< Egzòd 8 >

1 Alò SENYÈ a te di a Moïse: “Ale kote Farawon e di li: ‘Konsa pale SENYÈ a: Kite pèp Mwen an ale pou yo kab sèvi Mwen.
Potem PAN powiedział do Mojżesza: Idź do faraona i powiedz mu: Tak mówi PAN: Wypuść mój lud, aby mi służył.
2 Men si ou refize kite yo ale, m ap frape tout teritwa ou a avèk krapo.
A jeśli będziesz się wzbraniał wypuścić go, oto dotknę żabami wszystkich twoich granic.
3 Nil lan va fòmante avèk krapo ki vin monte antre lakay ou, nan chanm dòmi ou, sou kabann ou, nan kay a sèvitè ou, sou pèp ou a, nan fou ou yo, ak nan veso pou fè pen yo.
Rzeka zaroi się od żab, które wypełzną i wedrą się do twego domu, do twej sypialni, na twoje łoże, do domu twoich sług, między twój lud, do twoich pieców i w twoje dzieże.
4 Epi krapo yo va monte sou ou menm, avèk pèp ou a, avèk sèvitè ou yo.’”
Żaby wpełzną zarówno na ciebie, jak i na twój lud i na wszystkie twoje sługi.
5 Alò SENYÈ a te di a Moïse: “Pale Aaron: ‘Lonje men ou avèk baton ou an sou rivyè yo, sou dlo k ap koule yo, sou ti lak yo, e fè krapo yo vin parèt sou peyi Égypte la.’”
PAN dalej mówił do Mojżesza: Powiedz Aaronowi: Wyciągnij rękę ze swą laską nad rzeki, nad strugi i nad jeziora i sprowadź żaby na ziemię Egiptu.
6 Konsa, Aaron te lonje men l sou dlo Égypte yo, e krapo te vin kouvri peyi Égypte la.
Aaron wyciągnął więc rękę nad wody Egiptu, a żaby wypełzły i pokryły ziemię Egiptu.
7 Majisyen yo te fè menm bagay la avèk metye sekrè pa yo, e te fè krapo yo monte sou peyi Égypte la.
Lecz czarownicy uczynili to samo swoimi czarami i sprowadzili żaby na ziemię Egiptu.
8 Alò, Farawon te rele Moïse avèk Aaron e te di: “Soupliye SENYÈ a pou Li retire krapo yo sou mwen, ak pèp mwen an, epi mwen va kite pèp la ale pou yo kapab fè sakrifis a SENYÈ a.”
Potem faraon wezwał Mojżesza i Aarona i powiedział: Módlcie się do PANA, aby oddalił żaby ode mnie i od mojego ludu, a wypuszczę lud, aby złożył ofiarę PANU.
9 Moïse te di a Farawon: “Desizyon an se pa w: fè m konnen kilè ou ta vle m soupliye pou ou avèk sèvitè ou yo, avèk pèp ou a ke krapo sa yo vin detwi pami nou, ak lakay nou, pou yo kapab vin rete sèlman nan larivyè Nil lan.”
Mojżesz odpowiedział faraonowi: Dam ci ten zaszczyt. [Powiedz], kiedy mam się modlić za ciebie, za twoje sługi i za twój lud, aby wyginęły żaby u ciebie i w twoich domach, [a] zostały tylko te w rzece.
10 Alò li te reponn: “Demen”. Moïse te di: “Selon mo pa w, pou ou kapab konnen ke nanpwen anyen ki tankou SENYÈ a, Bondye nou an,
A [on] powiedział: Jutro. Wtedy [Mojżesz] odpowiedział: [Stanie się] według twego słowa, abyś wiedział, że nie ma nikogo jak PAN, nasz Bóg.
11 Krapo yo va pati kite nou, lakay nou yo ak sèvitè nou yo, ak pèp nou an'. Yo va vin rete sèlman nan larivyè Nil lan.”
Żaby odejdą od ciebie, z twoich domów, od twoich sług i twego ludu, zostaną tylko w rzece.
