< Ezekyèl 30 >

1 Pawòl SENYÈ a te vin kote m ankò e te di: 2 “Fis a lòm, pwofetize e di: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a, “Rele ‘Anmwey! Elas pou jou a!’ 3 Paske jou a pwòch. Menm jou SENYÈ a pwòch. Li va yon jou nwaj, yon tan fènwa pou nasyon yo. 4 Yon nepe va rive sou Égypte e gwo doulè va rive Ethiopie, lè sila yo touye yo tonbe an Égypte. Yo va retire tout richès li yo e fondasyon li yo va fin demoli nèt. 5 “‘“Ethiopie, Puth, Lud, tout Arabie, Cub, ak tout moun peyi ki nan gwoup aliyans yo va tonbe ak yo pa nepe.” 6 “‘Konsa pale SENYÈ a: “Anverite, sila ki sipòte Égypte yo va tonbe. Ògèy a pouvwa li a va tonbe. Soti nan Migdol jis rive Syène, yo va tonbe pa nepe,” deklare Senyè BONDYE a. 7 Yo va vin dezole nan mitan peyi ki dezole yo. Konsa, vil li yo va nan mitan vil k ap devaste yo. 8 Yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a, lè M limen dife an Égypte la, e tout sila ki te ede l yo vin kraze nèt. 9 “‘“Nan jou sa a, mesaje yo va ale soti devan Mwen sou bato pou entimide Ethiopie akoz lenpridans. Gwo doulè va vin sou yo menm jan ak jou Égypte la; paske gade byen, l ap vini!” 10 “‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Anplis Mwen va fè gwo foul lame Égypte la vin sispann pa men Nebucadnetsar, wa Babylone nan. 11 Li menm ak pèp li a avè l, pi mechan pami nasyon yo va antre pou detwi peyi a. Yo va rale nepe yo kont Égypte, e plen peyi a ak mò yo. 12 Anplis, Mwen va seche kanal larivyè Nil yo, e vann peyi a pou antre nan men moun mechan yo. Mwen va fè peyi a vin dezole ak tout sa ki ladann pa men etranje yo. Mwen, SENYÈ a, fin pale.” 13 “‘Konsa pale Senyè Bondye a: “Anplis, Mwen va detwi zidòl yo, e fè imaj yo sispann nan Noph. P ap gen prens ankò nan peyi Égypte. Mwen va mete laperèz nan peyi Égypte. 14 Mwen va fè Pathros vin dezole, mete dife nan Tsoan, e egzekite jijman sou Nò. 15 Mwen va vide chalè kòlè Mwen sou Sin, sitadèl a Égypte la. Anplis, Mwen va koupe retire nèt gwo foul Nò yo. 16 Mwen va mete dife an Égypte. Sin va vin tòde ak gwo doulè. No va kraze an mòso, separe. Noph va gen brèch nèt ak gwo twoub chak jou. 17 Jenn mesye a On ak Pi Béseth yo va tonbe pa nepe. Y ap antre an kaptivite. 18 Nan Tachpanès, jounen an va vin fènwa, lè M kraze jouk an fè Égypte la. Nan lè sa a, ògèy pouvwa li va sispann nan li. Yon nwaj va kouvri li, e fi li yo va antre an kaptivite. 19 Konsa Mwen va egzekite jijman sou Égypte. Konsa, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.”’” 20 Nan onzyèm ane, nan premye mwa, nan setyèm jou nan mwa a, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di: 21 “Fis a lòm, Mwen te kase bra Farawon an, wa Égypte la. Gade byen, li pa t velope ak pansman pou l ta geri, ni ak bandaj pou l ta ka vin gen fòs pou kenbe nepe. 22 Konsa, pale Senyè BONDYE a: ‘Gade byen, Mwen kont Farawon, wa Égypte la, e Mwen va kase bra li, ni sa ki gen fòs la ni sa ki kase deja a. Epi Mwen va fè nepe a tonbe kite men li. 23 Mwen va gaye Ejipsyen yo pami nasyon yo e dispèse yo pami peyi yo. 24 Paske Mwen va ranfòse men a wa Babylone nan, e mete nepe Mwen nan men l. Men Mwen va kase bra a Farawon, pou li ka vin plenyen nan gòj devan wa Babylone nan, ak plent a yon nonm ki blese jis a lamò. 25 Konsa, Mwen va ranfòse bra a wa Babylone nan, men bra a Farawon yo va tonbe. Nan lè sa a, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a, lè M mete nepe M nan men a wa Babylone nan, e lè li lonje li kont peyi Égypte la. 26 Lè Mwen gaye Ejipsyen yo pami nasyon yo, e dispèse yo pami peyi yo, alò, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.’”

< Ezekyèl 30 >