< Ezekyèl 15 >

1 Konsa, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di: 2 Fis a lòm, kisa bwa chan rezen fè pou l pi bon pase nenpòt bwa branch lyann yo ki pami pyebwa forè yo? 3 Èske ou ka retire bwa sou li pou fè yon bagay, oswa èske moun ka fè yon kwòk ak li pou pann veso? 4 Si yo te mete li nan dife la pou brile, dife a fin manje de pwent li e mitan an fin boukannen tounwa. Konsa, èske li ka itil pou yon bagay? 5 Gade byen, pandan li an bòn fòm nan, li pa itil anyen. Konbyen anmwens lè dife fin manje li e vin boukannen l tounwa a, pou l ka itil pou fè yon bagay! 6 Pou sa, konsa pale Senyè BONDYE a: “Jan lyann yo pami tout pyebwa forè yo, ke m te bay nan dife pou brile a, se konsa mwen te bay moun ki rete Jérusalem yo. 7 Mwen mete figi M kont yo. Byenke yo te sòti nan dife a, malgre sa, dife a va manje yo. Ou va konnen ke Mwen se SENYÈ a, lè Mwen mete figi M kont yo. 8 Konsa, Mwen va fè tè a vin dezole, akoz yo te aji ak enfidelite,” deklare Senyè BONDYE a.

< Ezekyèl 15 >