12 Konsa, Moïse avèk Aaron te sòti devan Farawon, e Moïse te kriye a SENYÈ a, konsènan krapo yo avèk sila li te aflije Farawon yo.
Wtedy Mojżesz i Aaron wyszli od faraona. I Mojżesz zawołał do PANA z powodu żab, które zesłał na faraona.
13 SENYÈ a te fè selon pawòl Moïse la. Krapo yo te mouri nan kay yo, nan lakou yo, ak nan chan yo.
I PAN uczynił według słowa Mojżesza, że żaby wyginęły z domów, ze wsi i z pól.
14 Yo te fè gwo pil avèk yo, e peyi a te vin santi pouriti.
Zbierano je na stosy i ziemia zaczęła cuchnąć.
15 Men lè Farawon te vin wè sa te rezoud, li te fè kè di, e li pa t koute yo, jan SENYÈ a te di a.
Gdy faraon zauważył, że nadeszło wytchnienie, zatwardził swoje serce i nie posłuchał ich, jak PAN zapowiedział.
16 Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Pale Aaron: ‘Lonje baton ou an e frape pousyè tè a, pou li kapab devni ti mouch fen nan tout vale an Égypte yo.’”
I PAN powiedział do Mojżesza: Powiedz Aaronowi: Wyciągnij swoją laskę i uderz pył ziemi, aby zamienił się we wszy na całej ziemi Egiptu.
17 Yo te fè sa; Aaron te lonje men l avèk baton li an, li te frape pousyè tè a, e te vin gen ti mouch fen sou moun, ak sou bèt yo. Tout pousyè tè a te devni ti mouch nan tout peyi Égypte la.
I tak uczynili. Aaron wyciągnął rękę ze swoją laską i uderzył pył ziemi, który zamienił się we wszy na ludziach i na bydle. Wszelki pył ziemi zamienił się we wszy na całej ziemi Egiptu.
18 Majisyen yo te eseye avèk metye maji pa yo pou pwodwi ti mouch fen yo, men yo pa t kapab. Te gen ti mouch yo ni sou moun, ni sou bèt.
Czarownicy czynili to samo swoimi czarami, aby sprowadzić wszy, ale nie mogli. I wszy były na ludziach i na bydle.
19 Alò, majisyen yo te di a Farawon: “Sa se dwat Bondye.” Men kè Farawon te vin di, e li pa t koute yo, jan SENYÈ a te di a.
Wtedy czarownicy powiedzieli do faraona: [To] jest palec Boży. Ale serce faraona pozostało zatwardziałe i nie posłuchał ich, jak PAN zapowiedział.
20 Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Leve granmmaten, e prezante ou devan Farawon, pandan l ap sòti nan dlo a, e di li: ‘Se konsa ke SENYÈ a pale: Kite pèp Mwen an ale, pou yo kapab sèvi Mwen.’”
I PAN powiedział do Mojżesza: Wstań rano i stań przed faraonem, kiedy wyjdzie nad wodę, i powiedz mu: Tak mówi PAN: Wypuść mój lud, aby mi służył;
21 “Paske si ou pa kite pèp Mwen an ale, gade byen, Mwen va voye desann gwo mouch sou sèvitè ou yo, sou pèp ou a, ak anndan lakay ou yo. Kay Ejipsyen yo va vin ranpli avèk desant mouch, ak sou tè kote yo ap viv la.
Bo jeśli nie wypuścisz mego ludu, ześlę rozmaite muchy na ciebie, na twe sługi, na twój lud i na twoje domy. I domy Egipcjan, a także ziemia, na której [są], będą pełne rozmaitych much.
22 “Nan jou sa a, Mwen va mete apa peyi Gosen, kote pèp Mwen an ap viv la, pou desant mouch yo pa rive la, pou ou ka konnen ke Mwen, SENYÈ a sou latè a.
