo va kanpe akote li. Soti En-Guédi jis rive En-Églaïm, va gen kote pou ouvri filè yo. Pwason pa yo va selon espès pa yo, tankou pwason Gwo Lanmè a, anpil, anpil.
It will happen that fishermen will stand by it. From En Gedi even to En Eglaim will be a place for the spreading of nets. Their fish will be after their kinds, as the fish of the great sea, exceedingly many.
11 Men marekaj li yo ak fòs li yo p ap geri; yo va rete sale.
But its swamps and marshes will not be healed. They will be given up to salt.
12 Akote rivyè a, arebò li, soti yon kote a yon lòt, va grandi tout pyebwa ki bay manje. Fèy yo p ap fennen e fwi yo p ap manke. Yo va donnen chak mwa akoz dlo yo koule soti nan sanktiyè a, fwi pa yo va pou manje e fèy yo va pou gerizon.”
By the river banks, on both sides, will grow every tree for food, whose leaf won’t wither, neither will its fruit fail. It will produce new fruit every month, because its waters issue out of the sanctuary. Its fruit will be for food, and its leaf for healing.”
13 Konsa pale Senyè BONDYE a: “Sa va sèvi kon lizyè ak sila nou va divize peyi a kon eritaj pami douz tribi Israël yo. Joseph va gen de pòsyon.
The Lord Yahweh says: “This shall be the border by which you shall divide the land for inheritance according to the twelve tribes of Israel. Joseph shall have two portions.
14 Nou va divize li kon eritaj, chak egal ak lòt; paske Mwen te sèmante pou bay li a papa zansèt nou yo, e peyi sa a va tonbe a nou menm kon eritaj.
You shall inherit it, one as well as another; for I swore to give it to your fathers. This land will fall to you for inheritance.
15 “Sa se lizyè peyi a: nan kote nò, soti nan Gwo Lanmè a, pa chemen Hethlon, jis rive nan antre a Tsedad;
“This shall be the border of the land: “On the north side, from the great sea, by the way of Hethlon, to the entrance of Zedad;
16 Hamath, Bérotha, Sibraïm, ki antre lizyè Damas ak lizyè Hamath; Hatzer-Hatthicon, kote lizyè Havran nan.
Hamath, Berothah, Sibraim (which is between the border of Damascus and the border of Hamath), to Hazer Hatticon, which is by the border of Hauran.
17 Lizyè a va rive soti nan lanmè a Hatsar-Énon nan lizyè Damas e nan rejyon nò, vè nò, se lizyè Hamath la. Sa se fwontyè nan kote nò a.”
The border from the sea shall be Hazar Enon at the border of Damascus; and on the north northward is the border of Hamath. This is the north side.
18 “Nan kote lès la, soti nan antre Havran, Damas Galaad ak peyi Israël, se va Larivyè Jourdain an; soti nan lizyè nò a jis rive nan lanmè lès la, ou va mezire li. Sa se kote lès la.”
“The east side, between Hauran, Damascus, Gilead, and the land of Israel, shall be the Jordan; from the north border to the east sea you shall measure. This is the east side.
19 “Nan kote sid la, vè sid li va soti Thamar jis rive nan dlo Meriba-Kadès, pou rive nan flèv Égypte la ak nan Gwo Lanmè a. Sa se kote sid la, vè sid.”
“The south side southward shall be from Tamar as far as the waters of Meriboth Kadesh, to the brook, to the great sea. This is the south side southward.
20 “Nan kote lwès la, se va Gwo Lanmè a, soti nan lizyè sid la pou rive nan yon pwent anfas Lebo-Hamath. Sa se kote lwès la.”
“The west side shall be the great sea, from the south border as far as opposite the entrance of Hamath. This is the west side.
21 “Konsa nou va pataje peyi sa pami nou menm selon trib Israël yo.
“So you shall divide this land to yourselves according to the tribes of Israel.
22 Ou va divize li pa tiraj osò kon eritaj pami nou menm e pami letranje ki rete nan mitan nou yo, ki fè fis nan mitan nou yo. Epi yo va pou nou tankou moun peyi natal, pami fis Israël yo; yo va resevwa yon eritaj avèk nou pami tribi Israël yo.
You shall divide it by lot for an inheritance to you and to the aliens who live among you, who will father children among you. Then they shall be to you as the native-born among the children of Israel. They shall have inheritance with you among the tribes of Israel.
23 Epi nan tribi kote etranje a rete a, se la ou va bay li eritaj li,” deklare Senyè BONDYE a.
In whatever tribe the stranger lives, there you shall give him his inheritance,” says the Lord Yahweh.

< Ezekyèl 47 >