W owym dniu oddzielę ziemię Goszen, w której mieszka mój lud, aby tam nie było rozmaitych much. I poznasz, że ja jestem PAN pośrodku ziemi.
23 Mwen va mete yon divizyon antre pèp Mwen an ak pèp pa w la. Demen sign sa a va parèt.”
Oddzielę [znakiem] odkupienia mój lud od twojego ludu. Jutro ten znak nastąpi.
24 Alò SENYÈ a te fè sa. Te vini gran desant gwo mouch nan kay Farawon an ak kay sèvitè pa li yo, e peyi a te vin devaste akoz desant gwo mouch yo nan tout peyi Égypte la.
I PAN tak uczynił. Rozmaite uciążliwe muchy naszły dom faraona, domy jego sług i całą ziemię Egiptu. [I] ziemia została zniszczona przez rozmaite muchy.
25 Farawon te rele Moïse avèk Aaron. Li te di: “Ale fè sakrifis a Bondye nou an pa anndan peyi a.”
Faraon wezwał wówczas Mojżesza i Aarona i powiedział: Idźcie, złóżcie na tej ziemi ofiarę waszemu Bogu.
26 Men Moïse te di: “Li pa bon pou nou fè sa, paske nou va fè sakrifis a SENYÈ a ki se yon abominasyon pou Ejipsyen yo. Si nou fè sakrifis ki se yon abominasyon pou Ejipsyen yo, èske yo p ap lapide nou avèk kout wòch?
Mojżesz odpowiedział: Nie godzi się tak czynić; bo to, co złożylibyśmy w ofierze PANU, naszemu Bogu, byłoby zgorszeniem dla Egipcjan. A gdybyśmy na oczach Egipcjan złożyli w ofierze to, co jest zgorszeniem, czyż nie ukamienowaliby nas?
27 Nou dwe fè yon vwayaj twa jou nan dezè a, pou fè sakrifis a SENYÈ a, Bondye nou an, jan Li kòmande nou an.”
Pójdziemy w trzy dni drogi na pustynię i złożymy ofiarę PANU, naszemu Bogu, jak nam rozkaże.
28 Farawon te di: “M ap kite nou ale, pou nou kapab fè sakrifis a SENYÈ a, Bondye pa w la nan dezè a; men nou p ap prale lwen. Priye pou Mwen.”
Faraon odpowiedział: Wypuszczę was, abyście mogli złożyć ofiarę PANU, waszemu Bogu, na pustyni, tylko nie oddalajcie się zbytnio. Wstawcie się też za mną.
29 Alò, Moïse te di: “Gade byen, Mwen ap sòti devan ou, mwen va priye a SENYÈ a pou desant mouch yo sòti sou Farawon, sou sèvitè li yo, ak sou pèp li a demen; men pinga kite Farawon aji an desepsyon ankò pou refize kite pèp la ale pou fè sakrifis a SENYÈ a.”
Mojżesz powiedział: Wychodzę od ciebie i wstawię się za tobą u PANA, aby rozmaite muchy odeszły jutro od faraona, od jego sług i od jego ludu. Tylko niech faraon już więcej nie oszukuje, nie chcąc wypuścić ludu, by złożył ofiarę PANU.
30 Alò, Moïse te sòti devan Farawon, e li te priye a SENYÈ a.
Mojżesz wyszedł więc od faraona i wstawił się u PANA.
31 SENYÈ a te fè jan Moïse te mande a, Li te fè desant gwo mouch yo vin disparèt sou Farawon, sou sèvitè li yo, ak sou pèp li a. Pa t gen youn ki te rete.
I PAN uczynił według słowa Mojżesza, i oddalił rozmaite muchy od faraona, od jego sług i od jego ludu. Nie została ani jedna.
32 Men Farawon te andisi kè l fwa sa a ankò, e li pa t kite pèp la ale.
Jednak faraon i tym razem zatwardził swe serce i nie wypuścił ludu.

< Egzòd 8 >